Episodes

Monday May 17, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 17 me 2021
Monday May 17, 2021
Monday May 17, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Randevou 7pm jedi 20 me nan Flanbwayan, 206 Parkside pou n al bwase koze sou Konsititisyon 1805 lan
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste jedi 27 me, 3pm-6pm devan Konsila Kanada nan NY la: 466 Lexington Avenue, ant 45yèm ak 46yèm Streets nan Manhattan
Refleksyon nou sou manifestasyon nou te patisipe nan òganize Vandredi pase a devan lekòl P.S. 361 nan Nostrand Ave ak Farragut Rd. pou n goumen pou jistis pou jèn Romy Vilsaint
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 14 me 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak 2 manm Kowalisyon Ayisyen nan Canada kont Diktati ann Ayiti Catherine Buteau ak Renel Exantus sou òganizasyon an epi mobilizasyon yo fè yè pou denonse rejim PHTK a
Nouvèl:
-Israel ap pousuiv jenosid li sou pèp Palestinyen an ak tout enpinite
-Lame Dominiken rantre soti sou teritwa Ayiti a, vole avyon dwo-n sou teritwa nou jan yo pito
-Yon lòt fwa ankò konpayi Facebook fè bak sou delè yo te bay pou tout moun k ap sèvi ak Whatsapp siyen yo dakò ak nouvo regleman konpayi a
-Gwo mobilizasyon nan Colombia pou kontre represyon ekstrèm dwat Prezidan Ivan Duque a
-Eleksyon nan Chile pou pèp la chwazi 155 reprezantan ki pral pwopoze peyi sa a yon nouvo konstitisyon
-Chile anonse yon delè 150 jou pou l depòte tout imigran k ipa mete papye yo nan lòd
-Kònòsò yo akize "Darkside" kòmkwa se li k ta hijack sistèm konpitè Colonial Pipeline
Liy ouvè ak oditè yo
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.