Episodes
Monday Nov 29, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 29 novanm 2021
Monday Nov 29, 2021
Monday Nov 29, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
34 lannen apre Masak Riyèl Vayan an, nou jete dlo pou tout viktim yo
Ti refleksyon sou 25 novanm: Jounen Entènasyonal pou Elimine Vyolans k ap fèt sou Fanm
25 novanm ane sa a tou fè 5 lannen depi Vanyan Fidel Castro fè travèse l
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 26 novanm 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Ti diplis Dahoud sou Vandredi Anba Tonnèl Vandredi 26 novanm nan
Remèsiman pou tout fanmi ki te fè pelerinaj Jounen Nasyonal Dèy 2021 an yon siksè epi ti ranmase sou Jounen an
Nouvèl:
-Rezilta ki pibliye jiskaprezan sou eleksyon nan peyi Honduras yo ta montre Xiomara Castro ki se madanm ansyen prezidan Manuel Zelaya ta ranpòte yon gwo viktwa kòm nouvo prezidan peyi a
-Peyi Babad chanje estati li pou l soti anba kontwòl peyi Angletè pou l vin yon repiblik
-Etidyan nan Arizona State University ta revòlte anfas desizyon asasen rasis Kyle Rittenhouse ki te deja enskri kòm etidyan nan lekòl sila a ki deside l ap vin viv sou "Campus" lekòl la
-Pou ki sa tout panik sila a otou varyasyon Kowonaviris la ki rele Omikwonn
-Gouvènman Meksik anonse li siyen yon akò ak refijye k fòme karavàn yo kote l ap ba yon viza Meksiken akondisyon yo dakò rete viv nan peyi sila a
Nou swete pitit gason nou Amadou ki selebre anivèsè nesans li Vandredi a ak ti sè nou Nicole Petit ki selebre anivèsè nesans pa li yè dimanch lan yon Bòn Fèt!
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Nov 23, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 23 novanm 2021
Tuesday Nov 23, 2021
Tuesday Nov 23, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Konbit pou pelerinaj 52yèm Jounen Nasyonal Dèy nan solidarite ak fanmi endijèn yo
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Jij Federal Ozetazini kapote desizyon Gouvènman Biden nan pou l te ekzije anplwaye tout gwo biznis nan peyi a ki anplwaye plis pase 100 moun ta pran vaksen Kovid
-Pitit Malcolm X, Malika Shabazz fè travèse li lakay li nan zòn Midwood nan Brooklyn nan
-Enfòmasyon soti pou di gang 400 Mawozo ta lage 2 nan 17 blan yo te kidnape yo paske yo te malad
-Gwo viktwa pati Nicolas Maduro a, Sosyalis Inifye nan Venezyela, nan eleksyon ki fèt dimanch lan nan Venezyela
-Martine Moise mande yon otopsi pou detèmine nan ki kondisyon Gilbert Dragon bizawèl Michel Martelly ki te nan prizon pou sasinay Jovenel Moise mouri
-Sekretè Deta Meriken an Anthony Blinken ap vizite kontinan Afriken an pou l chache mete baton nan wou Lachin k ap vale teren; Li di yo pran prekosyon ak gwo peyi k ap vin ofri yo prete lajan pou chache domine yo
-Pati Sandinis la pote boure nan eleksyon 7 novanm yo: Daniel Ortega pase pou yon katriyèm manda; OEA fache, kondane eleksyon an epi Nikaragwa anonse li tou wete kò l nan òganizasyon restavèk sila a
-Gouvènman Etazini fè bak sou desizyon yo te anonse ke y ap revoke tout sòlda nan lame ki pa pran vaksen anvan 15 desanm k ap vini an
-NY Assemblywoman Maritza Davila ak plizyè lòt politisyen nan NY la mande pou Edu Hermelyn ak madanm li Rodneyse Bichotte ta demisyone nan wòl y ap jwe alatèt Pati Demokrat Brooklyn nan
Refleksyon nou sou koze estasyon tren "Newkirk Avenue" sou Nostrand nan ki ta vin tounen estasyon "Little Haiti" ak yon bout nan Flatbush Avenue soti Empire Blvd ak Foster Avenue ki ta vin tounen "Jean Baptiste Point du Sable" Blvd.
