Episodes
Tuesday May 26, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 26 me 2020
Tuesday May 26, 2020
Tuesday May 26, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Bravo ankò pou Amadou, pitit gason mwen k ap gradye kolèj jodi a
Doktè fèy yo sanble ak lòt travayè lasante yo pou yo jwenn yon remèd lokal pou kovid-19 la
Tanpri kontinye ak tout prekosyon yo lè nou nan lari a
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Inisyativ Patriyotik Maryen leve kanpe pou denonse pwòch rejim PHTK a k ap vòlè tè peyizan nan Nòdès la
-FIFA mete yon sispansyon 90 jou sou Jean Yves Dadou Jean Bart
-Videyo gaye nan nèt la Lapolis nan Minneapolis sasinen yon jèn gason nwa yè swa ak jenou sou kou msye padan la p rele pou di li pa ka respire
-Kiben ki sou fwontyè Meksik ak Etazini yo alatèt mouvman pou kwape kowona a nan kan refijye yo
-Nan okazyon 22 me ki komemore konba kont lesklavaj la nan Matinik, militan nan peyi sila a dechouke estati Victor Schoelcher nan Fòdefrans
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday May 25, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 25 me 2020
Monday May 25, 2020
Monday May 25, 2020
Emisyon espesyal 2zèd tan
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye sè nou Ninaj Raoul k ap selebre anivèsè nesans li jodi a
Nou salye frè nou Antoine Adan ki pèdi yon kouzen li Ayiti. Nou di fanmi an Kouraj!
Adan te fè nou sonje samdi a se te 101yèm anivèsè nesans sanba Maurice Sixto; Nou jete dlo pou vanyan an pou tout sa l kite pou nou
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 22 me 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit, responsab Flanbwayan Haitian Literacy Project ki pote nouvèl nan zafè lekòl nan lavil New York la pou fanmi an
Gwo konpliman pou premye gason mwen Amadou k ap gradye kolèj demen madi a
Nouvèl:
-Gouvènman Meriken an anonse ansyen alatèt FRAPH la Emmanuel "Toto" Constant ap nan lis 78 Ayisyen y ap depòte demen madi a
-Batiman "tanker" Iranyen yo ki pote gazolin pou ede peyi Venezyela a rive nan peyi sila a
-3 pwòch Donald Trump ki te nan prizon rive jwenn liberasyon an anvan lè akoz kowonaviris la
-Bra yon jij elektoral nan Philadelphia ki t ap vann eleksyon pran nan moulen
-N ap chèche rezilta konbit ki te fèt dimanch 17 me 2020 an pou lajan ki ta dwe al nan koze kowonaviris ann Ayiti, si gen moun ki konn dekiprevyen tanpri fè n jwenn ti kal
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Tuesday May 19, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 19 me 2020
Tuesday May 19, 2020
Tuesday May 19, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou jete dlo pou 2 Vanyan ki genyen anivèsè nesans yo 19 me:
-lidè peyi Vyetnam Ho Chi Minh (1890)
-lidè Meriken Nwa Malcolm X (1925)
Nouvèl:
-Moun yo pa rive idantifye mete dife nan yon sant pou trete kovid-19 la nan Jakmèl; Nou konekte sa ak vyolans ki fèt akoz menm inyorans lan nan lòt peyi akoz maladi
-Etazini menase koupe tout sipò li te konn bay Òganizasyon Mondyal Lasante si nan 30 jou yo pa mache jan li vle a
-Peyi Ostrali mande pou ankèt ta fèt pou detèmine responsabilite Lachin nan koze Kowona a; 120 peyi ta di yo dakò ak pwopozisyon an
-Yon teworis Meriken sèvi ak yon mitrayèt AK-47 pou l tire 32 bal sou Anbasad peyi Kibe nan Washington
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Ti koze ak ti frè nou Sanba Kebert Bastien k ap prezante nou chante li ki rele "Se Vòlò w ye" bay oditè yo
Anons
Monday May 18, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 18 me 2020
Monday May 18, 2020
Monday May 18, 2020
Emisyon espesyal 2zèd tan pou n gade 100yèm anivèsè selebrasyon fèt drapo Ayiti a
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Sè nou Igèt Dejan chante Ochan Endepandans lan pou nou
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 15 me 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Refleksyon nou sou fèt drapo Ayiti a ki soti nan dekrè Sudre Dartiguenave, tchoul Meriken te enstale kòm prezidan peyi nou, te siyen pandan okipasyon Meriken an pou fè 18 me fèt drapo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Tuesday May 12, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 12 me 2020
