Episodes

5 days ago
5 days ago
Emisyon espesyal: Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Nou jete dlo pou sè nou Martha "Tita" St Clair ki fè travèse li samdi a; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Pawòl Bosal 31 me 2025 la ak frè nou Manno Louizaire; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Dominiken, 3pm-6pm, mèkredi 4 jen 2025 lan: 1501 Broadway, 43rd & 7th Ave nan Manhattan
Nou jete dlo pou bon zanmi nou, fanmi nou Martha "Tita" St Clair fè travèse li samdi 31 me 2025 lan
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-NY Times rapòte restavèk lakay nou yo siyen yon kontra sekirite ak chèf mèsenè Erik Prince; Nou pase vwa menm Erik Prince sa a k ap mande yon rekolonizasyon kontinan Afriken an ak Amerik Latin nan
-Lakou Siprèm Etazini kase desizyon jij federal Indira Talwani sou "Pwogram Biden" nan epi bay gouvènman Trump la lese pase pou depòte moun ki te rantre nan pwogram sa a pandan dosye a ap kontinye plede nan tribinal
Emisyon Pawòl Bosal 31 me 2025 ak frè nou Manno Louizaire
Liy ouvè ak oditè yo
Prezidan Kenya a William Ruto pa jennen prezante gwo omaj pou ekriven aktivis Kenya Ngugi wa Thiong'o pou l wè si l a va fè kèk moun bliye tout kritik Ngugi te fè sou li kòm tchoul restavèk Meriken
Anons
No comments yet. Be the first to say something!