Episodes
Monday Dec 30, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 30 desanm 2019
Monday Dec 30, 2019
Monday Dec 30, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ayibobo pou fanmi KOMOKODA yo ak tout lòt fanmi ki te manifeste devan Chloe's Restaurant & Lounge nan Canarsie kote Michel Martelly te vin simen chawony epi lave kòb li vòlè nan kòfrefò peyi nou; Lawont pou sila yo pami nou ki chita sou blòk glas yo epi yo pa deside leve yon ti dwèt pou chanjman yo di yo vle a
Sè nou Fabyèn Yasent prezante ti ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 27 desanm nan; yon kout je sou rankont nou planifye pou ane 2020 an; epi ankouraje fanmi an vin patisipe nan dyalòg n ap fè Vandredi k ap vini an sou Haitian Studies Institute ki nan Brooklyn College la
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl sou rapò ki soti sou prèske 6 trilyon dola vèt lajan prete Gouvènman Meriken yo depanse pou fè lagè atravè lemond
Refleksyon nou sou mannèv lejislatè pati Demokrat la yo pou yo revoke prezidan Meriken an Donald Trump
Tuesday Dec 24, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 24 desanm 2019
Tuesday Dec 24, 2019
Tuesday Dec 24, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye 2 fanmi ki rele nou apre emisyon an yè apremidi pou pale sou kontribisyon Brigad Medikal Kiben an pote pou pèp Ayisyen an
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI 3pm-6pm Jedi 19 desanm 2019:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Anons gaye nan NY la pou fè konnen Mateli ap vin jwe bal samdi 28 desanm nan Temple Am Echad nan Lynbrook, Long Island; Nou ankouraje oditè yo rele responsab lokal la Rabbi Sandra Bellush nan 516-593-4004 pou di l ki ès Mateli ye
Nouvèl:
-Pandan Ti Komik Jovenel ap fè komedi kòmkwa l ap dirije yon peyi Gadkòt Meriken fè konnen yo rete plis pase 300 Ayisyen nan kanntè nan semèn nan epi distribiye sè ak frè n yo bay Turks ak Caicos ak Bahamas pou yo voye yo tounen Ayiti
-Ayè lendi a yon batiman ki kite Ilavach pou al Okay koule nan lanmè 9 fanmi nou yo ta mouri; Reyalite transpò nan lanmè lakay nou se tèt chaje
-Yon jij federal Meriken deside Gouvènman Meriken an gen dwa sezi tout kòb ki rantre nan lavant liv Edward Snowden nan ak kòb msye ta fè nan pale sou liv la
-Larisi anonse yè lendi a yo reyisi ak tès yo t ap fè sou yon sistèm entènèt pa yo ki rele "Entènèt Souvren" pou asire kominikasyon entènèt peyi yo pa p koupe jou Etazini ta deside bloke yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Dec 23, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 23 desanm 2019
Monday Dec 23, 2019
Monday Dec 23, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Remèsiman pou tout fanmi nou yo k ap koute emisyon Eritye Papa Desalin anndan kou deyò peyi nou
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 20 desanm 2019 la ak sè nou Fabyèn Yasent
Nouvèl:
-Pandan anpil moun ap pèdi tan fè gwo deba sou impeachment demokrat yo ak repibliken yo antann yo (377-to-48 nan chanm depite a epi 86–8 nan sena a) sou yon bidjè 738 milya pou zam; plis sanksyon kont Siri; epi lajan pou Trump monte miray li a sou fwontyè ak Meksik lan
-Rankont ant Minis Imigrasyon Bahamas la ak responsab mouvman anti-Ayisyen "Sovereign Bahamas" nan peyi sa a sou dosye Ayisyen ki nan peyi yo
-Kiba denonse politik Etazini pou elimine pwogram ki pèmèt kolaborasyon brigad medikal Kiben yo nan divès peyi nan Amerik la
-Gouvènman koudeta nan Bolivi a mete yon mande arestasyon kont Evo
-Viktwa IFCO/Pastors for Peace ki rejwenn estati 501c3 yo nan men IRS
-Newton St. Juste denonse mannèv gouvènman l ap defann nan ki debake pou fouye kay Dimitri Vorbe ak Madan Preval Elizabeth Debrosse #35 - men kouman fè l pa demisyone?
