Episodes

Thursday Oct 06, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 6 Oktòb 2022
Thursday Oct 06, 2022
Thursday Oct 06, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Konpatriyòt Roland Sainristil, manm Kowòdinasyon Fanmi Lavalas nan NY ansanm ak nou pou n lanse manifestasyon Fanmi Lavalas NY ansanm ak KOMOKODA ap fè lendi 17 oktòb nan Brooklyn nan pou n pote sipò Ayisyen nan zòn NY la ak pèp Ayisyen an k ap goumen anndan peyi nou
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-OPEC dakò pou diminye pwodiksyon luil yo 2 milyon baril chak jou soti mwa novanm nan rive desanm 2023
-Etazini ak Koredisid tire misil pa yo; Yonn nan misil Koredisid yo pati mal
-Li ta parèt kolera ta retounen nan peyi a
-Montana denonse Kò Gwoup ak Ariel ki vle bay lit popilè a yon pakapala; Pou di se pa Montana ki limenm soti pou redefini sa lit popilè a vle di
Anons
No comments yet. Be the first to say something!