Episodes

4 days ago
4 days ago
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Konbit mitan ane Eritye Papa Desalin; Rapò ak son manif D12 Movement nan Brooklyn nan; Rapò ak son manif KOMOKODA devan Konsila Ayiti nan Manhattan; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin; Remèsiman espesyal pou fanmi yo ki fè bèl jès solidarite nan kad Konbit Mitan ane 2025 lan n ap fè pou bouske travay la
-Ekip Trump lan anonse TPS pou Ayisyen ap fini 3 out 2025 epi rive 2 septanm 2025 fòk tout 510,000 Ayisyen ki gen TPS yo bay talon yo
Rapò ak son manifestasyon December 12th Movement nan Fulton ak Nostrand nan Brooklyn nan samdi 28 jen 2025 pou eankouraje kominote Nwa Meriken an kanpe ak imigran Trump ap pèsekite yo
Rapò ak son manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Ayiti Manhattan vandredi 27 jen 2025
Tristès pou nou wè jan Fayette renmèt chat mimi Gerald Gilles mikro "Haiti Premiere Classe" pou l betize ak figi kominote a
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Administrasyon Chanm Depite Meriken an mande pou tout anplwaye ki gen yon aparèy kominikasyon leta nan men yo sispann sèvi a app WhatsApp akoz fay sekirite ki genyen nan sistèm sa a
-Manifestasyon kontinye pi rèd nan Kenya pou dechouke restavèk William Ruto; Ruto ekri Nasyonzini pou anonse li pare pou l vag dosye Ayiti a si zafè kòb la pa regle
-Ekip Trump lan menase pou Etazini kite OEA si dosye Venezyela a ak dosye Ayiti a pa regle nan satisfaksyon yo
-CNN anonse li gen 2 sous kredib ki fè l konnen ekip Trump lan ap planifye yon mannèv pou elimine aplikasyon azil jiska 250,000 imigran san yo pa parèt devan jij imigrasyon
-Tchoul restavèk Trump ki rele Eric Adams anonse kandidati li pou yon dezyèm kou kòm majistra lavil NY
-Zhoran Mamdani te pase salye kominote Ayisyen an nan konsè Michael Brun nan Brooklyn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
No comments yet. Be the first to say something!