Episodes

Thursday Feb 20, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 20 fevriye 2025
Thursday Feb 20, 2025
Thursday Feb 20, 2025
Mèsi pou oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Ayibobo pou sineyas Kiben Gloria Rolando (Reembarque); Segman imigrasyon ak Taina Exant (Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen); Chat mimi Rodneyse Bichotte anonse l ap kore Eric Adams vòlè parèy li...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Yè swa nou te gen chans asiste yon bèl rankont nan Maysles Documentary Center nan Harlem ak sineyas Kiben Gloria Rolando ki te pase fim li "Reembarque" sou pèsekisyon ak depòtasyon braseròs Ayisyen nan Kiba an 1937
Segman imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
-Prekosyon pou fanmi nou yo ki pa sitwayen Meriken pran nan moman frajil imigran ap viv jodi a
-Ekip Trump lan mete yon kanpo sou kapasite imigran ki genyen "parole" pou yo chanje estati legal yo Ozetazini
Pèson pa sezi wè politisyen eta New York, pitit Ayisyen, magouyèz Rodneyse Bichotte ki anonse li kore vòlè parèy li majistra Eric Adams nan moman prèske tout moun ap bat chalbari dèyè l pou l demisyone apre magouy li fè ak ekip Trump lan pou yo ranmase epi depòte imigran Nwa ak Panyòl nan vil la
-Mari Rodneyse Edu Hermalyn te touche $80,000 chèk zonbi nan men Eric Adams pandan l t ap fè kanpay pou l te vin majistra vil New York: (https://nypost.com/2021/11/12/adams-campaign-accused-of-overpaying-husband-of-dem-leader/)
-Malgre eskandal chèk zonbi nan kanpay la, osito l monte majistra Eric Adams te bay mari Rodneyse Bichotte Edu Hermalyn yon djòb $190,000 msye pa t kalifye pou li; Lè sa fè bri, msye Edu te blije demisyone imedyatman: (https://www.thecity.nyc/2022/04/07/hermelyn-salary-rodneyse-bichotte-brooklyn/)
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.