Episodes

Tuesday Feb 11, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 11 fevriye 2025
Tuesday Feb 11, 2025
Tuesday Feb 11, 2025
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Emisyon espesyal sou malfezans Meriken fè lakay nou atravè USAID epi pou ede Ayisyen konprann ekip Trump lan ap kraze bwat fatra sa a paske pou yomenm li ta dwe fè plis mal toujou; Nouvèl; Liy ouvè; Anons...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou analiz tèt bòbèch "ekonomis" Etzer Emile sou dola senkant dyaspora a Martelly ak tout dirijan pèpè nou yo ap vòlè depi 2011 jouk jodi a:
https://vantbefinfo.com/haiti-quel-impact-du-prelevement-de-1-50-sur-les-transferts-internationaux/
Ti bout nan yon emisyon Radio Sans Fin sou fason USAID detwi pwodiksyon yanm nan zòn Nò ak Nòdwès peyi a
Nouvo kòmantè sè nou Florence Bonhomme Comeau k ap klarifye rezon k fè okenn Ayisyen pa ta dwe doute malfezans Meriken ap fè lakay nou epi sou latè atravè USAID
Emisyon Wilky Toussaint sou fason "èd entènasyonal" la kenbe peyi "pòv" y nan povrete (USAID)
https://www.youtube.com/watch?v=K0I10_IxT1o
Nouvèl:
-Ekip Trump lan pase Depatman lajistis Meriken lòd pou li wete tout dosye kriminèl ki nan tribinal kont majistra NY la Eric Adams pou sèvis li rann ekip la
-Jounalis Marie Lucie Bonhomme Opont ta fè yon "stroke" maten an ki voye l lopital; Premye rapò yo di kondisyon sante li amelyore
-Putin lage pwofesè Meriken Marc Fogel Larisi te arete nan mwa out 2021 paske l t ap rantre nan peyi sila a ak mariwana; Bri ap kouri se ta negosyasyon Trump ak Putin sou dosye Ikrèn nan k ap suiv chimen li
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.