Episodes
Monday Jul 05, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 5 jiyè 2021
Monday Jul 05, 2021
Monday Jul 05, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Yè se te 4 jiyè 2021, Etazini ak patizan li yo t ap fete 245yèm anivèsè peyi a; Rès mond lan make 245 lannen jenosid popilasyon yo, esklavaj, piyaj resous yo ak kadejak anba grif zwazo bèk fè a ak tout enpinite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 2 jiyè 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou rann yon omaj pou Vanyan Kwame Ture (Stokely Carmichael) ki ta gen 80 lannen 29 jen k sot pase a si l te la toujou ak nou; Nou pase ti moso nan yon pawòl li te pale sou enpòtans Ayiti pou liberasyon mond Panafrikèn nan
Nouvèl:
-Ak tout resous ki nan men yo, Biwo Eleksyon lavil NY panko ka bay rezilta eleksyon 22 jen yo ak transparans
-Biwo Federal FEMA deside fè ajisteman pou fasilite plis moun ki te antere yon fanmi k te mouri akoz kovid la Ozetazini jwenn lajan yo te depanse pou lantèman an
-Masak sou masak nan zòn Pòtoprens lan; Fondasyon Je Klere di plis pase 60 moun mouri nan dènye semèn mwa jen an
-Bagay la cho pou Meriken nan Afghanistan; Sanble yo pa p rive kenbe jiska dat 11 septanm yo t ap pale a
Ranmase sou manifestasyon KOMOKODA te fè jedi pase devan Bentley's Nightclub kote yo anonse Martelly pral jwe bal samdi 10 jiyè k ap vini an; Mobilizasyon pou manifestasyon jedi 8 jiyè devan biznis sila a pou n rive fè yo anila bal la
Ayibobo pou endijèn yo nan Manitoba ansanm ak alye yo ki te manifeste pandan "Canada Day" jedi Premye jiyè a kote yo rive kapote yon estati rèn Victoria ak rèn Elizabeth
Liy ouvè ak oditè yo
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.