Episodes
Tuesday Oct 26, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 26 oktòb 2021
Tuesday Oct 26, 2021
Tuesday Oct 26, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Olye KOMOKODA ale Chappaqua jodi madi 26 oktòb, jou fèt manman vòlèz Hillary Clinton nan, nou lanse yon kanpay pou gaye yon mesaj nan okasyon an nan rezo sosyal yo
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nou ankouraje oditè yo rele pou pase yon mesaj nan okazyon anivèsè nesans Hillary Clinton nan
Nouvèl:
-Pa gen gaz la vin lakòz yon "peyi fèmen" fòse nan anpil zòn nan peyi a; Chèf gang Micanord ki ta gen kontwòl Wharf Jeremie mande leta Ayisyen 50 milyon goud pou l ta kite kamyon gaz yo pase; Plizyè lopital fè konnen si yo pa jwenn gaz jodi madi sa a anpil moun riske mouri
-Liberasyon Pastè Jean Michel Ferret ki te kidnape
-Jounalis Pastè Claudy Jean-Jacques bay Andre Michel yon entèvyou nan Radyo Pa Nou kote l ap fè pwopagann pou dyaspora NY la rantre nan akò Meriken-Core Group-Ariel Henry a
-Gouvènman Meriken an anonse l ap ranvwaye jiska desanm 2022 pou yo mete dènye dokiman sekrè yo genyen sou sasinay ansyen Prezidan Meriken John F. Kennedy.
-Ekspè Nasyonzini nan koze dwa moun kondane ekspilsyon rasis gouvènman Meriken an fè ak "Title 42" yo
-Jij Bernard St Vil anile manda Bedford Claude te mete kont plizyè manm SPNH-17 ak Fantòm 509 yo
Ti rale sou Julian Assange ak òganizasyon Wikileaks
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Oct 25, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 25 oktòb 2021
Monday Oct 25, 2021
Monday Oct 25, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
KOMOKODA ranvwaye mobilizasyon pou n t al manifeste nan Chappaqua demen madi 26 oktòb, jou fèt manman vòlèz Hillary Clinton
Ranmase sou manifestasyon October 22nd Coalition fè Vandredi a pou lonje dwèt sou sasinay ak maspinay lapolis bò isit fè nan peyi a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 22 oktòb 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba epi ak frè nou Hilario Batista ki se responsab Depatman Kreyòl Radyo Laavàn Kiba epi responsab òganizasyon Bannzil Kreyòl Kiba
Nouvèl:
-Etazini kidnape yon diplomat Venezyela epi mennen l vin jije isit paske yo di l vyole desizyon Prezidan Meriken an
-Alatèt konpayi Digicel la Denis O'Brien atake Facebook ak konpayi li posede yo kòm yon biznis kolon pandan Digicel limenm ap fè e defè lakay nou ann Ayiti; Moun nan Jeremi mete dife nan biwo Digicel nan vil sila a
-Òganizasyon RNDDH akize Liszt Quitel ki pote tit Minis Jistis ak Minis Enteryè gouvènman kwoupyon an kòm kòmanditè kidnaping Pastèt Jean Ferret Michel
-Leon Charles revoke/demisyone nan djòb Chèf Lapolis Ayiti; Li retounen nan djòb reprezantan Ayiti nan OEA
-Plizye òganizasyon nan New Jersey kole zepòl pou manifeste devan biwo imigrasyon nan Newark pou denonse politik rasis Administrasyon Biden nan parapò ak refijye Ayisyen yo
-Gran medya Meriken yo fè konnen finalman Donald Trump resi gen lajanapre l lanse nouvo biznis medya li a "Trump Media & Technology Group" nan "stock market" la
-Premye pitit Jovenel Moise, Joverlin Moise k ap viv nan Monreyal, Kanada ale nan tribinal nan peyi sila a pou l chache jwenn jistis pou "papa l ak prezidan l"
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Tuesday Oct 19, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 19 oktòb 2021
Tuesday Oct 19, 2021
Tuesday Oct 19, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou otobis pou n al manifeste nan Chappaqua madi 26 oktòb, jou fèt manman vòlèz Hillary Clinton
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Oct 18, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 18 oktòb 2021
Monday Oct 18, 2021
Monday Oct 18, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou otobis pou n al manifeste nan Chappaqua madi 26 oktòb, jou fèt manman vòlèz Hillary Clinton
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 15 oktòb 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba
Ti koze ak frè nou Hilario Batista ki se responsab Depatman Kreyòl Radyo Laavàn nan Kiba epi òganizasyon Bannzil Kreyòl Kiba
Nouvèl
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou otobis pou n al manifeste nan Chappaqua madi 26 oktòb, jou fèt manman vòlèz Hillary Clinton
Tuesday Oct 12, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 12 oktòb 2021
Tuesday Oct 12, 2021
Tuesday Oct 12, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou otobis pou n al manifeste nan Chappaqua madi 26 oktòb, jou fèt manman vòlèz Hillary Clinton
Malgre Ti komik Joe Biden dekrete 11 oktòb la Jounen Pèp Endijèn yo olye de Jounen Kristòf Kolon, tout gwo bwa nan zòn NY la fè gwo parad yè lendi a pou selebre papa yo Kristòf Kolon
