Episodes

3 days ago
3 days ago
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Ti koze ak Darnell Benoit, Flanbwayan sou Ti Mache y ap òganize fen mwa a; Nouvèl; Ti koze ak frè nou Dr. Asselin Charles sou travay Franketienne; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia Jean Joseph; Liy ouvè; Anons...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Ti koze ak Darnell Benoit, reponsab nan Flanbwayan Haitian Literacy Project sou "Ti Mache" y ap òganize nan lokal Flanbwayan an, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan, samdi 29 mas ak samdi 5 avril 2025, midi pou 6pm
Nouvèl:
-Enstiti Statistik ak Enfòmatik finalman pibliye yon rapò sou kantite Ayisyen ki nan peyi a, malerezman se yon lòt "estimasyon", kidonk aktivite ti komik
-Ak yon manda Tribinal Penal Entènasyonal peyi Filipin arete ansyen prezidan yo Rodrigo Duterte pou krim kont limanite
-Tulsi Gabard ki se responsab Sèvis Entelijans Nasyonal Etazini anonse li revoke lese pase yon pil ansyen gwo bwa nan gouvènman Meriken an enkli Joe Biden ak Anthony Blinken te genyen pou yo fouye nan enfòmasyon sekrè peyi a
-Ekip Gwo Moso a arete etidyan Columbia University Mahmoud Khalil pou solidarite li ak pèp Palestinyen an
Ti koze ak frè nou Dr. Asselin Charles ki tradui liv Franketienne Dezafi ak Pèlen Tèt nan lang Angle sou jan li konprann travay Franketienne; Nou li yon pati nan vèsyon Kreyòl liv Dezafi
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia Jean Joseph
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.