Episodes
Tuesday Jan 14, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 14 janvye 2025
Tuesday Jan 14, 2025
Tuesday Jan 14, 2025
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Liy ouvè; Anons...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Altagracia pale ak Djovany Ocean ki se yon pitit Ayisyen ki fèt nan zòn Puerto Plata nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Mannigèt Repibliken yo nan Kongrè Meriken an pou fasilite pwojè Donald Trump pou depòte imigran san papye deja derape
-Apre Gouvènman peyi Tchad yo te koupe akò militè yo ak Lafrans 28 novanm 2024, yè 13 janvye a sòlda Franse koumanse ap bay talon yo nan peyi Chad
-Mannèv ap kontinye pou libere moun ki nan prizon ann Ayiti pou sasinay Jovenel Moise; Mannigèt pou leta Ayisyen ta renmèt Gustavo Petro 17 Kolonbyen yo semèn pwochèn pou l tounen lakay li ak yo
-Lakou Siprèm nan eta New Hampshire di moun yo k te ouvè banyè k make "Keep New England White" yo te nan dwa yo
-Depatman Lajistis Meriken pibliye yon pati nan dosye "Special Counsel" Jack Smith sou dosye 6 janvye Donald Trump lan
-Zafè mete 13 milyon imigran san papye deyò Ozetazini an tounen yon veritab dilèm pou otorite peyi a
-Pentagòn anonse 6 janvye k sot pase a Etazini lage 11 Yemeni li te kidnape epi kenbe nan prizon nan Guantanamo Bay nan Kiba san okenn akizasyon yo
-Repiblik Dominikèn anonse li vann $900 milyon "bagay" ann Ayiti pandan ane 2024 la
-Arestasyon Magalie Habitant ak Prophane Victor
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.