Episodes

Tuesday Jan 26, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 26 janvye 2021
Tuesday Jan 26, 2021
Tuesday Jan 26, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye memwa yon frè Nwa Meriken k te rele Dana Driskell ki fè travèse li; Lantèman li ap fèt jodi a nan Brooklyn nan
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Anbasad Meriken ann Ayiti mande pou tout moun k ap vwayaje vin Etazini blije gen yon tès kovid ki negativ ki pa gen plis ke 3 jou pou yo ka monte avyon an; Sant Gheskio mete nòt deyò pou di yo relouvri pou bay tès kovid Meriken mande a akondisyon vwayajè yo peye $50 pou li
-Apre nouvèl ki te anonse kidnapè ta rache yon timoun 10 lannen nan men manman l, elèv lekòl nan divès zòn nan peyi a pran lari pou rele Aba Kidnapin
Liy ouvè ak oditè yo sou koze timoun ki blije ap kanpe pou mande jistis pou tèt yo
Nouvèl:
-Chanm Sena Meriken an resevwa akizasyon kont Gwo Moso Donald Trump yo men ata Joe Biden rekonèt l ap fò difisil pou Demokrat yo ta jwenn 17 Repibliken pou mete ak yo pou kondane Trump
-Gwo konpayi teknoloji yo fè kò pou di yo pa p sipòte okenn senatè oswa depite k te vote kont sètifikasyon Joe Biden nan ak lajan yo
-Nan rankont gwo peyi yo nan Davos, Alatèt peyi Almay Angela Merkeldi li pa nòmal pou gwo peyi yo ranmase tout vaksen k disponiblan pou tèt yo pandan ti peyi yo rete toutouni
Nou ankouraje oditè yo remonte gad yo fas ak Kowonaviris la paske li parèt ti bèt la ap mòde moun rèd nan peyi a
Tribinal nan peyi Ougannda mande pou lame libere Bobi Wine ki t al nan eleksyon anfas Youri Museveni
Demokrat yo nan tou 2 chanm kongrè Meriken an pote papye pou bay 200,000 refijye Venezyela ki Etazini estati TPS
You kab fiboptik ki koupe nan Brooklyn sanble l ta lakòz entènèt ki koupe nan yon bon pati Midwest ak Nòdès Etazini
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Jan 25, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 25 janvye 2021
Monday Jan 25, 2021
Monday Jan 25, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 22 Janvye 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl
-Gouvènman Meriken an rapòte 46% moun ki te vote nan eleksyon mwa novanm nan te vote atravè lapòs; Jodi a konpayi Amazon di li pa p aksepte vòt anplwaye li yo ki deside rantre nan sendika paske li pa kwè vòt ki fèt nan lapòs pa gen sekirite
-Nouvo Sekretè Deta Meriken nan gouvènman Joe Biden nan anonse pou yomenm menm jan ak Donald Trump se Juan Guaido ki prezidan Venezyela epi y ap kontinye rekonèt Jerizalèm kòm kapital Izrayèl
-Se aswè a Chanm Depite Meriken an pral pote dokiman "impeachment" Donald Trump lan bay Chanm Sena a pou yo ka koumanse jijman msye
-Lakou Siprèm Etazini voye jete akizasyon ki ta di Trump te pwofite pozisyon li kòm prezidan Etazini pou l fè lajan; Pou di yo tout pa fè menm sa yo akize Trump lan?
