Episodes
Tuesday Dec 29, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 29 desanm 2020
Tuesday Dec 29, 2020
Tuesday Dec 29, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Jodi a se dènye emisyon nou ane 2020 an; N ap fè yon emisyon espesyal 2zèd tan pou n fèmen ane a
Nou envite oditè yo pase selebre 217yèm anivèsè nesans peyi nou Vandredi 3pm
Sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikènfè yon ranmase sou gwo dosye ane 2020 an
Nou pataje dènye enfòmasyon sou "stimulus package" k ap bwase nan Washington nan
Nou salye memwa kèk Vanyan epi kèk fanmi ki fè travèse yo pandan ane 2020 an
Liy ouvè pou pèmèt oditè yo salye memwa fanmi ak zanmi yo ki janbe pandan ane 2020 an
Anons
Monday Dec 28, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 28 desanm 2020
Monday Dec 28, 2020
Monday Dec 28, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Jodi a ak demen n ap fè yon emisyon espesyal 2zèd tan pou n fèmen ane 2020 an
Remèsiman pou 15 fanmi ki te pote kole nan konbit pou selebrasyon fanmi yo nan Klib Zanmi Kiba nan Sidès la t ap fè pou remèsye Brigad Medikal Kiben an pou solidarite yo ak Ayiti
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 25 desanm nan epi pou ane 2020 an ansanm ak sè nou Fabyèn Yasent
Sè nou Rheza vini nan non Klib Zanmi Kiba nan Sidès la pou remèsye oditè yo
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou remèsye 2 fanmi (Konpatriyòt Carl ak Madam Julie) ki te sipòte selebrasyon pou Brigad Medikal Kiben yo epi ki te tou pwofite bay yon sipò pou emisyon Eritye Papa Desalin
Konbit pou n ankouraje fanmi ki gen mwayen bay emisyon an yon sipò yo ka reklame nan enpo yo (tax deductible)
Nouvèl:
-Gwo Moso fè bèk atè, li siyen pwojè lwa stimulus $600 a
-Yon kamyon ki te monte ak bonb eklate devan yon gwo bilding ki te genyen rezo kominikasyon AT&T nan Nashville, TN epi fè gwo dega
Nou fè yon ranmase sou gwo dosye ki touche nou pandan 2020 an
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Dec 22, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 22 desanm 2020
Tuesday Dec 22, 2020
Tuesday Dec 22, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou swete frè nou Fritzner Pierre, manm KOMOKODA k ap selebre anivèsè nesans li jodi a yon "Bòn Fèt"
Nou bat gwo bravo pou pitit fi KOMOKODA epi pitit fi Vandredi Anba Tonnèl tou, Harmony Divine ki pase ekzamen lisans pou l kondi machin jodi a
Nouvèl:
-Chanm Depite ak Chanm Sena Meriken an vote sou 2yèm pwojè lwa pou mete plis lajan nan ekonomi peyi a pou batiman an pa chavire nan men yo pandan pandemi Kovid-19 la
-Otorite ak medya peyi Etazini vle fè n konprann Joe Biden pran vaksen Kovid la. Ou kwè se vre?
Ti koze ak sè nou Rheza Boucard epi ak Ninaj Raoul sou selebrasyon fanmi yo nan Klib Zanmi Kiba nan Sidès la ap fè nan wikenn nan pou remèsye Brigad Medikal Kiben an pou solidarite yo ak Ayiti
Konbit pou n ankouraje kominote pote kole ak fèt la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Dec 21, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 21 desanm 2020
Monday Dec 21, 2020
Monday Dec 21, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou jete dlo pou salye memwa sè nou Raymonde Amedée, manm KOMOKODA ki te fè travèse li Jedi 10 desanm ki sot pase a; Lantèman an te fèt samdi 19 novanm nan; Nou di tout fanmi ak tout zanmi Raymonde: KOURAJ!
