Episodes

Tuesday Feb 13, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 13 fevriye 2024
Tuesday Feb 13, 2024
Tuesday Feb 13, 2024
Nouvèl; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia; Nouvèl; Lawont pou Moise Jean-Charles ki anonse alyans ak asasen kriminèl Guy Philippe; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl:
-Venezyela mobilize sòlda li sou fwontyè ak Giyàn
-Etazini ap òganize yon reyinyon sou Ayiti nan Brezil pou l wè si l a ranmase lajan Kenya a
-Martine Moise mete yon deklarasyon 7 fevriye pou pèp Ayisyen an
-"life sentence" pou enfòmatè DEA Joseph Vincent nan sasinay Jovenel
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph depi Repiblik Dominikèn
Refleksyon nou sou Moise Jean-Charles ki anonse yon alyans "konjonktirel" ak asasen kriminèl Guy Philippe
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Senatè Meriken Ron Johnson ak bizismann Elon Musk deklare pa gen jou pou Larisi ta pèdi yon lagè anfas Ikrèn
-Jij Scott McAfee nan Fulton County anonse l ap fè yon jijman pou konnen si l ap diskalifye DA Fanni Willis nan dosye Donald Trump lan
-Tribinal nan peyi Laholann di gouvènman peyi a pa gen dwa vann Izrayèl pyès pou avyon F35 pou l pa konplis nan krim y ap fè kont Palestinyen yo
Anons
No comments yet. Be the first to say something!