Episodes
Tuesday Feb 23, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 23 Fevriye 2021
Tuesday Feb 23, 2021
Tuesday Feb 23, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou jete dlo pou Vanyan Malcolm X, 21 fevriye k sot pase a fè 56 lannen depi Gouvènman Meriken an sasinen l
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Segman Zafè Kay
Nou bay lis moun ki te minis nan gouvènman Evans Paul yo epi nou mande pèp Ayisyen an pinga bliye non okenn nan vòlè sa yo
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Feb 22, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 22 fevriye 2021
Monday Feb 22, 2021
Monday Feb 22, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Detay sou diferan fason fanmi yo ka branche pou koute emisyon an
Joe Biden lage pwojè lwa pou adrese koze imigrasyon nan peyi Etazini kote 11 milyon moun san papye yo ta ka jwenn rezidans: N ap repete se yon pwojè lwa; N ap di oditè yo se panko yon lwa kidonk pinga pèsonn al peye moun pou ranpli aplikasyon pou yo paske panko genyen aplikasyon
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 19 Fevriye 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Anons moun ka p chèche kay pou lwe ak vann ak moun ki genyen pou lwe ak vann
Nouvèl:
-Kèk bagay ki nan pwojè lwa imigrasyon Joe Biden nan
-Nou sezi tande ULCC ki panko leve ti dwèt nan okenn doye koripsyon pral envestige senatè PHTK chat mimi Rony Celestin
Liy ouvè ak oditè yo
Nou bay lis moun ki minis nan gouvènman Laurent Lamothe yo epi nou mande pèp Ayisyen an pinga bliye non okenn nan vòlè sa yo
Tuesday Feb 16, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 16 Fevriye 2021
Tuesday Feb 16, 2021
Tuesday Feb 16, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Jounal nan Montreal nan Canada rapòte Senatè PHTK Rony Celestin ak madanm li k ap travay nan Konsila Montreal achte yon vila nan Laval andeyò Montreal pou $4.25 milyon
Nou bay lis moun ki minis nan gouvènman Jouthe Joseph yo epi nou mande pèp Ayisyen an pinga bliye non okenn nan vòlè sa yo
Sè nou Altagracia Jean Joseph nan Repiblik Dominikèn ki pote Repòtaj Kay Vwazen pa la ak nou jodi a
Segman Zafè Kay: Sè nou Michelle ak avoka Carmelle Robillard k ap pale sou "Trusts" ak lòt dokiman moun sèvi pou pwoteje byen yo Ozetazini
Gwo tèt chaje sistèm elektrisite nan eta Texas nan yon epòk kote fè frèt anpil nan zòn nan
Ayibobo pou fanmi k te pran lari pou manifeste pou chavire chodyè Jovenel Moise - PHTK a; Popilasyon Gonayiv boule cha kanaval ki te nan wout pou Pòdepè: Pinga nou pran nan pyèj konprann pèp la pa p goumen
Peyi Bahamas deside fèmen tout vòl komèsyal ak tout batiman ki soti Ayiti akoz kanaval Jovenel nan tan kovid-19 la
Gouvènè eta New York la Andrew Cuomo pran nan cho akoz akizasyon li ta kache vrè chif moun ki mouri nan "nursing home" nan eta a
Liy ouvè ak oditè yo
Se pèp Ayisyen an sèlman, Ayisyen k ap goumen pou Ayiti k ap sove Ayiti
Anons pou sèvis gratis emisyon an kote nou konekte fanmi k ap lwe epi vann kay nan kominote ak fanmi k ap chache
Monday Feb 15, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 15 fevriye 2021
Monday Feb 15, 2021
Monday Feb 15, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Anons pou sèvis gratis emisyon an pou konekte fanmi k ap lwe epi vann kay nan kominote ak fanmi k ap chache
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 12 Fevriye 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Donald Trump pote laviktwa nan jijman k t ap fèt nan Chanm Sena Meriken an; Gwo Moso lage yon mesaj pou di batay li fèk koumanse
Ayibobo pou fanmi k te pran lari pou manifeste pou chavire chodyè Jovenel Moise - PHTK a
Pèp Ayisyen an kanpe ap manifeste, boule kawoutchou nan divès vil nan peyi a epi kanaval pèpè tèt bòbèch ak gouyad lanvè ap bwase nan Pòdepè
94 pati politik bidon pran chimen konstitisyon-eleksyon Jovenel Moise - PHTK a
Nou di pèp Ayisyen an atansyon ak mesaj tchoul restavèk, òganizasyon, politisyen k ap ekri lèt, mete deklarasyon deyò pou mande Joe Biden fè nou gras, "restore" demokrasi ann Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Nou bay lis manm konsèy konstitisyonèl Jovenel Moise la epi nou mande pèp Ayisyen an pinga bliye non okenn nan vòlè sa yo
Nou bay lis moun ki te minis nan gouvènman Jean Michel Lapin yo epi nou mande pèp Ayisyen an pinga bliye non okenn nan vòlè sa yo
CARICOM mete deklarasyon l deyò pou mande respè pou lalwa, dyalòg ant gouvènman ak opozisyon an, epi li tou montre kote l kanpe lè l bat bravo pou kalandriye elektoral PHTK pèp la rejte a
Tuesday Feb 09, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 9 Fevriye 2021
Tuesday Feb 09, 2021
Tuesday Feb 09, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Jodi a se fèt frè nou Vilcere Romulus: Nou swete Vanyan an yon Bòn Fèt!