Ti koze ak sè nou Ana Maria Belique, ki se responsab nan òganizasyon RECONOCIDO k ap fè fè yon ti pase nan zòn NY la
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn ansanm ak frè nou Jacob Valcimond k ap viv nan zòn Mao nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Zafè fòse moun pou pran vaksen kovid la ap fè gwo pale anpil tou patou
-15 senatè Meriken ekri yon lèt tou louvri pou di yo pa dakò ak fason Gouvènman Biden nan jere dosye refijye Ayisyen yo epi yo tou pwofite voye yon kout chapo bay akò Montana a
-Jounal Meriken Washington Post pibliye yon lèt yo di Ariel Henry ekri pou l wè si l a chavire opinyon pilblik Meriken an bò kote l
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Oct 11, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 11 oktòb 2021
Monday Oct 11, 2021
Monday Oct 11, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye matant mwen epi marenn mwen Dèdèt nan Granrivyè k ap selebre anivèsè nesans li jodi a
Rapò sou manifestasyon KOMOKODA anonse Vandredi 8 oktòb, 2pm - 6pm devan biwo imigrasyon nan Manhattan, 26 Federal Plaza
Son manifestasyon devan 26 Federal Plaza a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 8 oktòb 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Jodi a se jou ferye; Se premye ane Gouvènman Etazini efase jou ki te konn rele "Columbus Day" a epi yo batize l "Indigenous Peoples' Day" (Jounen pou Selebre Pèp Endijèn" yo; Di a se yonn, fè l tout bon an se yon lòt
Nouvèl:
-Diplis sou dokiman Pandora yo ak koneksyon Carlos Morales Troncoso nan Repiblik Dominikèn
-Finalman li parèt se pou tout bon Anbasadè Meriken an Michele Sison ap kite Ayiti
-Jijman 14 enkilpe nan sasinay ansyen Prezidan Burkina Faso a, Thomas Sankara, ap fèt
-Lapolis nan Guatemala fè konnen yo jwenn 126 refijye ki fèmen kadnase anndan yon gwo kamyon; 106 nan yo se Ayisyen
-Nou jete dlo pou Vanyan Ernesto "Che" Guevara; Samdi 9 oktòb la te fè 54 lannen depi li te tonbe anba bal restavèk Etazini nan peyi Bolivi
Mobilizasyon pou otobis pou n al manifeste nan Chappaqua madi 26 oktòb, jou fèt manman vòlèz Hillary Clinton
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Oct 05, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 5 oktòb 2021
Tuesday Oct 05, 2021
Tuesday Oct 05, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse Vandredi 8 oktòb, 2pm - 6pm devan biwo imigrasyon nan Manhattan, 26 Federal Plaza
Nouvèl:
-Avoka Harold Koh ki te konseye nan Depatman Deta bay demisyon l epi denonse politik administrasyon Biden nan k ap depòte Ayisyen jan y ap fè sa
Ti koze ak responsab Flanbwayan Haitian Literacy Project, sè nou Darnell Benoit, pou remèsye kominote a pou patisipasyon yo nan konbit li t ap fè ki pèmèt yo prèske $22,000 pou pwogram ki pèmèt yo ede timoun yo ak travay lekòl yo
Nouvèl:
-Mannèv Gouvènman Meriken an pou retire tout moun yo anba pon Del Rio a
Nou li yon lèt yon refijye Ayisyen k pran non "Jean Pierre" ki pibliye nan jounal San Diego Union Tribune ki rakonte eksperyans pèsonèl li ki fè l kouri kite Kwadèboukè rive Brezil epi pran wout pou Etazini
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse Vandredi 8 oktòb, 2pm - 6pm devan biwo imigrasyon nan Manhattan, 26 Federal Plaza
Monday Oct 04, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 4 oktòb 2021
Monday Oct 04, 2021
Monday Oct 04, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse Vandredi 8 oktòb, 2pm - 6pm devan biwo imigrasyon nan Manhattan, 26 Federal Plaza
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi Premye oktòb 2021 ak sè nou Jocelyn Gay
Nou pase istwa "Bèfchenn" frè nou Jean Claude Martineau (Koralen) pwodui
Nouvèl:
-Gouvènman Etazini voye 2 reprezantan al rankontre dyaspora epi politisyen yo ann Ayiti pou chache defèt dega lèt demisyon Daniel Foote la
Ti koze ak Arioste Denis
Nouvèl:
-Ariel Henry mande leberasyon Kolonbyen yo ki nan prizon pou sasinay Jovenel Moise
-Dosye "Pandora" kote moun ak gwo lajan ap fèe mannèv pou kache lajan yo a gaye nan lari a, jounal Miami Herald lonje dwèt sou kèk Ayisyen k nan lis la tankou Gilbert Bigio, Laurent Lamothe, ak Reginald Boulos
-Gouvènman Aljeri di l pa p aksepte Prezidan Lafrans la, Emmanuel Macron, k ap derespekte yo
-Manifestasyon nan Mexico City pou make 53yèm anivèsè masak Tlatelolco an 1968
-Gouvènman peyi Kiba anonse genyen 421 refijye Ayisyen ki te nan wout pou lòt kote ki chwe lakay yo; Yo di annat o rapatriye sa ki vle tounen yo, y ap ba yo swen medikal, manje, ak rechany rad pou mete sou yo
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse Vandredi 8 oktòb, 2pm - 6pm devan biwo imigrasyon nan Manhattan, 26 Federal Plaza