Episodes
Tuesday Feb 25, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 25 fevriye 2020
Tuesday Feb 25, 2020
Tuesday Feb 25, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Chapo pou militan Okap yo ki bare cha Martelly a epi anpeche l virewon nan vil la yè swa
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI 3pm-6pm Jedi 27 fevriye 2020:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Pinga sou sa k parèt kòm pozisyon bat ba Sendika PNH la
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Konbit pou pote kole ak konpatriyòt Juan Teofilo nan Repiblik Dominikèn k ap travèse yon move pas
Nouvèl:
-Leve kanpe popilasyon lakòz kanaval nan Santo Domingo, nan Chile an difikilte; Lapolis nan Brezil ap fè grèv pou reklame ogmantasyon salè epi pi bon kondisyon travay
-Premye Minis Antigua a Gaston Browne vekse "Boulchit" Bocchit pou pozisyon tchoul restavèk li nan yon atik li pibliye nan jounal Jamaica Observer pou kritike divizyon nan mitan CARICOM paske òganizasyon sila a refize mache tèt bese nan politik Etazini kont Venezyela a
-Ministè lajistis Ayiti a gaye yon nòt pou laprès an Angle pou di leve kanpe Sendika PNH la se yon tantativ koudeta
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Nou salye sè nou Igèt Dejan ki pèdi frè jimo li Alix Dejean; Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou tout fanmi an
Monday Feb 24, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 24 fevriye 2020
Monday Feb 24, 2020
Monday Feb 24, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki nan stidyo a ak nou
Ayibobo pou pèp Ayisyen an ki nan lari ansanm ak polisye revòlte yo pou bloke kanaval lawont lan epi kapote sistèm peze souse a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 21 fevriye a ak sè nou Fabyèn Yasent
Ala lawont pou restavèk yo ki rele tèt yo teknokrat pou yo fofile kò yo nan tout kalite pozisyon pou defann sistèm twou latrin nan
Nouvèl:
-Tribinal nan New York la kondane kadejakè Harvey Weinstein pou pakèt krim seksyèl li fè sou fanm aktris nan Hollywood yo
-Kandida Pati Demokrat la Bernie Sanders pote boure nan "Caucus" eta Nevada a
-Jodi 24 fevriye a Gouvènman Trump la koumanse aplike regleman "Public Charge" la pou anpeche imigran ki pa gen gwo mwayen jwenn rezidans Ozetazini
Liy ouvè ak oditè yo
Wednesday Feb 19, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 18 fevriye 2020
Wednesday Feb 19, 2020
Wednesday Feb 19, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye sè nou Igèt Dejan ki pèdi frè jimo li Alix Dejean; Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou tout fanmi an
Nou salye zanmi timoun nan Granrivyè Dinò Tiga (Arnex Dugué), Dàn (Adeline Emile), ak Nann (Mirlande Beaubrun). Manman yo Man Arnold fè travèse li depi mwa Avril 2019 men se yè nou pran nouvèl la; Nou tou pwofite salye Dàn k ap fete anivèsè nesans li jodi a
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Ti koze ak Dr. Melissa Barber ki koòdone pwogram bousdetid Kiba ofri pou pèmèt jèn Meriken defavorize ak etidye medsin gratis nan peyi Kiba
Refleksyon nou sou polisye PNH yo ki kanpe zam alamen pou defann revandikasyon yo
Anons
Tuesday Feb 18, 2020
Tuesday Feb 18, 2020
Interview with Dr. Melissa Barber, Coordinator of IFCO's ELAM Scholarship Program which allows US citizens the opportunity to study medicine for free in Cuba; Application deadline for the coming year is March 15th, 2020
For more info on the program on IFCO's website:
https://ifconews.org/medical-school/
Watch Community Doctors: Documentary on ELAM (Latin American School of Medicine):
Monday Feb 17, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 17 fevriye 2020
Monday Feb 17, 2020
Monday Feb 17, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki nan stidyo a ak nou
