Episodes

Monday May 15, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 15 me 2023
Monday May 15, 2023
Monday May 15, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou salye frè nou Joe Rebecca, ansyen etidyan Stony Brook epi manm Klib Ayisyen Stony Brook menm epòk nou te nan lekòl sila a ki te selebre 60yèm anivèsè nesans li samdi swa
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA mèkredi 17 me, 10am devan Columbia University pou pwoteste kont prezans Hillary Clinton kòm pwofesè nan lekòl sa a
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Larisi selebre jou viktwa sou Lalmay nan sa yo rele 2yèm lagè mondyal la
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Afrik Disid denonse lagè pwopagann Etazini ak bizawèl li yo
-Minis Jistis Etazini Merrick Garland anonse l ap kòmanse voye lajan Larisi ak Sitwayen Ris Etazini sezi bay Ikrèn pou yon fè travay rebati peyi sa a
-Bagay la toujou konplike pou ti bank yo Ozetazini #8
-Yon jij federal nan Florid bloke politik rejim Biden nan pou lage refijye k ap rantre sou fwontyè Sid la apre Title 42 a san randevou tribinal #9
-Rezilta eleksyon ki fèt nan Tiki yè dimanch la yo; Prezidan aktyèl la Recep Tayyip Erdongan ak kandida ki soti annapre li nan eleksyon an, Kemal Killiçdaroglu prale nan 2yèm tou 28 me k ap vini an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.