-Sòlda gad nasyonal Meriken yo te mete deyò nan Capitol la remèsye Trump dèske l te envite yo ale nan otèl li gratis ti cheri
-19 Migran Ayisyen ateri nan Boynton Beach nan Florid, tou pre kay Trump nan Mar-a-Lago
-FIFA enstale Michaelle Jean alatèt yon komisyon ki ta dwe mete lòd nan Federasyon Foutbòl Ayisyen an
-Jimmy Cherizier ak G9 manifeste nan Lasalin ak Site Solèy devan je lapolis ki pa bay gas epi yo pa tire katouch
Liy ouvè ak oditè yo
Ti detay sou padon ak komitasyon yon prezidan Meriken andwa bay ak ki lès nan yo ki siyen pi plis

Tuesday Jan 19, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 19 janvye 2021
Tuesday Jan 19, 2021
Tuesday Jan 19, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Attorney General eta NY la Letitia James asiyen lavil NY ak Depatman Lapolis pou maspinay yo te fè sou manifestan nan leve kanpe k te genyen nan zòn nan apre sasinay George Floyd la
-Demen Joe Biden ak Kamala Harris ta sipoze monte opouvwa isit Ozetazini: Washington DC fèmen epi 25,000 gad nasyonal sèke vil la
-Anpil atant ke Donald Trump ta gen pou grasye depase 100 moun tribinal ta deja kondane oswa ta gen dosye yo nan men leta
-Yè Lendi a Trump siyen dekrè pou relouvri trafik avyon ant Inyon Ewopeyèn, Angletè ak Brezil; Moun Biden yo di osito Biden monte l ap chire papye a
-Diplis ki soti sou pwojè lwa sou imigrasyon Joe Biden ta gen pou l voye nan palman Etazini an osito l monte; Nou ankouraje kominote a pran prekosyon ak chalatan k ap pare pou vòlò lajan yo nan tout koze imigrasyon sa yo k ap pale a
-Nou ankouraje oditè yo kontinye pran prekosyon ak koze vaksen kovid yo ki deyò a
-FIFA pibliye rapò envestigasyon li ki te mennen yo kondane Yves Dadou Jean-Bart pou kadejak sou ti fi foutbolèz yo
Anons manifestasyon KOMOKODA lanse pou samdi 6 fevriye, 1pm nan Flatbush ak Parkside pou n ede pèp la anndan peyi a dechouke Jovenel Moise
Liy ouvè ak oditè yo
Lapolis nan Larisi arete Alexei Navalnay ki kanpe anfas Vladimir Putin nan ayewopò osito l ateri nan Moskou
Liy ouvè ak oditè yo
Pwovokasyon Biden ki nome ansyen Anbasadè Etazini nan Larisi William Burns alatèt CIA epi li nome Victoria Nuland ki te akitèk koudeta Etazini te fè nan Ikrèn nan 3yèm pi wo grade nan Depatman Deta

Monday Jan 18, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 18 janvye 2021
Monday Jan 18, 2021
Monday Jan 18, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye memwa Vanyan Martin Luther King, Jr.; Jodi a se jou Gouvènman Etazini chwazi pou salye travay li ak yon jou ferye
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 15 Janvye 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou jete dlo pou frè nou Ougan Jean Jacques Dieudonné ki fè travèse li Vandredi k sot pase a nan Miragwàn
Nouvèl:
-Konsèy elektoral nan peyi Ougannda deklare ansyen prezidan an Yoweri Museveni ranpòte kichòy la ak prèske 60% vòt yo
-Alatèt Meksik, Almay, Lafrans, ak Lapolòy di li pa nòmal ke yon gwoup konpayi prive rive fèmen bouch prezidan Etazini an
-Konpayi Whatsapp deside ranvwaye nouvo regleman pou l ta pataje enfòmasyon prive abone li yo ak Facebook ak Instagram pou 15 me 2021 olye de 8 fevriye 2021
-Jedi swa, Joe Biden ki pral monte kòm 46yèm prezidan Etazini, prezante peyi li plan ekonomik li pral pwopoze pou fè fas kare ak kowonaviris la
-Pawòl ap pale nan lari a sou dekrè ak pwojè lwa sou imigrasyon ak plizyè lòt dosye Joe Biden ta va gen pou pouse osito l pran pouvwa a
-Dènye nouvèl nan koze "impeachment" Donald Trump lan
-Konferans òganizasyon dyaspora Ayisyen an nan Petyonvil "Nou ladan l tou" pou yo rantre nan koze
KOMOKODA mande kominote a mete dat 6 fevriye 2021 nan kalandriye li pou n al manifeste kont Jovenel Moise ak mèt ke li yo
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Jan 12, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 12 janvye 2021
Tuesday Jan 12, 2021
Tuesday Jan 12, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou nan manifestasyon KOMOKODA devan Fondasyon Clinton pou n kontinye lonje dwèt sou yo pou lajan Goudougoudou a yo vòlè epi apatrid Martelly ak Jovenel yo enpoze alatèt peyi nou
Anons pou aktivite ti frè nou Menesky Magloire ap fè a 4:30 apremidi a nan Prospect Park pou make 11 lannen depi Goudougoudou a
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn; Altagracia remèsye oditè yo ki te pote kole nan konbit pou te fè l kado yon nouvo telefòn
