Episodes

Monday Jul 14, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 14 jiyè 2025
Monday Jul 14, 2025
Monday Jul 14, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Anons; Ti koze ak frè nou Ezayi sou mobilizasyon MOLEGHAF pandan wikenn nan; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Jij Joseph LaPlante nan New Hampshire deside sèvi ak yon "Class Action Lawsuit" pou bloke pwojè ekip Trump lan pou anile "Birthright Citizenship"
-Attorney general divès eta asiyen gouvènman Trump lan pou fason ICE ap ranmase moun nan lari a
Dat mobilizasyon nou mande kominote a mete nan kalandriye li:
-mèkredi 16 jiyè, 3pm-6pm: Manifestasyon devan Konsila Dominiken nan Manhattan, 1501 Broadway (7th Ave ak 43rd St)
-Vandredi 25 jiyè, 7pm: Selebrasyon nesans Papa Desalin @ Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan
-Dimanch 27 jiyè, 3pm-7pm: Town Miting pou make 110 lannen Okipasyon Meriken 1915-1934 la @ Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan
-lendi 28 jiyè, 3pm-6pm: Manifestasyon devan katye jeneral Citigroup pou n al denonse vòlè yo pou rezèv lò peyi nou Etazini vòlè 17 desanm 1914 ki lakay yo jouk jodi a
Ti koze ak frè nou Ezayi, responsab nan MOLEGHAF sou seri aktivite yo fè nan Pòtoprens pandan wikenn nan pou relanse mobilizasyon lari a
Liy ouvè ak oditè yo
Nou salye frè nou Michel Edouard ak fanmi li nan okazyon lanmò pitit fi li Christina Edouard ki te genyen 31 lannen
Anons
No comments yet. Be the first to say something!