Episodes

Thursday Jan 16, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 16 janvye 2025
Thursday Jan 16, 2025
Thursday Jan 16, 2025
Mèsi pou oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Ti koze ak Dr. Mamyrah Dougé Prosper sou dife k gaye nan zòn Los Angeles la; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nan okazyon dènye emisyon nou anvan Joe Biden renmèt Donald Trump pouvwa lendi k ap vini an nou repase vwa Joe Biden ki t ap esplike jounalis Charlie Rose an 1994 pou ki sa dosye Ayiti a pa yon priyorite pou li: Si lanmè Karayib ta ouvè epi Ayiti ta desann anba oswa si Ayiti ta eklate wotè syèl la, sa pa t ap retire yon plim sou do Etazini
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Ti koze ak sè nou Dr. Mamyrah Dougé Prosper k ap viv nan Los Angeles sou gwo dife ki ravaje yon bon pati nan zòn sila a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.