Episodes
Tuesday Apr 27, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 27 avril 2021
Tuesday Apr 27, 2021
Tuesday Apr 27, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Demen 28 avril 2021 an ap fè Radio Omega 11 lannen depi enstitisyon an fonde; Emisyon Eritye Papa Desalin ap swete Radio Omega yon Bòn fèt!
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste madi 4 me, 11am-2pm devan Konsila Lafrans nan NY la: 934 5yèm Avenue, ant 74yèm ak 75yèm Streets nan Manhattan
Segman Zafè Kay ak sè nou Michelle ki nan Flatbush nan Brooklyn nan
Nouvèl:
-Yon gwoup 500 moun ki di yo enterese sou dosye imigrasyon ekri Joe Biden pou mande l renouvle TPS pou Ayisyen k ap viv Ozetazini
-Kòm jiskounyè a FDA panko deside bay Astrazeneca a lese pase menm ann ijans li bay lòt "vaksen" kovid-19 yo, Etazini deside l ap pataje 60 milyon dòz Astrazeneca ak lòt peyi nan mond lan
-Jij Jean Joubert Michel nan Kwadeboukè demisyone epi pran lyann apre Gouvènman an deside lage yon manm gang 400 Mawozo li te arete nan echanj pou 3 nan moun legliz Katolik yo ki te nan men gang sila a
-Gouvènman Ayisyen an peye fanmi chak nan polisye ki pèdi lavi yo nan Vilaj Dedye 12 mas ki sot pase a 500 mil goud (~$5,200US) pou lapenn yo
-68 depite Meriken siyen yon lèt voye bay Sekretè Deta Meriken an Blinken pou mande l chanje pozisyon Etazini ak Ayiti
Ti koze ak sè nou Mercedes Narcisse ke emisyon Eritye Papa Desalin ap sipòte kòm kandida pou 46yèm distrik la nan City Council lavil NY la
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Apr 26, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 26 avril 2021
Monday Apr 26, 2021
Monday Apr 26, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Jodi a fè 58 lannen depi masak rejim Duvalier 26 avril 1963 kote makout ak lame te sasinen omwen 73 inosan epi 35 lannen depi lame te masakre popilasyon an ki t ap manifeste devan Fò Dimanch 26 avril 1986
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 23 avril 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste madi 4 me, 11am-2pm devan Konsila Lafrans nan NY la: 934 5yèm Avenue, ant 74yèm ak 75yèm Streets nan Manhattan
Repòtaj frè nou Raymond Dugue nan manifestasyon pou selebre 67yèm anivèsè prizonye politik Mumia Abu Jamal samdi 24 avril ki sot pase a nan Philadelphia
Nouvèl:
-Refleksyon nou sou rapò "Killing with Impunity" Harvard Law School International Human Rights Clinic ak Observatoire Haïtien des crimes contre l'humanité pibliye pou demontre responsabilite leta PHTK a ak PNH la nan divès masak ki fèt nan katye popilè yo
-Ti komik Boniface Alexandre deklare fanm yo ak jèn yo nan peyi a se engra yo ye daprèzavwa yo bat chalbari deyè pwojè referanndòm konstitisyon pèpè Meriken-PHTK a
-Gouvènman PHTK a kontinye ap chache pase moun nan betiz: Yo di yo inogire yon lopital nan Bawon k apral bay tout kalte sèvis 24 sou 24
Ti koze ak Darnell Benoit ki se responsab Flanbwayan Haitian Literacy Project sou 16yèm anivèsè òganizasyon an ak inisyativ bous detib pou yo ranmase $12,000 nan kominote a pou ede 6 jèn Flanbwayan yo konplete lajan kolèj yo
Liy ouvè ak oditè yo
Nou bay lis Ayisyen lame Ayiti te sasinen devan Fò Dimanch 26 avril 1986 epi Ayisyen makout ak lame te sasinen 26 avril 1963
Tuesday Apr 20, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 20 avril 2021
Tuesday Apr 20, 2021
Tuesday Apr 20, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou nan manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Ayisyen nan NY la: 815 2nd Avenue, ant 43yèm ak 44yèm Streets pou n denonse Jovenel Moise-PHTK ak òganizasyon sondaj malatchong BRIDES ki soti pou fè kwè 90% dyaspora a sipòte koze konstitisyon PHTK a; N ap rele Aba konstitisyon malatchong Meriken-PHTK a!; Aba eleksyon pike kole Meriken-PHTK a!