Nou swete sè nou Julie Bazile, manm KOMOKODA ki te selebre anivèsè nesans li yè dimanch lan yon "Bòn Fèt"
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 18 desanm 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué, 2yèm Asistan Prezidan Jeneral UNIA ki nan West Palm Beach jodi a pou asiste sèvis lantèman 7yèm Prezidan Jeneral òganizasyon an soti 1992 pou rive 2004
Refleksyon nou sou vaksen Kovid la ki koumanse ap bay kòm prevansyon pou maladi a
Enfòmasyon ki soti sou nouvo pwojè lwa "stimulus bill" senatè ak depite Meriken yo di yo jwenn antant sou li a
Liy ouvè ak oditè yo
Martelly bat gwo bravo pou jan ti tchoul li Jovenel Moise ap bwase; Moun ki t ap kouri bri 2 vòlè yo dozado twouve 2 pye yo nan yon grenn soulye
Tuesday Dec 15, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 15 desanm 2020
Tuesday Dec 15, 2020
Tuesday Dec 15, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou nan manifestasyon KOMOKODA a nan devan Misyon Etazini nan LONI (45th St ak 1st Ave. nan Manhattan); Mobilizasyon pou lòt fanmi vin rejwenn nou
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Anons sèvis pou sè nou Raymonde Amedée ki fè travèse li jedi 10 desanm ki sot pase a
Vladimir Putin salye Joe Biden sou viktwa li nan eleksyon 3 novanm nan apre vòt kolèj elektoral la ofisyalize rezilta a
Repòtaj andirèk nan manifestasyon an
Liy ouvè ak oditè yo
Gwo move tan, tanpèt nèj anonse pou demen ak jedi nan tout zòn lès Etazini an soti Washington DC jouk rive Boston
Demen ap 16 desam 2020, 30 lannen depi gwo viktwa pèp Ayisyen an nan eleksyon Prezidan Aristide la 16 desanm 1990
Anons
Monday Dec 14, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 14 desanm 2020
Monday Dec 14, 2020
Monday Dec 14, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA lanse pou madi 15 desanm 2020 devan Misyon Etazini nan LONI (45th St ak 1st Ave. nan Manhattan)
Nou jete dlo pou salye memwa sè nou Raymonde Amedée, manm KOMOKODA ki fè travèse li Jedi 10 desanm ki sot pase a
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 11 desanm 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Kolèj Elektoral Meriken an ap vote jodi a pou sètifye rezilta eleksyon 3 novanm nan; Donald Trump di sa k ap fèt la se yon fwod; Repibliken yo nan Kongrè Meriken an ki kanpe ak Trump di y ap tann vòt la vini devan yo 6 janvye 2021 pou yo pete trip kabrit la
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA lanse pou madi 15 desanm 2020 devan Misyon Etazini nan LONI (45th St ak 1st Ave. nan Manhattan)
Liy ouvè ak oditè yo
Tribinal federal nan North Carolina kondane sòlda Marin Meriken Jacques Yves Sebastien Duroseau ki fèt Ayiti ki te rantre Ayiti ak gwo zam nan mwa Novanm 2019 pou l te jete gouvènman Jovenel Moise la
Anons
Tuesday Dec 08, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 8 desanm 2020
Tuesday Dec 08, 2020
Tuesday Dec 08, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA lanse pou madi 15 desanm 2020 devan Misyon Etazini nan LONI (45th St ak 1st Ave. nan Manhattan)
Konbit pou Ti Mache k ap fèt Vandredi 11 desanm nan lokal Flanbwayan an 206-208 Parkside Avenue nan Brooklyn nan
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn: dewoulman dosye pwosè legal kont fanmi ansyen Prezidan Danilo Medina pou dwèt long siperyè; Virewon ti komik Claude Joseph nan Repiblik Dominikèn ak manti msye ap sikile sou vwayaj la; Aktivite ki te fèt nan peyi a pou make 9 lannen depi Vanyan Sonia Pierre fè travèse li
Nouvèl:
-Jovenel siyen deklarasyon Gwoup Lima ki di eleksyon ki fèt Venezyela dimanch lan ilegal epi li pa gen okenn lejitimite
-Akizasyon krim seksyèl kont 2 lòt manm Federasyon Foutbòl Ayisyen
-Atik nan jounal Haitian Times kote alatèt divès legliz nan Brooklyn nan k ap plenyen jan lajan yo jwenn nan men fidèl yo bese nan sezon Kovid-19 la
-Ekspè k ap gade tanperati planèt la rapòte mwa novanm ki sot pase a se mwa novanm ki pi cho yo janm anrejistre
-Òganizasyon Panamerikèn Lasante di yo mete yon kantite vaksen akote pou charite Ayiti