Tuesday May 12, 2020
Tuesday May 12, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Fòs, Kouraj ak Lanmou pou fanmi Hilaire "Bei" Aristide, lantèman li fèt jodi a nan Frantz Daniel Jean Funeral Home nan Brooklyn nan
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Yè lendi a Meriken pimpe 50 Ayisyen tounen lakay; Toto Constant pa t nan avyon an ni 5 Ayisyen yo di k te teste pozitiv pou Kowonaviris la
Ti koze ak sè nou Ninaj Raoul sou dosye imigrasyon
Liy ouvè ak oditè yo
Veye chalatan k ap fè mannigèt, ki di y ap ranmase lajan pou viktim Kowona yo ann Ayiti
Anons
Monday May 11, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 11 me 2020
Monday May 11, 2020
Monday May 11, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou ankouraje fanmi an pou yo pa bese gad yo menm lè nou wè kantite moun k ap teste pozitiv pou kowonaviris lan ak moun k ap mouri yo ap bese nan zòn New York lan
Nou salye frè nou Raymond Dugué ki pèdi granmè li Madam Edovia Bernadel
Nou salye sè nou Manzè Choublak (Darlene Fabienne Lozis) ki pèdi papa li Pastè Nicolas Rogès Lozis
Yon lòt fwa ankò n ap salye Claire, Myrielle, Fedlaire, ak Ilna. Se demen lantèman Msye Hilaire "Bei" Aristide ap fèt nan Brooklyn nan
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 8 me 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Ti diplis sou dekrè Gouvènè New York la Andrew Cuomo ki entèdi mèt kay mete moun deyò nan kay yo jiska 20 out 2020
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
N ap salye memwa konpatriyòt Wilfrid "Tido" Lavaud ki fè travèse li vandredi 8 me ki sot pase a
Devlopman nan atak mèsenè Meriken te mennen kont Gouvènman Prezidan Maduro a nan Venezyela
Anons
Tuesday May 05, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 5 me 2020
Tuesday May 05, 2020
Tuesday May 05, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Jodi a se jou Meksiken yo, sitou sa yo k ap viv andeyò peyi yo selebre "Cinco de Mayo"; ki sa li ye? ki jan Ayiti rantre nan dosye a?
Diplis sou atak mèsenè Meriken t al chache fè kont gouvènman Meriken an dimanch ki sot pase a
Yonn nan pi gwo inivèsite Ozetazini yo ki rele Harvard nan cho apre yon rapò soti pou fè konnen pedofil kadejakè Jeffrey Epstein yo di ki touye tèt li etan l te nan prizon ane pase te gen yon biwo pèsonèl anndan lekòl la pou yon bon bout tan malgre tribinal te gen tan kondane l
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl
-Se pa tout moun ki ko jwenn ti kòb stimilis la; gen apeprè 70 milyon moun ki panko jwenn li
-Kowona viris la lakòz gwo tèt chaje nan biznis vyann nan Ozetazini
-Bri k ap kouri nan lari a sè ke se ta Councilman Alan Maisel ki ta ap kore bannann responsab ponp finèb Andrew Cleckley ki fè lapolis panko arete l
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday May 04, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 4 me 2020
Monday May 04, 2020
Monday May 04, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Refleksyon nou sou malfezans responsab Andrew Cleckley Funeral Home yo ki lage kadav fanmi nou yo ap gate anndan kamyon UHaul sou Utica Avenue nan Brooklyn nan
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl Premye me 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Salitasyon espesyal pou sè nou Marie Dimanche, responsab nan Solidarite Quebec Haiti; Marie pèdi manman li nan Montreal nan vag lanmò Kowonaviris la Mèkredi ki sot pase a
Nouvèl:
-Akizasyon abi seksyèl ak kadejak kont alatèt Federasyon Foutbòl Ayisyen an Jean Yves "Dadou" Jean-Bart
-Jounen Mondyal Libète Laprès ap pale nan mitan gwo maspinay lapolis Ayisyen ap fè sou jounalis
-Eskandal pou yon lantèman fèt nan Tèryewouj paske popilasyon an di moun ki mouri kowona pa gen dwa antere lakay yo
-Diferan reyaksyon lapolis NY parapò ak jan yo aji nan yon kominote nwa nan Manhattan epi nan yon rasanbleman kominote Juif nan Brooklyn ki t ap fè yon lòt lantèman
-Dirijan Koredinò a Kim Jong Un bèlebyen vivan ap jere zafè peyi li; Tout pawòl kòmkwa l ta mouri yo se te bri sapat
Liy ouvè ak oditè yo
Anons