Episodes
Tuesday Nov 24, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 24 novanm 2020
Tuesday Nov 24, 2020
Tuesday Nov 24, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Anons pou oditè ki ta renmen nou ajoute yo nan lis fanmi nou pataje lyen pou emisyon yo nan achiv nou ak yo regilyèman
Remèsiman pou fanmi ki pote kole nan konbit pou telefòn Altagracia a
Ane 2020 a se premye ane depi 2008 nou pa p òganize otobis pou pelerinaj nan Jounen Nasyonal Dèy la fanmi Endijèn yo òganize nan Plymouth, MA chak ane depi 1970; Ti koze sou Jounen Nasyonal Dèy la fanmi yo ta dwe komemore olye nou fete "Thanksgiving"
2 ti mo sou prizonye politik Endijèn Leonard Peltier
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn ki pale sou 25 novanm nan, Jounen Entènasyonal pou Konbat Vyolans k ap fèt sou Fanm
Nou ankouraje fanmi ki kapab pou yo li liv "In the Time of the Butterflies" Julia Alvarez ekri
Nouvèl:
-Gwomoso Donald Trump bay lese pase pou administrasyon gouvènman Meriken an koumanse kolabore ak ekip tranzisyon Joe Biden nan menm lè l ensiste li panko bay legen
-Ansyen majistra lavil New York la David Dinkins ki te premye moun Nwa ki te nan djòb sila a fè vwèl pou peyi san chapo
-Jijman ansyen prezidan Lafrans Nicolas Sarkozy koumanse sou akizasyon koripsyon, dwèt long siperyè, magouy nan eleksyon
-Apre popilasyon an te met dife nan palman peyi Gwatemala, palmantè yo deside anile bidjè tèt chat yo te vote a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Nov 23, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 23 novanm 2020
Monday Nov 23, 2020
Monday Nov 23, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 20 novanm 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Sitiyasyon Kovid-19 la parèt ap anpire men gen moun ki di sa n ap suiv la se mannigèt pou fè koze vaksen an mache
-Jiskounyè a, 20 jou apre eleksyon an, rezilta yo panko klè nan eleksyon Meriken an
-Tribinal nan peyi nou lave Yves Jean-Bart nan jedi epi FIFA kondane l nan Vandredi
-Pèp souvren mete dife nan palman peyi Gwatemala apre palmantè kowonpi yo reyini ankachèt pou vote yon bidjè anti-pèp
-Lame ak lapolis peyi Ougannda sasinen 49 moun pou pi piti nan manifestasyon pou ekzije liberasyon kandida alaprezidans Robert Kyagulanyi alyas "Bobi Wine"
-Non moun ki ta dwe fè pati kabinè Joe Biden yo nan lari sizoka se li ki ta monte prezidan Etazini
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Nov 17, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 17 novanm 2020
Tuesday Nov 17, 2020
Tuesday Nov 17, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi yo ki rele nou pou fè n konnen yo te apresye kòmantè n te fè yè nan emisyon yè lendi a sou dosye vaksin kovid-19 yo
Ti komik Joseph Jouthe ranse kont li nan enstalasyon Leon Charles; Kidnapè k te abiye ak inifòm UDMO rantre anndan biwo yon kabinè enjenyè epi yo pati ak 2 nan yo pandan Jouthe t ap ranse a
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Yon nouvo siklòn ki pote non Iota ap fè ravaj nan Amerik Santral la 2 semèn aprè siklòn Eta te fè gwo dega
-ICE (Imigrasyon) ranmase 88 nan 3000 prizonye gouvènè New Jersey a te deside lage anvan lè akoz Kovid-19 la
-Lachin siyen pi gwo akò komèsyal mond la janm konnen ak 14 peyi vwazen li: Bimani, Brine, Kanbòdj, Endonezi, Filipin, Japon, Kore Disid, Lawòs, Malezi, Nouvèl Zelann, Ostrali, Sengapou, Taylann, Vyetnam
-CARICOM di li swete Biden ki ta dwe monte opouvwa Ozetazini pral sispann politik divize pou renye Administrasyon Trump lan t ap fè nan Karayib la
-Ti diplis sou vaksen Kovid-19 la ak nouvo chif otorite yo bay sou kovid la
Liy ouvè ak oditè yo
-Sipòtè Donald Trump yo akize konpayi Meriken ki rele Dominion ki te responsab kontwole vòt nan 28 eta nan dènye ekeksyon Etazini yo te fè paspouki anfavè Joe Biden
-Grandèt Benicia Souffrant (Madan Janba) peyi a te fè konesans ak li ane pase lè l te gen 126 lannen fè travèse li nan laj 127 lannen
Anons
Monday Nov 16, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 16 novanm 2020
Monday Nov 16, 2020
Monday Nov 16, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Jiskounyè a, 13 jou apre eleksyon an, rezilta yo panko klè nan eleksyon Meriken an
Ti komik Jovenel Moise revoke Normil Rameau nan tèt lapolis Ayisyen an epi ranplase l ak Leon Charles
Bravo pou pèp nan peyi Pewou ki reyisi dechouke yon prezidan kowonpi mwens ke yon semèn apre palman kwoupyon an te enstale l
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 13 novanm 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