Joe Biden di Jovenel Moise "Boule Gra", ti restavèk PHTK yo konprann se pou tout bon. Agawou di: Si Bondye vle!
Mèsi Papa Desalin: Travay Vanyan Feliks Moriso Lewa
Sè nou Altagracia Jean Joseph nan Repiblik Dominikèn ki pote Repòtaj Kay Vwazen pa la ak nou jodi a
Segman Zafè Kay
Nou bay lis moun ki minis nan gouvènman Jouthe Joseph yo epi nou mande pèp Ayisyen an pinga bliye non okenn nan vòlè sa yo
Refleksyon nou sou jijman Donald Trump k ap fèt nan chanm Sena Meriken an
Tchoul restavèk Jovenel Moise di li revoke 3 jij nan Tribinal Kasasyon Ayiti a ki se ekivalan Lakou Siprèm Etazini
Devlopman nan dosye Alexei Navalny nan Larisi
Tout detay sou fason oditè yo ka tande emisyon Eritye Papa Desalin, andirèk oswa nan sit entènèt achiv emisyon an
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Feb 08, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 8 fevriye 2021
Monday Feb 08, 2021
Monday Feb 08, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye tout fanmi k te patisipe nan manifestasyon KOMOKODA te lanse samdi a nan Brooklyn nan; Nou remèsye tout medya yo k te ede nou gaye mesaj la
Ki jan nou wè kalfou sila a peyi nou ap travèse a; Ayibobo pou Vanyan Evo Morales ki fè pèp Ayisyen an sonje se yon pèp Granmoun nou ye, ke se noumenm sèl k ap rive delivre peyi nou
Nou pase son manifestasyon KOMOKODA a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 5 Fevriye 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Nou pase son manifestsasyon Canada a
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou pase mesaj KOMOKODA te bay nan manifestasyon an
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou mobilizasyon ki te fèt nan Canada yè dimanch 7 fevriye a pou soutni lit pèp Ayisyen an
Nou pase ti koze Jafrik te fè ak sè nou Turenne Joseph nan manifestasyon Canada a
Liy ouvè ak oditè yo
Dènye nouvèl ki tonbe sou plan "stimulus" ki vote Vandredi k sot pase a nan Washington
Tuesday Feb 02, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 2 Fevriye 2021
Tuesday Feb 02, 2021
Tuesday Feb 02, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nou ankouraje pèp Ayisyen anndan peyi a bare konplo lènmi nou yo ap manniganse ak Joseph Lambert pou chache detounen mobilizasyon lari a
Segman Zafè Kay
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA ap fè nan Brooklyn nan samdi 6 fevriye k ap vini an a 1è Tapan
Nou bay lis moun ki minis nan gouvènman Jouthe Joseph yo epi nou mande pèp Ayisyen an pinga bliye non okenn nan vòlè sa yo
Liy ouvè ak oditè yo
Prezidan Meriken an Joe Biden sanble l rantre tou limen: Li voye avyon lagè al chache Lachin kont tou pre espas ayeryen Taiwan epi an menm tan li voye batiman lagè al pwovoke Larisi nan Lamè Nwa
Militè yo pran pouvwa atravè yon koudeta nan peyi Myanmar epi yo dekrete yon lannen Etadijans; Biden menase l ap mete sanksyon si yo pa renmèt pouvwa a
Monday Feb 01, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi Premye fevriye 2021
Monday Feb 01, 2021
Monday Feb 01, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye tout fanmi k te rele nou pou swete nou yon Bòn Fèt Mèkredi pase
Yon kokenn tanpèt nèj lòk lavil NY ak tout zòn Nòdès Etazini, anba pa monte, anwo pa desann; Prekosyon nou ankouraje fanmi yo pran pou chache pwoteje tèt yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 29 Janvye 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA ap fè nan Brooklyn nan samdi 6 fevriye k ap vini an a 1è Tapan
Liy ouvè ak oditè yo