Episodes
![Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 3 fevriye 2025](https://pbcdn1.podbean.com/imglogo/ep-logo/pbblog736162/2-3-25_Ti_komik_Leslie_Voltaire-idblfln_300x300.jpg)
Monday Feb 03, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 3 fevriye 2025
Monday Feb 03, 2025
Monday Feb 03, 2025
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Mobilizasyon kont politik imigrasyon rasis Donald Trump yo; Levanjil Liberasyon ak Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Jenosid nan peyi Kongo; Leslie Voltaire depale anba kleren "Be Cool"; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon kont politik imigrasyon rasis Donald Trump yo deklenntche atravè Etazini; jodi a se jou anpil òganizasyon k ap defann imigran deside deklare 'Yon jounen san imigran"
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Piyaj resous natirèl peyi Congo pou zòt ka jwi lakòz sasinay plis pase 6 milyon Kongolè depi 1996
Leslie Voltaire "Preyidan ti komik" bay peyi a rapò vwayaj li nan Vatikan kote l di nou li pike yon estati Nòtredam Pèpetyèl Sekou nan lakou Vatikan an epi li lapriyè nan pye manzè pou l fè yo mirak pou wete gang teworis yo nan peyi a
Nan entèvyou li ak televizyon Lafrans Preyidan Leslie di yo li swete referanndòm ak eleksyon pral rive fèt nan 8 nan 10 depatman peyi a ki pa gen gang yo
Komite ekzekitif Fanmi Lavalas pibliye yon nòt pou laprès kote yo di Leslie Voltaire ak 8 lòt ti komik parèy li pou sispann ranse ak pèp Ayisyen an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.