Episodes

4 days ago
4 days ago
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Konbit mitan ane Eritye Papa Desalin; Nou salye ti frè nou Esau Jules ki nan stidyo a ak nou; Tazini lage gwo bonb sou Iran; Eleksyon nan New York la demen; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nou kontinye dyalòg la ak Esau; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin; Remèsiman espesyal pou fanmi yo ki fè bèl jès solidarite nan kad Konbit Mitan ane 2025 lan n ap fè pou bouske travay la
Nou salye ti frè nou Esau Jules, manm MOLEGHAF ki nan stidyo ak nou
Lame Meriken voye 7 avyon al lage gwo bonb sou peyi Iran; Epi...
Demen madi a se eleksyon chak pati politik yo k ap fèt divès kote Ozetazini; Nou ankouraje oditè yo chanje chemiz pou moun ki swe pou nou epi sitou nan kad sistèm "Rank Choice Voting" nan pa mete non okenn vakabon kadejakè jenosidè nan biten vòt nou
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Dyalòg ak Esau sou reyalite peyi a; koze dyalòg ak gang teworis; Kemi Seba; Pou ki sa MOLEGHAF te rale kò l nan Akò Montana a; Koze Haiti Liberté k ap chache fè gang teworis pase pou revolisyonè; Konstitisyon pa bannann ak eleksyon pike kole
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
No comments yet. Be the first to say something!