Episodes
Tuesday Jan 25, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 25 janvye 2022
Tuesday Jan 25, 2022
Tuesday Jan 25, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Remèsiman pou fanmi ki sipòte emisyon an pandan mwa desanm nan
Nou pase yon mizik ki te fèt nan memwa Sean Bell branch nan lapolis NY ki rele Street Crimes Unit la te sasinen; Ala lawont pou se nouvo majistra nwa lavil la Eric Adams ki pwopoze pou remete branch sila a sou moun ankò
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn; Altagracia fè entèvyou ak frè nou Manuel Dejesus Dandre
Nouvèl
-Kidnapè yo libere Doktè Kiben Daymara Helen Perez Alabedra
-Meriken arete epi depòte Senatè Moise Jean Charles; Yo tou anile viza l pou l pa tounen Etazini pou 5 pwochen ane yo
-Mesaj Ariel Henry te bay nan rankont Canada te fè sou Ayiti Vandredi swa a
-Jij Garry Aurelien demanti akizasyon RNDDH ki ta di l nan koripsyon yo
-Prizon Meriken Ti Bush te monte nan Guantanamo apre 9-11 lan sot fete 20 lannen
-Lòbèy san lè pete nan Ikrèn
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Jan 24, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 24 janvye 2022
Monday Jan 24, 2022
Monday Jan 24, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 21 janvye 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Nou ankouraje kominote a mete men nan konbit Vandredi Anba Tonnèl ap fè pou n ede fanmi ki te viktim Goudougoudou 14 out 2021 rebati kay yo
Nouvèl:
-Yon Goudougoudou 5.3 frape zòn Nippes 8:16 maten an; Jiskaprezan Pwoteksyon Sivil rapòte 2 moun mouri
-Eksplozyon nan kay kote yo t ap stoke gaz nan Kafou tou pre Tèminal Tò a
-Jij Garry Aurelien pa la ankò nan dosye Jovenel Moise la
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba
Nouvèl:
-Diplis sou dosye Jij Garry Aurelien an
-Konferans vityèl Canada pou entènasyonal la kenbe Ayiti nan chenn
-Gazolin ak alimèt san lè kwaze nan dosye Ikrèn nan
-Jij nan Tribinal Wayal Angletè deside Julian Assange gen dwa ale ann apèl nan dosye ekstradisyon an
Liy ouvè ak oditè yo
Nou jete dlo pou Madmwazèl "Nègès Da" ki fè travèse li twò twò bonè nan laj 9 lannen sèlman: Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou sè nou Martine "Thòya" Phebe, tout fanmi ARL (Agrikilti, Rebwazman, Levay) la ak lòt fanmi ti Madmwazèl la
Pwezi Nègès Da
Tuesday Jan 18, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 18 janvye 2022
Tuesday Jan 18, 2022
Tuesday Jan 18, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Remèsiman pou fanmi ki sipòte emisyon an pandan mwa desanm nan
Yè 17 janvye a fè 61 lannen depi Meriken ak Bèlj sasinen Vanyan Patrice Lumumba; Nou jete dlo pou li
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Repòtaj sou manifestasyon KOMOKODA fè lakay Clinton yo nan Chappaqua mèkredi pase a epi sou manifestasyon nou te fè Vandredi swa devan Bentley's Nightclub
Nouvèl
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Jan 17, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 17 janvye 2022
Monday Jan 17, 2022
Monday Jan 17, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 14 janvye 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Nou ankouraje kominote a mete men nan konbit Vandredi Anba Tonnèl ap fè pou n ede fanmi ki te viktim Goudougoudou 14 out 2021 rebati kay yo
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba
Konbit pou frè nou Prince Tiecoura Dessalines
Ti koze ak gran frè nou Jean Claude Martineau (Koralen) sou kalfou peyi nou ap travèse jounen jodi a
Ti refleksyon sou Martin Luther King Jr nan jou peyi Etazini ap selebre lavi li
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Jan 11, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 11 janvye 2022
Tuesday Jan 11, 2022
Tuesday Jan 11, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Remèsiman pou fanmi ki sipòte emisyon an pandan mwa desanm nan
Mobilizasyon pou n ankouraje 40 moun deplase ak KOMOKODA mèkredi 12 janvye pou n al manifeste kont lafanmi Clinton nan Chappaqua, NY
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti pou n ankouraje fanmi yo patisipe nan aksyon KOMOKODA ap fè demen 12 janvye a pou n al denonse lafanmi Clinton lakay yo nan Chappaqua, NY
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Jan 10, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 10 janvye 2022
Monday Jan 10, 2022
Monday Jan 10, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou n ankouraje 40 moun deplase ak KOMOKODA mèkredi 12 janvye pou n al manifeste kont lafanmi Clinton nan Chappaqua, NY
Nou jete dlo pou Madam Jacqueline Thomas ki fè travèse li jedi 6 janvye ki sot pase a nan laj 93 lannen
Jodi a fè 12 lannen depi frè nou Daniel Simidor (Andre Elizée) fè travèse li
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 31 desanm 2021 ak frè nou Baba Yaw
Mobilizasyon pou n ankouraje 40 moun deplase ak KOMOKODA mèkredi 12 janvye pou n al manifeste kont lafanmi Clinton nan Chappaqua, NY
Nouvèl:
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou n ankouraje 40 moun deplase ak KOMOKODA mèkredi 12 janvye pou n al manifeste kont lafanmi Clinton nan Chappaqua, NY
Tuesday Jan 04, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 4 janvye 2022
Tuesday Jan 04, 2022
Tuesday Jan 04, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Remèsiman pou fanmi ki sipòte emisyon an pandan mwa desanm nan
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Joujou lakomedi Ameriken ak Mario Antonio Palacios pou pase moun nan betiz
-Plizyè òganizasyon denonse Ayisyen ak etranje denonse Prezidan Repiblik Dominikèn, Panama ak Kostarika ki mande yon nouvo fòs MINISTA pou "stabilize" Ayiti
-Moun Gonayiv reyisi bloke Ariel Henry ak ekip restavèk li yo
-Lapolis anonse gang "Ti Makak" sasinen enspektè lapolis Jerry Toussaint ki se pitit Dany Toussaint
-Move tan ki bloke wout nan Virginia lakòz gen moun ki pase plis pase 18 èd tan nan machin yo
Mobilizasyon pou n ankouraje 40 moun deplase ak KOMOKODA mèkredi 12 janvye pou n al manifeste kont lafanmi Clinton nan Chappaqua
Mobilizasyon pou bloke bal Martelly ki anonse pou Vandredi 14 janvye 2022
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Jan 03, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 3 janvye 2022
Monday Jan 03, 2022
Monday Jan 03, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo; Nou swete tout fanmi isit nan zòn New York la kou lakay oswa nenpòt kote yo ye yon Bòn Fèt Lendepandans epi yon Bòn ane 2022
Nou li vèsyon Kreyòl Deklarasyon Endepandans peyi nou
Pwezi Felix Moriso Lewa - Mèsi Papa Desalin
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 31 desanm 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Liy ouvè ak oditè yo sou jan y ap viv 218yèm anivèsè nesans peyi nou
Ti koze ak ti frè nou Fritznel Lormeus sou jan li te viv selebrasyon Premye janvye a ak nou