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Tuesday Dec 17, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 17 desanm 2019
Tuesday Dec 17, 2019
Tuesday Dec 17, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI 3pm-6pm Jedi 19 desanm 2019:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Peyi lòk la rive nan peyi Lafrans: Tout bagay bloke pou voye Macron ak gouvènman l nan ale
-Gouvènman Meriken an anonse enkilpasyon ak tout mande arestasyon yon ansyen anplwaye Anbasad Meriken Roudy Pierre-Louis yo akize k ta vòlè plizyè santèn milye dola vèt nan Anbasad la
Son nan manifestasyon anfavè Ti Komik Jovenel Moise pandan l t ap pase Gonaives samdi swa
Refleksyon sou sa k pase Gonaives samdi swa a; sou lapolis ki akonpanye patizan Jovenel yo ki genyen tout kalte zam nan men yo pou y al atake Raboto yè maten; Ti tchoul, gwo tchoul tout se tchoul
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI 3pm-6pm Jedi 19 desanm 2019:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Monday Dec 16, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 16 desanm 2019
Monday Dec 16, 2019
Monday Dec 16, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Remèsiman pou tout fanmi nou yo k ap koute emisyon Eritye Papa Desalin anndan kou deyò peyi nou
Refleksyon nou sou gwo dat 16 desanm 1990 la 29 lannen apre
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 13 desanm 2019 la
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ayibobo pou fanmi ki te manifeste ansanm ak KOMOKODA jedi 12 desanm nan devan Misyon Etazini nan LONI epi nou kase randevou pou 3pm-6pm Jedi 19 desanm 2019:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Nouvèl:
-Apre yon vwayaj pou sante nan Kiba Evo ale Ajantin jedi pase a pou l rete la kòm yon refijye annatandan l retounen lakay li nan Bolivi; Ajantin gen fwontyè ak Bolivi; 10 desanm "Lagoch" repran pouvwa laba a; Pandanstan gouvènman koudeta nan Bolivi di l ap prepare eleksyon epi Evo pa gen dwa kandida; y ap prepare yon manda pou arete l
-Manifestasyon Bahamyen rasis devan Anbasad Ayiti nan Bahamas
-Apati jodi a imigran ki pa gen estati legal Ozetazini ap kapab aplike pou lisans pou yo kondi machin nan NYS
-Pandan Etazini ak Core Group la ap bay pèp Ayisyen an lokipasyon kouri dèyè yon ti restavèk, y ap ede Repiblib dominikèn ansèkle peyi nou ak baz militè, yo sou sizyèm baz yo mete kanpe sou fwontyè a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Tuesday Dec 10, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 10 desanm 2019
Tuesday Dec 10, 2019
Tuesday Dec 10, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti fikilte ak koze "Dwa Moun" nan
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI 3pm-6pm Jedi 12 desanm 2019:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Jwèt ti komik ak lènmi nou yo pa p retire Ayiti nan kondisyon "twou latrin" menm lènmi sa yo mete l la
Ti koze ak responsab òganizasyon MUDHA Sirana Dolis nan okazyon 10 desanm kote Nasyonzini selebre Jounen Entènasyonal Dwa Moun
Plis detay sou chirepit ki genyen nan mitan kominote Juif la nan zòn Midwood nan Brooklyn nou te adrese yè a
Yon rapò National Institute of Environmental Health Sciences fè konnen pwodui chimik fanm mete nan chive yo se yonn nan bagay ki ta bay kansè
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Dec 09, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 9 desanm 2019
Monday Dec 09, 2019
Monday Dec 09, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki nan stidyo a ak nou
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI 3pm-6pm Jedi 12 desanm 2019:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 6 desanm 2019 la
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Refleksyon nou sou chirepit ki genyen nan mitan kominote Juif la nan zòn Midwood nan Brooklyn nan epi fason 2 ti restavèk yo Rodneyse Bichotte ak Farah Louis pa jennen pran pozisyon avèk Juif rasis yo kont yon lekòl pou timoun nwa nan zòn nan
Refleksyon nou sou monte desann k ap fèt nan mitan opozisyon kont Jovenel Moise la pou yo eplike blan an, chache konvenk blan an pou l lage Jovenel
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Dec 03, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 3 desanm 2019
Tuesday Dec 03, 2019
Tuesday Dec 03, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Mobilizasyon KOMOKODA te anonse pou jedi 5 desanm devan Misyon Etazini nan LONI a ranvwaye
Ti komik Jovenel ap ouvè kò l kòmkwa l ta redrese batiman k ap koule a
Ti mesaj pou oditè k te rele m apre emisyon yè a pou di m li pa dakò mwen pran pozisyon anfavè Arnel Belizaire
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Kòmkwa lekòl ta relouvri nan peyi a
-Ti komik Jovenel anonse l revoke alatèt ULCC (Inite k ap lite kont koripsyon) a David Bazile epi l ranplase l ak Claudy Gassant
-Ti komik Jovenel ap voye manda arestasyon adwat agoch epi l ap arete Ti Jan ak Ti Jak
-Ti komik Jovenel ak "Bullshit Bocchit" envite OEA vin ankete sou sitiyasyon peyi a
-Ayibobo pou militan nan Gonayiv yo ki kanpe dan di pou pwoteje barikad
-Devlopman nan dosye Jacques Yves Sebastien Duroseau a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Dec 02, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 2 desanm 2019
Monday Dec 02, 2019
Monday Dec 02, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki nan stidyo a ak nou
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 29 novanm 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Nou salye memwa Jean Robert Cius, Mackenson Michel, ak Daniel Israel, 3 jèn yo ki te tonbe Gonayiv 28 novanm 1985 epi tout fanmi nou ki te viktim nan masak Riyèl Vayan an 29 novanm 1987
Remèsiman pou fanmi ki t ale nan pelerinaj Plymouth lan ak nou pou Jounen Nasyonal Dèy la epi remèsiman pou tout fanmi ki te bay sipò yo pou pèmèt pelerinaj la te yon siksè
Refleksyon Fritzner sou pelerinaj Plymouth lan
Nouvèl:
-19 Ayisyen pou piti ta peri sou lanmè arebò Caicos pandan wikenn nan
-Edmund Mulet ki te alatèt MINUSTHA jiska 2011 pwopoze yon lòt misyon LONI ki ta pou dire 30 lannen an Ayiti epi pou US Southern Command lan ta tabli katye jeneral li an Ayiti
Refleksyon nou sou arestasyon ansyen depite Arnel Belizaire
Liy ouvè ak oditè yo