Episodes
Tuesday Mar 30, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 30 mas 2021
Tuesday Mar 30, 2021
Tuesday Mar 30, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou eskize nou dèske emisyon an pa t fèt yè
Ti ranmase sou divès manifestasyon ki te fèt yè nan kad Jounen Entènasyonal Solidarite ak Ayiti atravè mond lan epi manifestasyon nan NY la KOMOKODA te òganize devan Misyon Etazini nan LONI, Midi pou 3PM
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 26 mas 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Segman Zafè Kay ak sè nou Michelle ki nan Flatbush nan Brooklyn nan
Nouvèl
-Gouvènè Eta Virginia siyen lwa pou fini ak pèn lanmò nan eta sila a
-Avoka Fred Smith nan Bahamas denonse mannèv rasis peyi sila a pou elimine kominote Ayisyen nan yon seri zòn yo abitye viv nan peyi sila a
-Nou jete dlo pou militan feminis Ejipsyen Dr. Nawal El-Saadawi ki fè travèse li nan peyi sila a nan laj 89 lannen
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Mar 23, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 23 mas 2021
Tuesday Mar 23, 2021
Tuesday Mar 23, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
KOMOKODA ap patisipe nan Jounen Solidarite Entènasyonal ak Ayiti lendi 29 mas 2021: N ap manifeste devan Misyon Etazini nan LONI, Midi pou 3PM
Nou bay lis fanmi k ap chache kay pou lwe ak kay pou vann ak fanmi k genyen kay pou lwe epi pou vann
Segman Zafè Kay ak sè nou Michelle ki nan Flatbush nan Brooklyn nan
Nouvèl:
-Gwo nouvèl Ozetazini jodi a se atak ak zam fann fwa yon jèn gason k rele Ahmad Al-Issa fè nan Colorado
-Atak rasis k ap fèt sou moun dorijin Azyatik k ap viv Ozetazini apre Donald Trump ak lòt rasis nan peyi a chache lage responsabilite orijin kowonaviris la sou do Lachin
-Rapò sou rasis ak diskriminasyon k ap fèt nan sistèm tribinal nan eta New York
Refleksyon nou sou asasen vòlè pyon Meriken Reginald "Reggie" Boulos ki soti pou fè Ayisyen pran l pou sovè k ap vin retire nou atè a ak yon mouvman "Twazyèm Vwa"
-Pòt pawòl Mezon Blanch Karine Jean Pierre fè konnen se yon gwo van k t ap vante nan ayewopò Washington nan ki fè Joe Biden te tonbe 3 fwa pandan l t ap monte mach eskalye avyon pou l t al Georgia
-Gouvènmen Meriken an anonse ap genyen yon lòt depozit to tchotcho "stimulus" la k ap fèt demen epi yo panko mete pou moun ki resevwa Social Security epi k pa ranpli enpo yo
-Dr. William Pape fè je l chèch pou l mande Ayisyen aliyen yo pou y al pran vaksen kovid la malgre pwòp chif gouvènman restavèk la di se 251 moun ki mouri akoz maladi sila a nan peyi a
Liy ouvè ak oditè yo
KOMOKODA ap patisipe nan Jounen Solidarite Entènasyonal ak Ayiti lendi 29 mas 2021: N ap manifeste devan Misyon Etazini nan LONI, Midi pou 3PM
Anbasad Meriken dekrete Fantòm 509 yon òganizasyon kriminèl teworis apre ensidan kote yo di gwoup sila a te bloke otobis ekip foutbòl peyi Beliz ki rantre nan peyi a yè pou yon match entènasyonal
Monday Mar 22, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 22 mas 2021
Monday Mar 22, 2021
Monday Mar 22, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou swete gran frè nou Ralph Poynter yon Bòn Fèt: Yè dimanch lan li selebre 87yèm anivèsè nesans la epi l toujou Djanm sou beton an
Nou salye memwa frè nou Gary Olibrice ki fè travèse li depi Vandredi 19 mas ki sot pase a
Mobilizasyon pou Jounen Solidarite Entènasyonal ak Ayiti lendi 29 mas 2021: N ap manifeste devan Misyon Etazini nan LONI, Midi pou 3PM
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 19 mas 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines; Nou fè ti koze sou 219yèm anivèsè Batay Lakrètapyewo a
Nouvèl:
-Joe Biden fè ti atak rizib sou Vladimir Putin. Putin pase Biden nan betiz