Nou fè ti pale sou chemen k te mennen nan manifestasyon istorik 20 avril 1990 la epi chimen k mennen KOMOKODA devan Konsila Ayiti nan NY la jodi a
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Enfòmasyon ki tonbe pou di gouvènman Meriken an deside bay yon "stimulus" siplemantè pou moun ki rapòte yo fè mwens kòb an 2020 an ke yo te fè an 2019; Se moun ki ranpli deklarasyon enpo yo pi bonè k ap gen chans jwenn kòb diplis sila a
Kidnapè "Lanmò San Jou" chèf gang 400 Mawozo ta pran lapawòl pou l di moun legliz katolik yo nan men li, li pa gen lopital, li pa gen manje pou l pa yo kidonk si mèt yo bezwen yo, se pou yo mache kòrèk sou li; Epi li tou di Lafrans pinga li bliye konbyen kòb li dwe Ayiti
Nou pale ak detwa nan fanmi ki la ansanm ak nou nan manifestasyon KOMOKODA devan konsila a
Monday Apr 19, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 19 avril 2021
Monday Apr 19, 2021
Monday Apr 19, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon: KOMOKODA ap manifeste 20 avril la, Midi-6pm devan Konsila Ayisyen nan NY la: 815 2nd Avenue, ant 43yèm ak 44yèm Streets
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 16 avril 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Yè dimanch lan, vòlkan La Soufriere lan eklate ankò nan St Vincent & the Grenadines; Nou pale ankò ak Brother Atiba Williams sou dènye devlopman yo epi sou travay pou jwenn sipò pou fanmi yo
Nouvèl:
-Gouvènman Biden nan siyen kontra ak divès peyi Amerik Santral la pou yo angaje militè peyi yo pou anpeche refijye travèse vin mande azil Ozetazini
-Raul Castro demisyone alatèt Pati Kominis Kiben an; Miguel Diaz-Canel ki Prezidan peyi a depi oktòb 2019 monte ranplase li
-Israel atake laboratwa nikleyè Iranyen nan Natanz
Mobilizasyon: KOMOKODA ap manifeste 20 avril la, Midi-6pm devan Konsila Ayisyen nan NY la: 815 2nd Avenue, ant 43yèm ak 44yèm Streets
Liy ouvè ak oditè yo
Joe Biden ap fè tout kalite mannèv pwovokasyon kont Larisi, Lachin, ak Iran
Mobilizasyon: KOMOKODA ap manifeste 20 avril la, Midi-6pm devan Konsila Ayisyen nan NY la: 815 2nd Avenue, ant 43yèm ak 44yèm Streets
Tuesday Apr 13, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 13 avril 2021
Tuesday Apr 13, 2021
Tuesday Apr 13, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou dyaspora a toupatou ta kanpe nan jou 20 avril la ki make kòm Jounen Nasyonal Dyaspora Ayisyen pou manifeste kont manti BRIDES ak PHTK ki ta vle fè konprann 9 sou chak 10 Ayisyen k ap viv deyò peyi a sipòte pwojè konstitisyon malatchong PHTK a ak eleksyon pike kole yo di y apral fè a: KOMOKODA ap manifeste 20 avril la, 3pm-6pm devan Konsila Ayisyen nan NY la: 815 2nd Avenue, ant 43yèm ak 44yèm Streets
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Segman Zafè Kay ak sè nou Michelle ki nan Flatbush nan Brooklyn nan
Nou bay lis fanmi k ap chache kay pou lwe ak kay pou vann ak fanmi k genyen kay pou lwe epi pou vann
Nouvèl:
-Akoz Kovid-19 la Gouvènman Meriken an ranwyaye dat limit pou moun k ap viv Ozetazini ranpli enpo yo (income tax) pou 17 me olye de 15 avril ki se dat abityèl la
-Yè 12 avril la se te premye jou moun ki te fè lantèman yon fanmi akoz Kovid-19 la te ka rele nimewo telefòn 844-684-6333 pou ranpli aplikasyon FEMA pou leta ranbouse yo jiska $9,000 nan lajan yo te depanse pou lantèman sa a
-Dezyèm tou eleksyon fèt nan peyi Ekwatè dimanch ayè a; Moun ki t ap konte vòt yo fè konnen se kandida ladwat la Guillermo Lasso ki pote laviktwa ak 52% vòt yo
-Polisye ki sasinen Daunte Wright nan Brooklyn Park nan Minesota fè konnen se yon erè li fè: lè l rale zam nan li te konprann se "taser" a ki te nan men li
-Leta NY anonse li mete 2.1 milya dola akote pou ede moun ki pa gen papye ki pèdi djòb yo pandan Kovid-19 la chak ta ka jwenn jiska $15,600; Nou di fanmi nou yo ki pa gen papye, pinga!
Ti koze ak aktivis Anthony Beckford ki kandida pou ranplase Farah Louis nan "City Council" New York la pou 45yèm district la
Monday Apr 12, 2021
Monday Apr 12, 2021
Interview in English with Brother Atiba Williams of SVG, Inc. on the La Soufriere Volcano Tragedy
-What happened?