Gwo Bravo pou ekip KOMOKODA a k t al gaye postè kont Michel Martelly nan Cambria Heights yè dimanch lan
Nou salye sè nou Igèt Dejan ki pèdi frè jimo li Alix Dejean; Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou tout fanmi an
Ti diplis sou refleksyon n te fè semèn pase a sou dosye pinisyon zanmi Donald Trump Roger Stone; Nan fouye nou tonbe sou yon atik trè enteresan Roger Stone te pibliye 24 fevriye 2017 pou kritike pozisyon Trump sou dosye Ayiti a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 14 fevriye a ak sè nou Fabyèn Yasent
Nouvèl:
-Ti komik Trump deklare k prezidan Venezyela a pran anpil pataswèl nan ayewopò Caracas lè l tounen apre ti virewon l andeyò peyi a
-Gouvènman Trump lan anonse gen yon eskadwon ICE ki rele BORTAC k apral koumanse fè desantdelye pou mare imigran san papye nan vil Sanctuary Ozetazini yo
-Bri ap kouri nan lari a kòmkwa si se Bloomberg ki vin kandida Pati Demokrat la li ka chwazi mache ak Hillary Clinton kòm vis prezidan li
Liy ouvè ak oditè yo
Jijman whistleblower nan CIA Joshua Schulte ap dewoule nan NY la: Bèf pou Wa, savann pou Wa!
Anons
Tuesday Feb 11, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 11 fevriye 2020
Tuesday Feb 11, 2020
Tuesday Feb 11, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou ankouraje fanmi ki koute emisyon an pou yo ede lòt fanmi ki pa rive koute jwenn emisyon an
Nouvèl:
-Apre viktwa li nan koze "impeachment" lan Donald Trump fè yon netwayaj revoke yon pakèt anplwaye li jije ki twò pre l men ki kont li
-Ti nouvèl sou dosye Corona virus lan
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Yè 10 fevriye a te fè 5 lannen depi Dominiken rasis te pann frè nou Henry Claude Jean nan Santiago. Nou jete dlo pou frè a
Kouman sa ap dewoule nan premye etap eleksyon pou laprezidans Meriken an k ap fèt jodi a nan New Hampshire
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Feb 10, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 10 fevriye 2020
Monday Feb 10, 2020
Monday Feb 10, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Yon lòt fwa ankò nou salye frè nou Oneza Lafontant ki pèdi manman li Madam Eliane Lafontant; Nou salye madanm Oneza, Ninaj Raoul ak tout rès fanmi an
Nou salye sè nou Igèt Dejan ki pèdi frè jimo li Alix Dejean; Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou tout fanmi an
Yè swa KOMOKODA te fete frè nou Vilcere Romulus ki t ap selebre anivèsè nesans li yè dimanch lan; Nou salye sè nou Raymonde Amedée k ap selebre anivèsè li jodi a
Nou salye Pastè Milau Thelusma ki t ap selebre anivèsè nesans li yè dimanch lan
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki nan stidyo a ak nou
Rapò sou manifestasyon KOMOKODA nan Manhattan jedi pase; Bofi Gwomoso Jared Kushner di pye sa m manje m pa ba ou
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Yon ajan ICE ki t ap pousuiv yon imigran Meksiken pou Etazini depòte l tire yon lòt moun nan Brooklyn nan
-Yon nèg nwa tire yon polis nan NY la epi nan landemen menm eleman sila a rantre al ouvè zam anndan yon pòs polis nan Bronx nan NY la; Sendika sèjan lapolis NY deklare majistra deBlasio lagè. Yo di se majistra a ki ouvè pòt pou mòd atak sa yo sou lapolis
-Anpil bri sou kontra Gouvènman Meriken an siyen ak yon konpayi prive pou pèmèt ajan imigrasyon trake telefòn selilè plizyè milyon moun nan peyi a
Liy ouvè ak oditè yo
Atik Associated Press k ap voye ti restavèk yo Jovenel Moise monte
Anons
Tuesday Feb 04, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 4 fevriye 2020
Tuesday Feb 04, 2020
Tuesday Feb 04, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
KOMOKODA mande pou yon misyon obsèvasyon elektoral OEA debake nan Iowa!
