Episodes

Thursday Jul 10, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 10 jiyè 2025
Thursday Jul 10, 2025
Thursday Jul 10, 2025
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Inondasyon nan Texas; Lari a pa bliye travay KOMOKODA pou denonse chat mimi Bill, Hillary, ak Chelsea Clinton; Ayibobo pou liberasyon Alan Junior Pierre ICE te kidnape depi 3 jen 2025; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Enpòtans pou kominote a sipòte òganizasyon tankou Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen pou yo ka kontinye travay y ap fè anfavè kominote a
Gwo katastwòf inondasyon nan Kerr County nan Texas; Se ta pi gwo inondasyon Etazini sibi depi siklòn Katrina nan New Orleans; Yon atik kote yo rale travay KOMOKODA kont Fondasyon Clinton pou reponn Chelsea Clinton k ap chache ranmase lajan pou Clinton Global Initiative al ede viktim inondasyon Texas la
Ayibobo pou liberasyon Alan Junior Pierre ICE te kidnape depi 3 jen 2025
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
No comments yet. Be the first to say something!