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Nov 22, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 22 novanm 2021
Monday Nov 22, 2021
Monday Nov 22, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 19 novanm 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Ti diplis ak Profesè Asselin Charles sou dosye Lachin nan
Nouvèl:
-"Lajistis" Etazini deklare Kyle Rittenhouse pa t fè anyen mal
-Eskandal pete sou majistra k apral pran pouvwa a Eric Adams ki peye Edu Hermelyn, mari Rodneyse Bichotte la $80,000 pou yon djòb anpil moun di li pa konn fè epi l pa t fè
-Popilasyon Gwadloup di se twòp atò ak koze obligasyon pou tout moun pran vaksen; Menm jan ak popilasyon anpil lòt peyi yo kraze, yo brize, yo boule kawoutchou
-Enspektè Jeneral DHS (Homeland Security) di pa gen ka pou envestige anyen nan sa gad fwontyè sou chwal yo te fè fanmi nou yo anba pon Del Rio a
-63 Ayisyen soti Ayiti epi ateri tèt dwat nan Key Largo nan Florid
-Gouvènman Ayisyen an anonse l ap ouvri yon konsila nan Tapachula nan Meksik; Jedi k sot pase a yon nouvo karavàn refijye kite Tapachula pou yo rive nan fwontyè Meriken an
Liy ouvè ak oditè yo
Konbit pou pelerinaj 52yèm Jounen Nasyonal Dèy nan solidarite ak fanmi endijèn yo
Tuesday Nov 16, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 16 novanm 2021
Tuesday Nov 16, 2021
Tuesday Nov 16, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit, responsab nan Flanbwayan Haitian Literacy Project sou pwogram CUNY-Laguardia pou prepare enfimyè ki soti nan lòt peyi pou y al pran ekzamen lisans yo pou yo pratike Ozetazini
Nouvèl:
-Gouvènè Massachussetts Charlie Baker mande administrasyon Biden nan leve pye l sou dosye refijye Ayisyen li pèmèt rantre Ozetazini yo
-Daniel Supplice ki se "Anvwaye Espesyal" Ariel Henry voye al adrese chirepit Ayiti ak Repiblik Dominikèn nan retounen Ayiti apre 6 jou kay vwazen
-Administrasyon Biden nan anonse $2B jiska $3B pou efase dèt 30 mil etidyan k t al nan kolèj ak lekòl metye pa bò isit
-Plis pase 2 mwa apre siyati a gouvènman k ta dwe soti nan "Akò Primati" a mal pou ateri
-Lapolis nan peyi Tiki arete Samir Handal sou demand Ayiti ki di msye ta mele nan sasinay Jovenel Moise
Refleksyon nou sou rankont COP26 ki fini samdi a kote gwo peyi yo t ap gade jan yo ka adrese tanperati planèt la k ap monte san yo pa chanje anyen nan fason y ap mennen biznis yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Nov 15, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 15 novanm 2021
Monday Nov 15, 2021
Monday Nov 15, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye jèn Reconoci.do yo, pitit Ayisyen ki fèt nan Repiblik Dominikèn, nou te gen chans fè yon ti koze ak yo samdi maten nan entènèt la
Nou salye fanmi k te branche nan emisyon Angle nou fè chak samdi 4-6pm nan WBAI 99.5 FM
Konbit pou pelerinaj 52yèm Jounen Nasyonal Dèy nan solidarite ak fanmi endijèn yo
Yon Gwo viktwa pou kominote a: òganizatè bal Martelly ki te anonse pou Vandredi 26 novanm nan Bentley's Nightclub nan Brooklyn nan yo anonse bal la ranvwaye
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 12 novanm 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Nou fè yon bon koze ak frè nou Profesè Asselin Charles sou peyi Lachin: Yon peyi ki soti nan yon "syèk imilyasyon" pou l ateri kote l ye jodi a; Ki leson nou ka aprann pou Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Tuesday Nov 09, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 9 novanm 2021
Tuesday Nov 09, 2021
Tuesday Nov 09, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba
Nouvèl:
-Daniel Ortega ranpòte laviktwa pou yon katriyèm fwa ak 76% vòt yo nan eleksyon ki fèt ayè dimanch la nan peyi Nikaragwa