Donald Trump deklare se Hillary Clinton ki pote laviktwa nan Iowa
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Plis detay sou magouy nan premye etap nan eleksyon pou pwochen prezidan Meriken an
-Dr. Francis Boyle ki te ekri tèks konvansyon entènasyonal kont zam biyolojik an 1989 deklare Corona virus k ap fè dega nan Lachin jodi a se yon zam biyolojik li ye
-Dènye enfòmasyon nou jwenn sou dosye Corona virus la
-Kounyè a se Unitransfer ki ekri jij ki chita sou dosye dola senkant lan nan Brooklyn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Plis nouvèl:
-Gouvènman restavèk ki monte apre koudeta kont Prezidan Evo Morales la ap chache bloke kandida pati Evo a deside voye nan pwochen eleksyon an; Evo limenm enskri kòm kandida pou chanm Sena nan menm eleksyon sila a
-Divès peyi Arab yo ki te reyini an ijans nan peyi Ejip rejte desizyon Trump ak Netanyahu pou enpoze yon plan inilateral sou Palestinyen yo
-Moun atravè lemond ap griyen dan sou Donald Trump ki pa konnen jeyografi pwòp peyi li ta sipoze ap dirije a: Gwo Moso ekri sou twitter ke Kansas City se nan eta Kansas li ye olye Missouri
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI 3pm-6pm Jedi 6 fevriye 2020:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Monday Feb 03, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 3 fevriye 2020
Monday Feb 03, 2020
Monday Feb 03, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Anons lantèman Madam Eliane Lafontant, manman frè nou Oneza Lafontant
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 31 janvye 2020 la ak sè nou Fabyèn Yasent
Omaj pou Georges Castera ki fè travèse l Vandredi 24 janvye k sot pase a nan laj 83 lannen:
-Pwezi li: Rankit
-Mizik gwoup Atis Endepandan ak tèks li ekri: M anvi chante peyi m
Nouvèl:
-"Caucus" kandida Pati Demokrat yo ki swete al twoke kòn ak Trump nan pwochen eleksyon an ap fèt nan Iowa jodi a; Kote diferan kandida yo ye? Presyon k ap fèt anndan Pati a pou yon lòt fwa ankò yo mete Bernie Sanders dekote menm lè prèske tout sondaj yo di se li k devan
-Depite Meriken Rashida Talib di l pa gen pyès pwoblèm pou l bat chalbari dèyè chòche Hilary Clinton; Jounalis Palestinyen-Meriken Ali Abunimah di jiskaske n ka jwenn yon tribinal pou jije Hilary ann kontinye bat chalbari dèyè l
-Dènye nouvèl nan dosye Corona virus la; Avyon Chinwa k te ateri Pòtoprens Vandredi swa a; Atansyon pou n pa kwè epi sikile mesaj ki gaye nan medya sosyal yo kòmkwa dlo sale ka kwape viris sila a
-Newton St Juste ki pran djòb nan men Jovenel nan mitan Peyi Lòk la ap bouske pelerinaj li pou nan emisyon "Haiti Premiere Classe" dimanch yè a pou l ensiste se pou leta Ayisyen l ap travay li pa p travay pou Jovenel Moise kòmkwa leta a ak Jovenel se pa senkant kòb ak degouden
-Dènye nouvèl nan dosye dola senkant lan; jij la panko reponn; lèt avoka yo; repons Digicel nan non tout lèzòt akize yo; Kle dosye a se nan men noumenm dyaspora a k ap pote dola senkant lan ale depi premye jen 2011 pandan nou te ka fè sa yon lòt jan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons