Episodes
Tuesday Jan 28, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 28 janvye 2020
Tuesday Jan 28, 2020
Tuesday Jan 28, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI 3pm-6pm Jedi 30 janvye 2020:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Yon avyon militè Meriken tonbe nan Afghanistan: Taliban yo di se yo k desann li ak kout zam, Meriken di se fikilte teknik
-Lakou Siprèm Meriken deside bay Trump lese pase pou dekrè li ki pèmèt ajan imigrasyon rejte aplikasyon rezidans ak sitwayènte migran ki te jwenn benefis leta pandan yo nan peyi a
-Yon tranblemanntè 6.8 frape peyi Tiki
Refleksyon nou sou Kobe Bryant ki mouri nan yon aksidan elikoptè ki touye 8 lòt moun
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Jan 27, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 27 janvye 2020
Monday Jan 27, 2020
Monday Jan 27, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Gouvènman Meriken an ki te di pyès sòlda li pa t mouri ni blese nan atak Iran te fè 8 janvye sou baz militè Ayn-al Asad ak Erbil nan Irak blije ap vire bouch li lanvè pou admèt valè sòlda ki te blese nan atak sila a; Pi devan y a di nou konbyen k te mouri
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 24 janvye 2020 la ak sè nou Fabyèn Yasent
Enpòtans pou kominote nou an genyen òganizasyon ak moun konpetan ki pou ede yo jwenn benefis leta kou wè Medicaid, Medicare, Disability, ak Social Security
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Jodi a se anivèsè nesans Dahoud: M ap salye epi remèsye manman m Yole epi sou demand yon oditè mwen pase mizik Manno Chalmay "Manman" pou li
Liy ouvè ak oditè yo
Nou jete dlo pou fanmi nou ki peri arebò zile Bahamas nan nofraj yon kannòt kanntè ki te kite Ayiti 10 janvye k sot pase a: Yo jwenn 3 kadav men nou pa konn konbyen k pèdi
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI 3pm-6pm Jedi 30 janvye 2020:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Tuesday Jan 21, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 21 janvye 2020
Tuesday Jan 21, 2020
Tuesday Jan 21, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti koze ak gran frè nou Jean Claude Martineau (Koralen) sou aktyalite atravè mond lan; sou manti li demonte nan liv li "Haiti en six leçons"; sasinay Majò Jeneral Qasem Soleimani; sou eleksyon pou prezidan Meriken k ap dewoule jodi a; sou 10 lannen Goudougoudou a
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Gwo tèt chaje nan peyi Lachin ak yon nouvo "coronavirus" Gouvènman peyi sila a panko rive kontwole
-Liberasyon prizonye politik Delbert Afrika manm òganizasyon MOVE apre 42 lannen nan prizon Meriken
-Ti komik Jovenel Moise di l ap travay sou yon nouvo konstitisyon pou peyi nou epi l ap fè referanndòm anvan 2020 an bout
Liy ouvè ak oditè yo
Yon rankont peyi restavèk Etazini nan Amerik la fèt nan Kolonbi ansanm ak Pompeo pou wè si y ap fè Juan Guaido sanble yon bagay
Mesaj nou pou mèt ke Jovenel Moise yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI 3pm-6pm Jedi 23 janvye 2020:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Monday Jan 20, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 20 janvye 2020
Monday Jan 20, 2020
Monday Jan 20, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Jodi a se jou peyi Etazini selebre nesans Martin Luther King Jr, nou jete dlo pou Vanyan an
Jodi a fè gran frè nou Granbwa 65 rekòt kafe, nou salye Vanyan an, nou di l Bòn Fèt!
