Episodes

Thursday Jun 12, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 12 jen 2025
Thursday Jun 12, 2025
Thursday Jun 12, 2025
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Ranmase sou emisyon nou fè pandan semèn nan
Nouvèl:
-Sunrise Airlines rekòmanse vòl nan ayewopò Tousen Louvèti Pòtprens jodi a
-Larisi di Ikrèn si l te nan plas yo li t ap chache yon antant ak Larisi pi vit ke posib paske teritwa li gen tan pran li pa p renmèt
-Nou ankouraje Ayisyen Ozetazini ki gen rezidans pèmanan ak sa yo ki gen yon paspò Meriken pou patisipe nan manifestasyon "No Kings Day" ki anonse pou anpil anpil kote Ozetazini samdi 14 jen an; Akoz mobilizasyon sa a emisyon Haiti: Our Revolution Continues nan WBAI ap fèt 3pm - 4pm samdi 14 jen an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
No comments yet. Be the first to say something!