Repòtaj andirèk nan manifestasyon KOMOKODA devan Fondasyon Clinton ki chita nan 1633 Broadway, ant 50th & 51st Streets nan Manhattan
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Jan 11, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 11 janvye 2021
Monday Jan 11, 2021
Monday Jan 11, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse pou Madi pwochen 12 janvye devan Fondasyon Clinton pou n kontinye lonje dwèt sou yo pou lajan Goudougoudou a yo vòlè epi apatrid Martelly ak Jovenel yo enpoze alatèt peyi nou
Anons pou aktivite k ap fèt nan kominote a demen pou make 11 lannen depi Goudougoudou a
Anons pou fanmi k ap chèche apatman nan kominote a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 8 Janvye 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
"Twòp san koule, Fòk Jovenel ale!" son manifestasyon k pete anndan yon legliz nan peyi a yè dimanch lan
Ayibobo pou fanmi ki nan lari peyi nou ap manifeste epi boule kawoutchou pou yo dechouke Jovenel Moise
Refleksyon nou sou pil pale anpil ak mouvman pou izole Donald Trump k ap fèt apre ensidan k pase nan Washington Mèkredi pase a; Dekiprevyen 3 konpayi teknoloji monte yon konplo epi yo fèmen djòl Prezidan peyi yo di k pi puisan sou latè a
Samdi 9 janvye a Minis Afè Etranjè Meriken an al Taiwan pou l deklare Etazini pa p kontinye respekte politik "Yon Sèl Lachin" nan ankò
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Jan 05, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 5 janvye 2021
Tuesday Jan 05, 2021
Tuesday Jan 05, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse pou Madi pwochen 12 janvye devan Fondasyon Clinton pou n kontinye lonje dwèt sou yo pou lajan Goudougoudou a yo vòlè epi apatrid Martelly ak Jovenel yo enpoze alatèt peyi nou
Nou swete frè nou Pedro Vargas k ap selebre anivèsè nesans li jodi a yon Bòn Fèt!
Gwo lese frape nan Georgia jodi a pou 2yèm tou ant Democrat ak Republicans pou deside kilès nan 2 gwoup sa yo k apral dirije chanm Sena Meriken an
Nou remèsye tout fanmi ki te patisipe nan konbit fen lannen nou te fè semèn pase pou ankouraje oditè k ap benifisye yon avantaj nan enpo yo pou sipòte emisyon an
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Pèp Iranyen an ak alye yo te fè gwo manifestasyon pou make yon lannen depi sasinay Jeneral Soleimani ak lidè Komite pou Mobilizasyon Popilè yo Abu Mahdi Al-Muhandis; Peyi Iran mete manda arestasyon kont Donald Trump ak 47 lòt lidè Meriken
-Nouvo Palman ki eli nan eleksyon 6 desanm yo nan peyi Venezyela monte opouvwa jodi a; Guaido ak Meriken pran kabann
-Gwo lòbèy san lè pete nan Washington demen lè Kolèj Elektoral la pral prezante rezilta eleksyon prezidansyèl 3 novanm bay Kongrè a
-Moun ap rele anmwe pou anrejistreman apèl Donald Trump ak Sekretè Deta Georgia a, Gwo Moso di Bri Sapat
-Yon enfimyè 41 lannen nan peyi Pòtigal mouri apre l fin pran vaksen kovid Pfizer a
Liy ouvè ak oditè yo
10 ansyen Minis Defans Etazini siyen yon papye pou di Donald Trump pinga! Li pa andwe mele militè peyi a nan koze eleksyon

Monday Jan 04, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 4 janvye 2021
Monday Jan 04, 2021
Monday Jan 04, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo: Tout sa ki fè ane 2020 an ak nou epi k ap louvri 2021 an ak nou jodi a
Ayibobo pou tout fanmi ki te patisipe nan selebrasyon 217yèm anivèsè Endepandans Ayiti a ak nou ak tout sa k te pote yon kontribisyon pou fè aktivite a yon pi bèl aktivite
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse pou Madi pwochen 12 janvye devan Fondasyon Clinton pou n kontinye lonje dwèt sou yo pou lajan Goudougoudou a yo vòlè epi apatrid Martelly ak Jovenel yo enpoze alatèt peyi nou
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi Premye Janvye 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou salye 4 lòt peyi yo ki te selebre Endepandans yo Premye Janvye a: Soudan (65 an), Kiba(62 an), Kamewoun (61 an), ak Brine (37 an)
Nouvèl:
-Jij Vanessa Barritser nan Angletè deside peyi li pa dwe voye Julian Assange vin jije Ozetazini
-Moun lapolis pa rive idantifye vandalize papòt alatèt Chanm Sena Meriken an Mitch McConnell ak alatèt Chanm Depite a Nancy Pelosi
-Alatèt "Operation Warpspeed" Mezon Blanch Meriken an fè konnen yo pral divize dòz vaksen Moderna a amwatye pou plis moun ka jwenn ti kal; Ajans Medikal ak Biyolojik Federal nan Larisi anonse li kreye yon antidòt pou Kovid-19 la ki jiskaprezan parèt 99% efektif
Liy ouvè ak oditè yo
Anons