Episodes

Monday Jun 20, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 20 jen 2022
Monday Jun 20, 2022
Monday Jun 20, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 17 jen 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Ansyen geriya lagoch Gustavo Petro ak militan Afro-feminis Francia Marquez rapòte laviktwa nan dezyèm tou eleksyon pou prezidan ak vis prezidan peyi Kolonbi
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak Roosevelt Renois "Coach Rossy" sou pwogram foutbòl "Soccer for All" k ap fèt pou timoun 5an rive 17an nan Canarsie pandan ete a
Nouvèl:
-Inondasyon nan Gonayiv ta lakòz jiska 3000 fanmi nan lari 2 bra balanse
-Nou salye fanmi nan Brockton, MA yo ki reyise bloke bal Martelly ki te anonse nan zòn sa a pou 2 jiyè
-Pil reyinyon nan Nasyonzini pou zòt rive nan pwolongasyon misyon BINUH nan peyi nou
Bri k ap kouri nan lari a kòmkwa Core Gwoup ta ofri Prezidan Aristide pouvwa tranzisyon pou 2 lannen; Manifestasyon anfavè Prezidan Aristide kòm Prezidan pwovizwa nan vil Okay; Nòt pou laprès Fanmi Lavalas ki salye manifestan Okay yo epi ki mande rès peyi a leve kanpe
Liy ouvè ak oditè yo
No comments yet. Be the first to say something!