Episodes

Monday Apr 14, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 14 avril 2025
Monday Apr 14, 2025
Monday Apr 14, 2025
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Rapò ak son manifestasyon KOMOKODA fè Samdi a nan Ditmas Park nan zòn lakay Kim Ives k ap sipòte teworis yo k ap fè jenosid sou pèp Ayisyen an; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Rapò ak son manifestasyon KOMOKODA fè Samdi a nan Ditmars Park nan zòn lakay Kim Ives k ap sipòte teworis yo k ap fè jenosid sou pèp Ayisyen an
Nouvèl:
-RNDDH pibliye yon rapò kote yo di soti 31 mas pou 8 avril pou pi piti 80 moun mouri nan Mibalè
-Ti vòlè KPT a Smith Augustin boule 100 mil dola vèt pou yon vwayaj 4 jou Ozetazini
-Dlo tèlman nan je majistra lavil NY la Eric Adams pou disko ki efondre nan Santo Domingo a li mete drapo vil la demima epi l vwayaje al pote kondoleyans li pèsonèlman bay rasis Abinader
-Blan nan New London, Wisconsin pran lari pou defann imigran CHNV yo ekip Trump lan ap eseye voye tounen lakay yo; "Amnesty General" tèt dwat!
-Sou dosye Tarif la Trump di l ap tann Lachin rele l pou negosye; Lachin di li atansyon pou l pa tounen "pwa tann"
-CARICOM ak depatman deta Meriken di yo tande bri k ap fèt men pa p aksepte you koudeta kont gouvènman restavèk yo mete kanpe ann Ayiti a
-Demokrat yo nan lejislati Meriken an di yo pran sant "insider trading" koken manm kongrè a yo ap fè koze tarif monte desann Donald Trump lan
-Tchoul restavèk Nayib Bukele, Prezidan El Salvador la nan mezon blanch nan Washington jodi a kote l ap pran pòz souvren li epi kòm se sa ekip Trump la vle, li di l pa p voye imigran Salvadoren Kilmar Abrego Garcia Trump te voye nan prizon lakay li tounen Ozetazini
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.