Episodes

Monday Mar 03, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 3 mas 2025
Monday Mar 03, 2025
Monday Mar 03, 2025
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Ki lè n ap sispann mouri nan lanmè, nan janbe fwontyè ap chache lavi miyò? Levanjil Liberasyon ak Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Ti koze sou maspinay ak sasinay lapolis ak Mèt Bano; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ki lè n ap sispann mouri nan lanmè, nan janbe fwontyè ap chache lavi miyò?
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak Mèt Bano (Ernest Banatte) sou aktivite ki fèt nan Brooklyn nan samdi a pou manje jistis pou Eudes Pierre, yon jèn gason 26 lannen ki te gen twoub mantal epi lapolis te touye li 20 desanm 2021
Nouvèl:
-Ekip Gwo Moso a mande IRS pou ba yo aksè ak non ak adrès 700,000 imigran ki pa genyen rezidans men y ap travay epi yo peye enpo yo
-Malgre sitiyasyon ensekirite nan peyi nou, kanaval bouyi Jakmèl, Okap, Miami ak plizyè lòt kote
-Lapolis lage bonb sou kanaval asasen teroris Izo nan Vilaj Dedye
-Gwo Moso ak vis prezidan li JD Vance avili Zelensky nan mezon blanch vandredi k sot pase a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.