Episodes

3 days ago
3 days ago
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; 20 avril 1990; Rapò ak son manifestasyon k te fèt devan Konsila Dominiken an Vandredi k sot pase a; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Gouvènman Dominiken an anonse apati jodi a y apral mete moun ap kontwole Ayisyen k al pran swen nan lopital Dominiken
Li lè li tan pou n kanpe yon gouvènman tout bon lakay nou; Yonn k ap asire sekirite teritwa a ak byenèt pèp Ayisyen an
20 avril 1990 - 20 avril 2025: 35 lannen depi Ayisyen nan zòn NY la te kanpe pou lave non nou nan koze SIDA a
Nouvèl:
-Samdi 19 avril la yon lòt fwa ankò se te gwo manifestasyon kont politik Trump lan atravè Etazini
-Pap Franswa fè travèse li jodi a
-Lapolis lakay nou fè gwo atak sou teworis Viv nan San yo epi yo menm tou yo kontinye fè masak sou polilasyon an
-Reparasyon ak Restitisyon
-Senatè Maryland Chris Van Hollen vwayaje ale El Salvador pou l al vizite imigran Meriken Kilmar Abrego Garcia nan prizon CECOT la kote Trump te voye l nan move kondisyon; Senatè Minnesota Klobukar mande pou tribinal deklare Trump nan konfli ak lalwa; Prezidan Bukele nan El Salvador ofri Prezidan Maduro nan Venezyela pou l boukante 252 "prizonye politik" pou 252 Venezy
-Yon blan ak mask nan figi vòlè bous Minis Homeland Sekirite Meriken an Kristi Noem ki te gen $3,000 cash ak tout dokiman li ladan l
Rapò ak son manifestasyon Vandredi 18 avril devan Konsila Dominiken nan Manhattan
Mobilizasyon pou manif KOMOKODA pral fè Mèkredi 23 avril la, 3pm-6pm devan Konsila dominiken nan Manhattan nan
Liy ouvè ak oditè yo
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.