Episodes
Monday Dec 09, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 9 desanm 2024
Monday Dec 09, 2024
Monday Dec 09, 2024
Konbit pou oditè yo kore emisyon Eritye Papa Desalin; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl
-Gouvènman Bashar al Assad nan Siri a tonbe tèlman vit tout moun sezi; Msye ak fanmi li jwenn azil Larisi
-Demokrat nan tou 2 chanm lejislati Meriken an ap prezante pwojè lwa pou yo redui manda jij nan Lakou Siprèm yo a 18 lannen
-Medya Meriken an ak medya nan peyi Meksik anonse anpil Migran san papye ki Ozetazini oswa k te nan wout pou Etazini deside pran wout tounen lakay yo
-Konsèy Minisipal Los Angeles vote pou fè vil sila a vin yon vil "Sanctuary"
-Federal Meriken enkilpe plisyè gwo bwa nan lapolis Bahamas pou koze dwòg; Chèf lapolis la bay demisyon l
-Tribinal nan NY la anonse Daniel Penny inosan nan lanmò Jordan Neely, msye te touye ak yon kle kou nan yon tren nan Brooklyn nan nan mwa me 2023
-Bri kouri kòmkwa ta gen 20 nan 400 polis Kenya ki ann Ayiti yo ki demisyone; chèf yo di se pa vre
-FAD'H pibliye yon nòt pou demanti yo ta renmèt Anbasad Meriken 2 manm gang teworis Viv Ansanm-Kraze Baryè yo te arete vandredi a
-American Airlines anonse li pa p tounen Ayiti menm si ayewopò Tousen Louvèti a relouvri an fevriye
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.