Episodes

Monday Jan 04, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 4 janvye 2021
Monday Jan 04, 2021
Monday Jan 04, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo: Tout sa ki fè ane 2020 an ak nou epi k ap louvri 2021 an ak nou jodi a
Ayibobo pou tout fanmi ki te patisipe nan selebrasyon 217yèm anivèsè Endepandans Ayiti a ak nou ak tout sa k te pote yon kontribisyon pou fè aktivite a yon pi bèl aktivite
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse pou Madi pwochen 12 janvye devan Fondasyon Clinton pou n kontinye lonje dwèt sou yo pou lajan Goudougoudou a yo vòlè epi apatrid Martelly ak Jovenel yo enpoze alatèt peyi nou
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi Premye Janvye 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou salye 4 lòt peyi yo ki te selebre Endepandans yo Premye Janvye a: Soudan (65 an), Kiba(62 an), Kamewoun (61 an), ak Brine (37 an)
Nouvèl:
-Jij Vanessa Barritser nan Angletè deside peyi li pa dwe voye Julian Assange vin jije Ozetazini
-Moun lapolis pa rive idantifye vandalize papòt alatèt Chanm Sena Meriken an Mitch McConnell ak alatèt Chanm Depite a Nancy Pelosi
-Alatèt "Operation Warpspeed" Mezon Blanch Meriken an fè konnen yo pral divize dòz vaksen Moderna a amwatye pou plis moun ka jwenn ti kal; Ajans Medikal ak Biyolojik Federal nan Larisi anonse li kreye yon antidòt pou Kovid-19 la ki jiskaprezan parèt 99% efektif
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.