Episodes

Monday Jun 09, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 9 jen 2025
Monday Jun 09, 2025
Monday Jun 09, 2025
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Plis Ti komik Kemi Seba pale, se plis li ekspoze konplisite li ak gang yo; Lari Etazini ap leve kanpe kont Trump ak ICE; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Refleksyon nou sou mesaj Kemi Seba (Stellio Gilles Robert Capo Chichi) lage samdi a kote l ap di se medizan malpalan Ayisyen k ap mete mo nan bouch li kòmkwa li ta pran defans gang; Plis mouche enfliyansè a bat djòl li se plis li li ekspoze konplisite li ak gang yo
Trip kabrit ap pete plizyè kote Ozetazini: Leve kanpe kont Trump ak ICE
Nan New York la ti chen k rele Eric Adams majistra lavil la voye NYPD al pwoteje ICE; Madichon pou 2 restavèk yo, Rodneyse Bichotte ak Al Sharpton, ki te pran defans Adams lè yo te mande gouvènè NY la pou l pa t revoke l
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
No comments yet. Be the first to say something!