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 17 janvye 2020 la ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué ak madanm li Dr. Marjorie Dugué ki nan yon vizit nan peyi Ejip nou kontinan Afriken an
Refleksyon nou sou demisyon Frank Seddio ki se chèf pati Demokrat nan Brooklyn nan epi anons ke msye chwazi ti restavèk Rodneyse Bichotte pou ranplase l
Anons
Tuesday Jan 14, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 14 janvye 2020
Tuesday Jan 14, 2020
Tuesday Jan 14, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI 3pm-6pm Jedi 16 janvye 2020:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Nou salye Msye Louis Fevry k ap fete anivèsè nesans li jodi a yon Bòn Fèt
Nouvèl:
-Dewoulman eleksyon pou pwochen prezidan Meriken an; Michael Bloomberg, ansyen majistra New York la di l pare pou l depanse tout sa l posede pou kapote Donald Trump
-Gwo leve kanpe nan peyi Lafrans kont politik ekonomik Macron an; Gouvènman an fè bak sou kèk nan pwojè li yo
-Gwo manifesatasyon nan peyi Iran apre gouvènman peyi sila a admèt se yon erè bò kote pa yo ki lakòz yo se yomenm ki te tire misil sou avyon Air Ukraine nan kote 176 moun pèdi lavi yo
-Enfòmasyon sòti ke sèvis sekrè peyi Izrayèl te patisipe nan konplo pou sasinen Majò Jeneral Souleimani
-Sou presyon jounalis pou bay prèv akizasyon Etazini kòmkwa Jeneral Iranyen an te nan mitan mannigèt pou atake 4 anbasad Etazini, pawòl reprezantan Etazini yo mele epi Donald Trump di zwazo bèk fè a granmoun li fè sa yo vle
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Liy ouvè ak oditè yo
Nan yon nòt pou laprès peyizan ki pèdi tè yo nan lòbèy Karakòl la fè konnen jiskaprezan yo panko jwenn tè ak ti tchotcho blan an te pwomèt yo a
Kounyè a se Almay, Angletè, ak Lafrans k ap fè presyon sou Iran pou l pa retounen nan pwojè enèji nikleyè yo a menm lè Donald Trump te chire akò Obama te siyen an
Anons
Monday Jan 13, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 13 janvye 2020
Monday Jan 13, 2020
Monday Jan 13, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
10 lannen lawont pou peyi nou apre Goudougougou an: Pou di nou ka fè sa yon lòt jan
Ayibobo pou KOMOKODA ak lòt fanmi ki te vin pote kole Jedi pase devan Misyon Etazini nan LONI epi devan Fondasyon Clinton yè
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 10 janvye 2020 la ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak sè nou Jennie-Laure Sully ki se responsab nan òganizasyon Solidarite Quebec-Haiti
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Jan 07, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 7 janvye 2020
Tuesday Jan 07, 2020
Tuesday Jan 07, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Refleksyon nou sou kote n ye 10 lannen apre Goudougoudou a
Dimanch 12 janvye, Midi pou 3pm: Manifestasyon devan Fondasyon Clinton nan Manhattan
1633 Brodway, ant 50th ak 51st Streets
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Diplis sou sasinay Jeneral Iranyen Qassem Soleimani
-Nou pase yon repòtaj medya "Jounal 9" kote yon fanmi ap denonse Andre Michel ki mande pou lekòl ouvè epi pou manifestasyon fèt lannuit ak nan wikenn
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI 3pm-6pm Jedi 9 janvye 2020:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Anons
Monday Jan 06, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 6 janvye 2020
Monday Jan 06, 2020
Monday Jan 06, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Mesaj nou pou nouvo ane a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 3 janvye 2020 la ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Refleksyon nou sou Etazini ki sasinen Jeneral Qassem Souleimani
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI 3pm-6pm Jedi 9 janvye 2020:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Tuesday Dec 31, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 31 desanm 2019
Tuesday Dec 31, 2019
Tuesday Dec 31, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou swete frè nou Nickel Luma k ap fete anivèsè nesans li jodi a yon Bòn Fèt
Remèsiman pou fanmi, zanmi, kolaboratè yo, Radio Omega, oditè yo ki pèmèt nou travèsè ane 2019 la
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Altagracia anonse Madam Altidor, yon fanmi k ap viv nan Repiblik Dominikèn ki te fè yon "stroke" epi oditè yo te ede li nan mwa mas la, fè travèse l; Nou remèsye chak grenn fanmi ki te patisipe nan konbit pou te soulaje soufrans fanmi an
Nou repase kèk gran tit ki te fè aktyalite pandan 2019 la
Liy ouvè ak oditè yo
An revanj pou Etazini k lage bonb nan Irak ak Siri nan wikenn nan popilasyon nan Bagdad anvayi yon pati nan Anbasad Meriken nan peyi sila a epi yo mete dife
Gouvènman koudeta nan Bolivi a ap fè gwo presyon sou Anbasad Meksik nan peyi sila a pou yo mete reprezantan gouvènman lejitim Bolivyen an ki pran azil anndan anbasad la deyò