Episodes
![Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 10 fevriye 2025](https://pbcdn1.podbean.com/imglogo/ep-logo/pbblog736162/2-10-25_Aba_eleksyon_pike_kole6cp1f_300x300.jpg)
14 hours ago
14 hours ago
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Edisyon emisyon "Pawòl Bosal" sou USAID; Aba referanndòm bidon ak eleksyon bidon; Levanjil Liberasyon ak Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou pase emisyon "Pawòl Bosal" 8 fevriye 2025 frè nou Manno Louizaire fè sou USAID
Aba referanndòm konstitisyon bidon ak eleksyon bidon gouvènman ilegal epi ilejitim nan
Aba mannigèt restavèk blan mete opouvwa yo pou yo achte konplisite dyaspora a ak koze bay dyaspora a dwa pou vote a; Nou lanse yon PINGA! bay ti chen yo nan dyaspora a k ap kriye pou zo pou yo souse
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl
-Jij federal George O'Toole nan Boston mete yon kanpo sou pwogram "Buyout" ekip Trump lan lage pou redui kantite anplwaye gouvènman federal la
-Donald Trump siyen pou peyi Etazini sispann fè penich paske yo di chak grenn yo fè koute peyi a 3 penich
-Meriken je vèt yo mande ki dwa Elon Musk pou l ap koupe rache nan tout biwo federal gouvènman yo
Liy ouvè ak oditè yo
Kouman Gouvènman Meriken an konprann koze doub nasyonalite a
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.