-Sèvis Sekrè Meriken arete yon ansyen sòlda Meriken ak gwo zam fann fwa nan machin li arebò kay Vis Prezidan Kamala Harris
-Chanm Depite Meriken an vote yon pwojè lwa ki ta dwe bay "Dreamers" yo, moun ki gen TPS yo, ak imigran san papye k ap travay latè rezidans pèmànan
-OEA pran yon rezilisyon tèt chat sou dosye Ayiti a
-Bagay la tèlman lèd pou yo PHTK angaje yon 4yèm biznis Lòbiyis pou chache pwòpte dosye yo nan figi patwon yo Ozetazini
-òganizasyon BRIDES k ap mennen mannigèt pou Meriken ann Ayiti fè konnen 87.1% dyaspora a dakò ak pwojè konstitisyon Jovenel la epi plis pase 70% dyaspora a di l ap rantre al vote malpwòpte a
Mobilizasyon pou Jounen Solidarite Entènasyonal ak Ayiti lendi 29 mas 2021: N ap manifeste devan Misyon Etazini nan LONI, Midi pou 3PM
Liy ouvè ak oditè yo
Facebook ap fè yon nouvo mannèv pou fòse moun k ap sèvi ak Whatsapp yo ba li dwa pataje enfòmasyon prive yo ak lòt biznis li posede
Tuesday Mar 16, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 16 mas 2021
Tuesday Mar 16, 2021
Tuesday Mar 16, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Jodi 16 mas 2021 an fè 21 lannen depi polis NYPD Anthony Vazquez te sasinen Patrick Dorismond; Nou jete dlo pou Patrick epi nou salye kouraj kominote Ayisyen an ki te kanpe sou 2 pye militè l pou denonse sasinay sila a
KOMOKODA ap patisipe nan Jounen Solidarite Entènasyonal ak Ayiti lendi 29 mas 2021: N ap manifeste devan Misyon Etazini nan LONI, Midi pou 3PM
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Segman Zafè Kay ak sè nou Michelle ki nan Flatbush nan Brooklyn nan
Nouvèl
-Yè lendi a moun k ap goumen kont prezans Etazini nan Irak yo bonbade baz militè sòlda Meriken nan peyi sila a
-Taliban yo nan Afganistan di Joe Biden pito li ta suiv chimen Donald Trump lan epi retire tout sòlda Meriken sou teritwa yo
-Ti komik Jovenel Moise siyen yon dekrè pou di lapolis pral kolabore ak lame li a pou yo degèpi bandi; Menm dekrè sila a tou fè konnen li pral chèche sipò "teknik" Etranje pou vin pote l ranfò pou l degèpi gang
-Gouvènman nan peyi Ougannda arete ansyen kandida alaprezidans Bobi Wine ak plizyè depite pati li a ki te pran lari al manifeste ansanm ak li
-Gouvènman peyi Bolivi arete Jeanine Anez ki te pote tit prezidan pandan 1 an koudeta a ansanm ak plizyè lòt kolaboratè li
-Bank Mondyal deside bay Jovenel Moise 75 milyon dola pou kore masak l ap fè popilasyon Ayisyen an
Liy ouvè ak oditè yo
Ti koze ak frè nou Prince Guetjens sou dènye liv li ekri sou koupe fache ki te genyen nan "Centre D'Art Haitien" an 1950 (La Scission de 1950 au Centre D'Art Haitien)
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Mar 15, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 15 mas 2021
Monday Mar 15, 2021
Monday Mar 15, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye memwa frè nou Chenet Adrien ki fè travèse li depi 11 avril 2020 men nou fèk aprann sa
Nou salye sè nou Yolette Jules (Joujou) k ap selebre anivèsè nesans li jodi a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 12 mas 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
KOMOKODA ap patisipe nan Jounen Solidarite Entènasyonal ak Ayiti lendi 29 mas 2021: N ap manifeste devan Misyon Etazini nan LONI, Midi pou 3PM
Jij ki te chita sou dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la deside voye dosye a jete kòmkwa li pa nan konpetans yon tribinal Meriken
Pòtpawòl Ministè Afè Etranjè Larisi di peyi li pare pou mache ansanm ak pèp Ayisyen an seswa nan nivo bilateral oswa atravè BINUH nan Nasyonzini
Liy ouvè ak oditè yo
Nou salye Dede, manman sè nou Altagracia k ap selebre anivèsè nesans li jodi a; Nou swete l Sante Sante Sante!
