Episodes

Monday Jan 25, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 25 janvye 2021
Monday Jan 25, 2021
Monday Jan 25, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 22 Janvye 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl
-Gouvènman Meriken an rapòte 46% moun ki te vote nan eleksyon mwa novanm nan te vote atravè lapòs; Jodi a konpayi Amazon di li pa p aksepte vòt anplwaye li yo ki deside rantre nan sendika paske li pa kwè vòt ki fèt nan lapòs pa gen sekirite
-Nouvo Sekretè Deta Meriken nan gouvènman Joe Biden nan anonse pou yomenm menm jan ak Donald Trump se Juan Guaido ki prezidan Venezyela epi y ap kontinye rekonèt Jerizalèm kòm kapital Izrayèl
-Se aswè a Chanm Depite Meriken an pral pote dokiman "impeachment" Donald Trump lan bay Chanm Sena a pou yo ka koumanse jijman msye
-Lakou Siprèm Etazini voye jete akizasyon ki ta di Trump te pwofite pozisyon li kòm prezidan Etazini pou l fè lajan; Pou di yo tout pa fè menm sa yo akize Trump lan?
-Sòlda gad nasyonal Meriken yo te mete deyò nan Capitol la remèsye Trump dèske l te envite yo ale nan otèl li gratis ti cheri
-19 Migran Ayisyen ateri nan Boynton Beach nan Florid, tou pre kay Trump nan Mar-a-Lago
-FIFA enstale Michaelle Jean alatèt yon komisyon ki ta dwe mete lòd nan Federasyon Foutbòl Ayisyen an
-Jimmy Cherizier ak G9 manifeste nan Lasalin ak Site Solèy devan je lapolis ki pa bay gas epi yo pa tire katouch
Liy ouvè ak oditè yo
Ti detay sou padon ak komitasyon yon prezidan Meriken andwa bay ak ki lès nan yo ki siyen pi plis
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.