2 ti mo pou Ayisyen k ap menase pou denonse Ayisyen parèy yo bay Imigrasyon
Refleksyon nou sou pawòl vaksen kont kovid-19 la k ap pale nan lari a
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Nov 10, 2020
Rapò Pwojè Merite pa Mande
Tuesday Nov 10, 2020
Tuesday Nov 10, 2020
Ti koze emisyon Eritye Papa Desalin ak sè nou Darnell Benoit sou pwojè "Merite pa Mande" fanmi nan Vandredi Anba Tonnèl yo te òganize pou n te pote kole ak fanmi ki pa gen papye pandan kovid-19 la t ap ravaje zòn NY la
Tuesday Nov 10, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 10 novanm 2020
Tuesday Nov 10, 2020
Tuesday Nov 10, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ayibobo pou pèp Bolivi a ki repran pouvwa dimanch la apre yon lannen koudeta; Ayibobo pou Prezidan Evo Morales ki retounen an gran jan lakay li yè lendi a
3 jèn gason ki nan men lapolis Ayisyen konfese pou kidnaping ak sasinay Evelyne Sincere
Manifestasyon Pòtoprens pou voye Jovenel ak PHTK ale
Yon Ayisyen yo di ki fou kraze yon estati Janjak Desalin nan vil Okap; "Moun fou" an di se Papa Desalin menm ki mande l retire l kote yo mete l la
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit sou pwojè "Merite pa Mande" fanmi nan Vandredi Anba Tonnèl yo te òganize pou pote kole ak fanmi k pa gen papye pandan kovid-19 la t ap ravaje zòn NY la
Liy ouvè ak oditè yo
Nou fè ti koze ak sè nou Èzili Dantò sou Ayisyen k ap atake l pou pozisyon prensip li pran nan chirepit Trump-Biden nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Nov 09, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 9 novanm 2020
Monday Nov 09, 2020
Monday Nov 09, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ane sa a, akoz kowonaviris la, nou pa p òganize otobis pou ale nan pelerinaj anyèl "Jounen Nasyonal Dèy" fanmi Endijèn yo òganize nan Plymouth, MA
2 ti mo sou rezon ki fè plizyè peyi ki granmoun tèt yo tankou Lachin ak Larisi panko voye konplimante Biden apre rezilta laprès bay samdi k sot pase a
Pandan Gouvènman ti komik Ayiti a kenbe se 63 goud ki ta dwe boukante pou yon dola Meriken, si w bezwen dola ann Ayiti se nan lari a pou w al achte l epi ou bije bay 80 goud pou dola a
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 6 novanm 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Nou salye frè nou Celome Jean Pierre ki pèdi madanm li, Madam Erene Jean Pierre
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak sè nou Ninaj Raoul sou manifestasyon yo te òganize yè pou resevwa otobis National TPS Alliance lan ki te pase nan Brooklyn nan pandan y ap fè wonn peyi Etazini; Nou pase entèvyou nou te fè ak William Martinez ki se yonn nan fanmi nan bis la ki soti El Salvador
Lantèman Gregory St Hilaire chante samdi a nan Wanament
Ti vòlè Jovenel Moise di l ap tann tout dyaspora pou vin fete fèt fen lannen an lakay yo pou yo pote dola nan peyi a
Gwo Bravo pou Premye Minis Sen Vensan ak Grenadin nan Ralph Gonsalves ki pran yon 5yèm manda Jedi k sot pase a
Refleksyon nou sou sa k soti jiskaprezan nan eleksyon Etazini ki fèt madi pase a
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Nov 03, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 3 novanm 2020
Tuesday Nov 03, 2020
Tuesday Nov 03, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Refleksyon nou sou eleksyon k ap fèt Ozetazini jodi a
Ti koze ak frè nou Yves Pierre Louis (PL), ki se responsab nan Radyo Timoun sou Òganizasyon Politik Fanmi Lavalas k ap fete 24yèm anivèsè nesans li jodi a
Nou jete dlo pou ti sè nou Evelyne Sincère rejim PHTK a sasinen; Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi li
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Nov 02, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 2 novanm 2020
Monday Nov 02, 2020
Monday Nov 02, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou jete dlo pou Vanyan Chalmay Peralt ki ban nou ankourajman pou nou viv kou moun
Nou salye tout eskòt Gede a ak tout Ayisyen ki anbwase tèt yo kòmsadwa san yo wont, san yo pa jennen
Madichon pou tout aryennafè ki konprann viktwa chen Trump oswa chen Biden pral pote yon ti souf pou malere toupatou Etazini met jenou l sou kou yo
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 30 oktòb 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Laviktwa ap toujou pou sa k konnen ki ès yo ye epi ki konnen pou ki sa y ap batay
Liy ouvè ak oditè yo
Lyen pou fanmi ki vle jwi plis K-Dja Ginen Gede 2020:
https://www.youtube.com/watch?v=ZDtlI1i2XWA