Episodes

Monday Aug 02, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 2 out 2021
Monday Aug 02, 2021
Monday Aug 02, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Finalman Gouvènman Meriken an mete enfòmasyon piblik pou nouvo TPS pou Ayisyen ki Etazini san papye epi yo avanse dat pou moun ki elijib pou aplike yo pou jedi 29 jiyè 2021
Jodi a se fèt manman m Yole, Nou salye l epi swete l sante, sante, sante
Nou salye sè nou Ezili Dantò ki te selebre anivèsè nesans pa li yè dimanch Premye out la. Limenm nou swete l sante, sante, sante
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 30 jiyè 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Otorite nan Repiblik Dominikèn fè konnen maladi fyèv pòsin atake kochon nan 2 diferan pwovens nan peyi sila a
-Gwo manifestasyon pete nan plizyè peyi Ewopeyen ak Izrayèl kont mannèv pou separe moun ki pran vaksen ak moun ki pat pran vaksen
-Komisyon kap chache solisyon Ayisyen nan kriz peyi a pibliye sa yo rele "Accord de Montana" Jedi 29 jiyè a kote yo pwopoze yon Konsèy Nasyonal Tranzisyon 14 manm pou dirije peyi annatandan eleksyon
-Martine Moise bay New York Times yon entèvyou kote l bay vèsyon pa li sou sa k te pase nan nuit sasinay Jovenel Moise la; Li tou pwofite anonse kandidati li pou la prezidan peyi a pou l "pousuiv rèv ak vizyon" ti vòlè asasen apatrid ki te mari l la
-Avoka de Defensoria de pueblo Colombia ansanm ak reprezantan Ministè Zafè Etranjè Kolonbi te gen chans vizite 18 Kolonbyen lapolis te arete pou sasinay Jovenel Moise yo
-Taliban yo kontinye ap vale teren nan Afghanistan
Liy ouvè ak oditè yo
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.