Leta Minnesota fè antant ak fanmi George Floyd pou 27 milyon dola
Nou ri komedi sou Ayiti ki fèt nan Komisyon Afè Etranjè Meriken an semèn pase: Ansyen Anbasadè Meriken-PHTK Pamela White soti pou pase kòm defansè pèp Ayisyen an ak lòt payas k al pote mèt ke Jovenel Moise plent pou Jovenel Moise
Ti ranmase sou selebrasyon Eritye Papa Desalin te òganize yè dimanch la nan okazyon Mwa Fanm nan
Tuesday Mar 09, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 9 mas 2021
Tuesday Mar 09, 2021
Tuesday Mar 09, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Segman Zafè Kay ak sè nou Michelle ki nan Flatbush nan Brooklyn nan
Nouvèl:
-Quixote Center fè yon etid ki montre Gouvènman Biden nan depòte plis moun Ayiti pandan mwa fevriye a ke Trump te depòte pandan tout ane 2020 an
-Jounal entènèt Haitian Times ekri yon atik pou montre Farah Louis ki reprezante District 45 lan bay gwoup andeyò zòn lan $1.4Milyon pandan gwoup nan district la jwenn $200 mil dola nan men li
-Pou reponn atak Meriken sou yon baz Iranyen nan Lasiri Vandredi k sot pase a Lasiri, Iran ak Larisi bonbade yon karavàn kamyon luil Meriken ak bizawèl li ki okipe teritwa Lasiri ilegalman t ap fofile pou y al vann nan mache nwa
-Dènye nouvèl nan dosye stimulus lan
-Lakou Siprèm nan Brezil blanchi dosye ansyen prezidan Lula; Sa louvri baryè pou l kandida pou prezidan nan pwochen eleksyon peyi a ane pwochèn
Emisyon Eritye Papa Desalin retire chapo n pou n salye memwa Pè Jean Yves Urfié, yon blan Franse ki te yon gran sipòtè pèp Ayisyen an epi yon Vanyan konbatan pou lang Kreyòl la, ki fè travèse li 10 fevriye k sot pase
Liy ouvè ak oditè yo
Twa pa - Istwa Jean-Claude Martineau (Koralen)
Nou salye sè nou Marlene Jean Noel ki se sè Dr. Ernst Pady yo sasinen devan klinik li Pòtoprens epi nou salye sè nou Fabienne René ki se kouzin enfimyè Edeline Mentor Louis yo sasinen sou wout Frè a
N ap kontinye bat fè a pou ede pèp Ayisyen an sonje fòs li
Monday Mar 08, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 8 mas 2021
Monday Mar 08, 2021
Monday Mar 08, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Yon emisyon espesyal nan okazyon 8 mas, Jounen Entènasyonal Fanm
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 5 mas 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou pase "Segman Fanm" sè nou Zermatt Scutt te fè nan emisyon Lakou NY 8 mas 2011 kote gran sè nou Igèt Dejan te fè yon ti koze ak Ninaj Raoul ki se responsab òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Refleksyon nou sou Jounen entènasyonal Fanm nan nan pèspektiv fanm ki kontinye ap sibi vyolans anba men gason ki nan lavi yo epi kadejak ak tizonnay fanm yo ap sibi
Refleksyon nou sou akizasyon tizonnay 5 fanm pote kont gouvènè eta New York la Andrew Cuomo
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Mar 02, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 2 mas 2021
Tuesday Mar 02, 2021
Tuesday Mar 02, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Segman Zafè Kay ak sè nou Michelle ki nan Flatbush nan Brooklyn nan
Yon ti rale sou mannigèt bacha Juif yo k ap fè dappiyanp sou kay fanmi nou yo nan zòn Flatbush la ak konplisite politisyen restavèk ki sanble ak nou, ki pale lang nou epi enpòtans pou kominote a defann tèt nou kòmsadwa
Liy ouvè ak oditè yo
Nou pase vwa Ms. Elias ki se yon fanmi nan Bedstuy ki viktim malfektè sa yo ki fè espre kraze kay li pandan y ap travay sou yon kay akote kay li a pou yo fòse l vann ak yo
Lyen pou videyo kote Ms. Elias ap rankonte masuife l ap monte a (Angle):
https://www.youtube.com/watch?v=VRfjsAT2inU
Anons moun ka p chèche kay pou lwe ak achte ak moun ki genyen pou lwe ak vann
Gouvènè eta New York la Andrew Cuomo pran nan cho: 3 fi akize li te fè avans seksyèl sou yo nan move kondisyon
Nan ki pwen plan "stimulus" Pati Demokrat la ye jounen jodi a
Etazini ak Inyon Ewopeyen anonse nouvo sanksyon ekonomik kont Larisi pou fòse peyi sila a koube l ak volonte yo
Ministè Afè Etranjè Lachin mande Etazini wete lasi k nan je l la anvan l vin lonje dwèt sou koze vyolasyon dwa moun kominote Mizilman Uighur nan zòn Xinjiang nan Lachin
Nou retounen sou eskandal ki pete lè peyi a aprann se manman baz PHTK Magalie Habitant ki t al chache 2 dominiken yo nan men kidnapè yo; Pou ki sa li pa fè okenn sans pou Ayisyen kontinye ap pale de jistis nan peyi nou; Nou repase vwa madanm nan k ap pann tèt li ak pwòp bouch li
Liy ouvè ak oditè yo