-Overview of St Vincent and the Grenadines
-Relief efforts
Monday Apr 12, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 12 avril 2021
Monday Apr 12, 2021
Monday Apr 12, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou dyaspora a toupatou ta kanpe nan jou 20 avril la ki make kòm Jounen Nasyonal Dyaspora Ayisyen pou manifeste kont manti BRIDES ak PHTK ki ta vle fè konprann 9 sou chak 10 Ayisyen k ap viv deyò peyi a sipòte pwojè konstitisyon malatchong PHTK a ak eleksyon pike kole yo di y apral fè a: KOMOKODA ap manifeste 20 avril la, 3pm-6pm devan Konsila Ayisyen nan NY la: 815 2nd Avenue, ant 43yèm ak 44yèm Streets
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 9 avril 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Nouvèl:
-Pandan tout je fikse sou jijman polisye Derek Chauvin ki te sasinen George Floyd, yon lòt polisye blan touye Daunte Wright, yon jèn gason nwa 20 lannen
-Òganizasyon RNDDH pibliye yon rapò sou dènye masak gwoup G9 la ta fè nan Bèlè 31 mas ak Premye avril ki sot pase a
-Jounal Haiti Liberté tanmen yon kanpay pou fè Jimmy "Babekyou" Cherizier ak gwoup asasen, kidnapè, kadejakè G9 yo pase pou konbatan lalibète
-Fwa sa a se legliz katolik ki yon lòt fwa ankò viktim kidnaping
-15 me 2021 an se delè pou tout moun ki gen sousi pou enfòmasyon prive yo ak lis kontak ki nan telefòn yo vire do bay Whatsapp
Ti koze ak Brother Atiba Williams, yon fanmi k soti nan zile St Vincent ak Grenadines sou dega vòlkan ki eksploze Vandredi a fè nan peyi sila a
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou dyaspora a toupatou ta kanpe nan jou 20 avril la ki make kòm Jounen Nasyonal Dyaspora Ayisyen pou manifeste kont manti BRIDES ak PHTK ki ta vle fè konprann 9 sou chak 10 Ayisyen k ap viv deyò peyi a sipòte pwojè konstitisyon malatchong PHTK a ak eleksyon pike kole yo di y apral fè a: KOMOKODA ap manifeste 20 avril la, 3pm-6pm devan Konsila Ayisyen nan NY la: 815 2nd Avenue, ant 43yèm ak 44yèm Streets
Tuesday Apr 06, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 6 avril 2021
Tuesday Apr 06, 2021
Tuesday Apr 06, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou pa nan bouk la; Nou remèsye sè nou Angelique ki kenbe tab kontwòl la pou nou
-Move tan frape zòn Gran Nò a ak Plato Santral; Li pote inondasyon ak lanmò; Se noumenm Ayisyen anndan ak deyò peyi a ki gen responsabilite pou kanpe yon gouvènman ki va bay lavi ak byennèt Ayisyen valè
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
N ap korije erè nou te fè yè nan nouvèl sou pwogram FEMA pou ranbouse fanmi k te peye lantèman pou moun yo yo te antere akoz maladi Kovid la: Pwogram nan se pou tout moun ki mouri Kovid apre 20 janvye 2020
Nouvèl
-Attorney General eta New York la Letitia James siyen yon dekrè pou anpeche ajans leta ak biznis prive sezi lajan "stimulus" moun k ap viv nan eta a
-Nou sezi wè fason anpil moun ap plenyen Ayiti pa jwenn vaksen Kovid pandan reyalite demontre pa gen Kovid ann Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Apr 05, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 5 avril 2021
Monday Apr 05, 2021
Monday Apr 05, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 2 avril 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Enpòtans pou n genyen mwayen politik nou; pou dyaspora a mezire longè ponyèt nou epi pou n sispann ap rale rigwaz nou sou pèp la anndan peyi a kòmkwa li ta dwe ap fè x, y, z pandan noumenm ...
Nouvèl:
-Òganizasyon Mondyal Lasante envite Dr. William Pape ki responsab Sant Gheskio yo ann Ayiti pou Inivèsite Cornell nan New York vin fè pati Konsèy Syantifik òganizasyon sila a
-Ajans Federal Meriken FEMA anonse yon pwogram pou ranbouse lajan lajan lantèman moun ki mouri akoz Kovid-19 la isit Ozetazini apre 20 Janvye 2020
Liy ouvè ak oditè yo
Konpayi enfòmasyon LexisNexis siyen yon kontra ak ICE pou founi yo enfòmasyon pou yo ka lokalize imigran san papye nan peyi Etazini