-Majistra lavil NY la Bill deBlasio fè konnen semèn pwochèn nan vaksen kovid-19 la ap ateri nan zòn nan; Plis dout, plis kesyon sou vaksen yo
Liy ouvè ak oditè yo
Gouvènman Meriken an anonse pwolongasyon 9 mwa TPS pou imigran ki soti Ayiti, Èlsalvadò, Nepal, Nikaragwa, Onndiras, ak Soudan
Atik Lyonel Trouillot ekri pou denonse Érol Josué ke Martelly te nome direktè Biwo Etnoloji ki mete grif li deyò pou l defann patwon li
Anons
Monday Dec 07, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 7 desanm 2020
Monday Dec 07, 2020
Monday Dec 07, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA lanse pou madi 15 desanm 2020 devan Misyon Etazini nan LONI (45th St ak 1st Ave. nan Manhattan)
Mwen salye Roselyn, madanm mwen k ap selebre anivèsè nesans li jodi a
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 4 desanm 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA lanse pou madi 15 desanm 2020 devan Misyon Etazini nan LONI (45th St ak 1st Ave. nan Manhattan)
Gwo viktwa pou Nicolas Maduro nan eleksyon lejislatif ki fèt yè dimanch lan nan Venezuela
Dènye nouvèl nan eleksyon Meriken 3 novanm yo
500 mil dòz vaksen kovid ap ateri nan vil New York la semèn k ap vini an; lanmò Pè John Fields ki t ap patisipe nan etid pou evalye efikasite vaksen Moderna a
Mannigèt Jovenel Moise ak PHTK pou yo chita pouvwa yo nan peyi nou
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Tuesday Dec 01, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi Premye desanm 2020
Tuesday Dec 01, 2020
Tuesday Dec 01, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
2 ti mo sou Premye desanm ki se Jounen Entènasyonal Sida
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn: arestasyon yon bann ansyen otorite Dominiken pou koripsyon; Gouvènman Dominiken an fè konnen l ap depanse sa l pa genyen pou fanm Ayisyen k ap vin akouche lakay li; 9 lannen depi sè nou Sonia Pierre janbe!
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit sou chanjman k ap fèt nan fason lekòl leta yo ap relouvri nan vil New York la epi delè pou aplikasyon nan kolèj pou ane pwochèn ki tou pre
Nouvèl:
-Nou jete dlo pou viktim masak 29 novanm 1987 nan Riyèl Vayan yo
-Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA lanse pou madi 15 desanm 2020 devan Misyon Etazini nan LONI (45th St ak 1st Ave. nan Manhattan)
-Gwo leve kanpe nan peyi Lafrans apre kamera videyo anrejistre 4 polis blan k ap maspinen yon jèn nèg Nwa
-Disparisyon epi reaparisyon jounalis Guy Delva nan Petyonvil
-Kidnaping ap fè ravaj nan peyi nou
-Yon kout je sou atik ki parèt yè nan Miami Herald sou vòl gouvènman Jovenel Moise lan ap fè ak komedi goud la ki ta kòmkwa double fòs sou dola a
Liy ouvè ak oditè yo
Fondasyon Je Klere mande pou "otorite" yo frennen ensekirite nan peyi a; pou di je Fondasyon an klere tout bon?
Anons
Monday Nov 30, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 30 novanm 2020
Monday Nov 30, 2020
Monday Nov 30, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
2 ti mo sou:
-25 novanm: Jounen Entènasyonal pou elimine vyolans k ap fèt sou fanm
-26 novanm 2020 - Jounen Nasyonal Dèy 2020 nan Plymouth, MA
-29 novanm 1803 - Deklarasyon Fò Dofen
-29 novanm 1980 - Represyon Jean Claude Duvalier sou jounalis
-28 novanm 1985 - Mati 3 elèv Gonayiv yo: Jean Robert Cius, Mackenson Michel, ak Daniel Israel
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA lanse pou madi 15 desanm 2020 devan Misyon Etazini nan LONI (45th St ak 1st Ave. nan Manhattan)
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 27 novanm 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Deklarasyon 6 òganizasyon feminis Pòtoprens pou okazyon 25 novanm nan
Yon manman ak pitit fi li nan Pasadena nan California koupe souf yon malveyan ki t ap toufounen yon lòt pitit fi manman sa a
Diplis sou dosye "Thanksgiving" nan, sa Ayisyen k ap mache nan legliz rele "Aksyon Degras" la
Liy ouvè ak oditè yo
Izrayèl ak Etazini sasinen doktè Iranyen Moshen Fakhrizadeh ki se te yonn nan dirijan pwogram nikleyè peyi sila a
Nou pase mesaj ansyen prezidan Bolivi a Evo Morales nan okazyon lanmò Diego Maradona