-Responsab biwo Grefye nan Tribinal Premyè Enstans nan Pòtoprens fè konnen vòlè pase yo leve kòfrefò ki genyen tout dosye ki aktyèlman devan tribinal yo ale ak li
-Laprès nan Pòtoprens rele anmwe, di yo blije redui oswa fèmen sèvis yo ak pwoblèm gaz nan peyi a
-Gouvènmen Meriken remete Ayiti nan lis peyi ki elijib pou patisipe nan pwogram "Guest Worker" a
Mobilizasyon kont bal Martelly ki anonse pou Vandredi 26 novanm nan Bentley's Nightclub nan Brooklyn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Nov 08, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 8 novanm 2021
Monday Nov 08, 2021
Monday Nov 08, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 5 novanm 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Mobilizasyon kont bal Martelly ki anonse pou Vandredi 26 novanm nan Bentley's Nightclub nan Brooklyn nan
Twa Pa - Istwa Jean Claude Martineau (Koralen)
Nouvèl:
-Tèt chaje gazolin nan kontinye nan peyi a; Anpil moun ap mande èske se pou tout bon oswa se yon mache nwa k ap fèt
-Gouvènman Dominiken an ap sere boulon Ayisyen daprèzavwa ti komik Claude Joseph ki pote tit Minis Afè Etranjè peyi nou te manke yo dega
-Peyi Etazini kontinye mannèv pou fòse tout moun pran vaksen kovid
-Majistra eli vil NY la ki se yon nèg Nwa Meriken k rele Eric Adams al vizite Repiblik Dominikèn san sousi pou diskriminasyon ak mati Ayisyen ap sibi nan peyi sila a
-Mesaj KOMOKODA te pataje nan manifestasyon "Bllack is Back Coalition" nan Washington, DC
-Jij Repibliken k nan Lakou Siprèm Meriken pa pale san yo pa fè tout moun konnen yo pa nan paspouki - jan sa ta bèl si se te vre!
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Nov 02, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 2 novanm 2021
Tuesday Nov 02, 2021
Tuesday Nov 02, 2021
Nou eskize nou dèske se anrejistreman premye inèd tan emisyon an sèlman nou genyen!
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye tout fanmi k ap selebre fèt Gede yè lendi a ak jodi madi a
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki aktyèlman nan peyi Ekwatè
Ti refleksyon sou Vanyan Charlemagne Peralte; 31 oktòb 2021 an fè 102 lannen depi li tonbe nan lit pou defann souvrènte peyi nou
Nouvèl:
-Gouvènman Meriken an anonse yo arete 2 moun nan Florid ki t ap founi 400 Mawozo ak zam
-Eleksyon ap fèt Ozetazini jodi a
-Jij nan Illinois bloke leta nan eta sila a k ap ekzije tout anplwaye leta pran vaksen
Monday Nov 01, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi Premye novanm 2021
Monday Nov 01, 2021
Monday Nov 01, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou swete sè nou Marie Felix yon Bòn Fèt!
Nou wè yon enfòmasyon ki di atis, ekriven Franketienne fè travèse li
Jodi a Meriken Nwa yo make "Black Solidarity Day"; yon jou fanmi sa yo mande pou tout moun Nwa fè yon jounen absans nan biznis sosyete a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 29 oktòb 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent; Konbit Vandredi Anba Tonnèl pou n ranmase $100,000 pou ede kèk fanmi k te viktim nan Goudougoudou Gransid la rebati kay yo
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba epi ak frè nou Hilario Batista ki se responsab Depatman Kreyòl Radyo Laavàn Kiba epi responsab òganizasyon Bannzil Kreyòl Kiba
Nouvèl:
-Fanmi Franketienne anonse koze lanmò a se rimè, msye la toujou
-Ti komik blan an mete kòm Premye Minis Ayiti a fè yo gwo diskou epi, epi, Anyen!
-Nouvo chèf lapolis epi kidnaping ak ensekirite a kontinye ap vale teren
-Gwo dilèm pou Meriken nan dosye blan 400 Mawozo kidnape yo
-Jounal "Le Nouvelliste" anonse se DCPJ k ap negosye kidnaping blan yo men Ariel Henry di leta l ap dirije a pa p negosye ak gang
-Jounal "Haitian Times" pibliye yon Op-Ed Brian Nichols, gwo bwa blan nwa nan Depatman Deta
Liy ouvè ak oditè yo
Anons