Episodes

Tuesday Jun 10, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 10 jen 2025
Tuesday Jun 10, 2025
Tuesday Jun 10, 2025
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Dyalòg ak Jean Paul Spence sou doub nasyonalite; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Leve kanpe kont Trump ak ICE nan diferan eta Ozetazini; Trump meta Gad Nasyonal ak militè nan lari Los Angeles
-Gouvènman Angletè mete sanksyon sou 2 minis nan gouvènman Israel pou masak k ap fèt nan Gaza a
-Atik Rezo Nòdwès sou koripsyon nan Fon Nasyonal Edikasyon an ann Ayiti: Mwa jen 2025 la fè 14 lannen depi vòlè yo ki gen kontwòl leta Ayisyen an yo mete kouto anba gagann dyaspora a pou yo souse dola senkant ak 5 santim chak minit la
-Lame Israel pran kontwòl bato "Gaza Freedom Flotilla" ki t ap pote sipò pou Palestinyen yo nan Gaza; Yo arete aktivis yo k te nan batiman an, fòse yo gade yon fim pwopagann Israel fè sou atak Hamas 7 oktòb 2023 la, epi pimpe yo tounen nan peyi yo
Dyalòg ak frè nou Jean Paul Spence sou pwoblèm ak doub nasyonalite ann Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
No comments yet. Be the first to say something!