Episodes

Thursday Dec 08, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 8 desanm 2022
Thursday Dec 08, 2022
Thursday Dec 08, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye fanmi k te rele oswa voye mesaj yè pou pataje lanmou yo ak Roselyn nan okazyon anivèsè nesans li
Segman Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen ap fè chak jedi sou imigrasyon epi vyolans k ap fèt sou fanm ak sè nou Taina Exant; Taina pale sou pwolongasyon ak nouvo redeziyasyon TPS Etazini bay pou Ayisyen an
Ti pale ak frè nou Tony Jean Thenor nan òganizasyon Veye Yo nan Miami sou manifestasyon y ap planifye pou al bat chalbari dèyè Helen "Manman Gang" Lalime ki ta sipoze vin bay konferans nan kominote Ayisyen an nan Miami Vandredi 16 desanm k ap vini an
Nouvèl:
-PNH renmèt rezilta ankèt yo sou sasinay ti vòlè k te rele Jovenel Moise la
-Se enposib pou popilasyon an jwenn dola nan peyi a
-Kanada voye yon misyon diplomatik nan peyi nou ak anbasadè yo nan Nasyonizini alatèt delegasyon an
Nou ankouraje oditè yo sipòte emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
No comments yet. Be the first to say something!