Episodes

Monday Jan 18, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 18 janvye 2021
Monday Jan 18, 2021
Monday Jan 18, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye memwa Vanyan Martin Luther King, Jr.; Jodi a se jou Gouvènman Etazini chwazi pou salye travay li ak yon jou ferye
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 15 Janvye 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou jete dlo pou frè nou Ougan Jean Jacques Dieudonné ki fè travèse li Vandredi k sot pase a nan Miragwàn
Nouvèl:
-Konsèy elektoral nan peyi Ougannda deklare ansyen prezidan an Yoweri Museveni ranpòte kichòy la ak prèske 60% vòt yo
-Alatèt Meksik, Almay, Lafrans, ak Lapolòy di li pa nòmal ke yon gwoup konpayi prive rive fèmen bouch prezidan Etazini an
-Konpayi Whatsapp deside ranvwaye nouvo regleman pou l ta pataje enfòmasyon prive abone li yo ak Facebook ak Instagram pou 15 me 2021 olye de 8 fevriye 2021
-Jedi swa, Joe Biden ki pral monte kòm 46yèm prezidan Etazini, prezante peyi li plan ekonomik li pral pwopoze pou fè fas kare ak kowonaviris la
-Pawòl ap pale nan lari a sou dekrè ak pwojè lwa sou imigrasyon ak plizyè lòt dosye Joe Biden ta va gen pou pouse osito l pran pouvwa a
-Dènye nouvèl nan koze "impeachment" Donald Trump lan
-Konferans òganizasyon dyaspora Ayisyen an nan Petyonvil "Nou ladan l tou" pou yo rantre nan koze
KOMOKODA mande kominote a mete dat 6 fevriye 2021 nan kalandriye li pou n al manifeste kont Jovenel Moise ak mèt ke li yo
Liy ouvè ak oditè yo
Comments (1)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
mwen Compas jean philippe map swiv nou depi Boston masachosèt.M swete nou bon kouraj nan batay la ,e m vle mete nan lit la tou .
Tuesday Jan 19, 2021
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.