Episodes

Wednesday Dec 14, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 13 desanm 2022
Wednesday Dec 14, 2022
Wednesday Dec 14, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Aktivite anyèl KOMOKODA 16 desanm 2022
Ti koze ak konpatriyòt Kafenòl nan Montreal sou manifestasyon ki te fèt kont aktivite ti vòlè apatrid Claude Joseph dimanch swa
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Òganizasyon Panamerikèn Lasante debake plis pase yon milyon dòz vaksen kont kolera nan peyi DAyiti
-Prezidan peyi Pewou ki nan prizon plibliye yon lèt bay pèp Pewou a pou l di yo kenbe djanm nan rezistans epi limenm li pa p renonse ak manda li
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Yon delegasyon depite Ameriken ki manm Pati Demokrat la fè yon kout pye nan peyi Kiba
-Biwo Suivi Akò Montana di sanksyon entènasyonal yo bon men fòk gwo peyi yo bay prèv ki ka kenbe nan tribinal; Pou ki sa nou kontinye ap tann se lènmi nou ki pou louvri chimen lit nou
Liy ouvè ak oditè yo
No comments yet. Be the first to say something!