Episodes
Tuesday Nov 26, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 26 novanm 2019
Tuesday Nov 26, 2019
Tuesday Nov 26, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pelerinaj pou kominote a monte Plymouth, Massachussetts jedi 28 novanm, jou "Thanksgiving" nan pou n al pote solidarite n ak endijèn yo ki make li kòm "Jounen Nasyonal Dèy"
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Nan Bolivi pèp la kanpe pou konbat koudeta Meriken an
-Mobilizasyon kont koripsyon ak gouvènman restavèk toupatou
-Sòlda Gouvènman Mali ak sòlda Franse ki vin kore yo ap pran gwo frap nan Mali
-Nan eleksyon pou prezidan Etazini an batiman Joe Biden nan ap bwè dlo epi ansyen majistra NY la deside rantre nan won an
-2 blan franse jwenn ak zo grann yo nan peyi d Ayiti
Nou salye kouraj konpatriyòt Charlot Jeudi, responsab òganizasyon KOURAJ ki fè travèse li nan kondisyon ki panko fin klè
Anons
Monday Nov 25, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 25 novanm 2019
Monday Nov 25, 2019
Monday Nov 25, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Jodi a se 25 novanm, Jounen Entènasyonal pou Konbat Vyolans k ap fèt sou Fanm, nou salye tout fanm kouraj yo k ap goumen pou yo viv anndan yon sosyete miwo miba
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 22 novanm 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak sè nou Ninaj Raoul ki se responsab Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen sou divès kalte vyolans fanm yo ap andire
Anons
Tuesday Nov 19, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 19 novanm 2019
Tuesday Nov 19, 2019
Tuesday Nov 19, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pelerinaj pou kominote a monte Plymouth, Massachussetts jedi 28 novanm, jou "Thanksgiving" nan pou n al pote solidarite n ak endijèn yo ki make li kòm "Jounen Nasyonal Dèy"
Mesaj frè nou Antoine Adan sou pelerinaj Plymouth la
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan zòn New York la jodi a
Son nan manifestasyon ki te fèt nan New York epi nan Kanada pou n kanpe ak pèp la ann Ayiti ki nan goumen
Ti koze ak fanmi Espas Kreyòl yo (Menès Dejoie ak Jean Refuse) sou pyès teyat Mèt Zabèlbòk y ap prezante Vandredi swa nan Brooklyn nan
Nouvèl:
-Etazini ap mande lapè ak dyalòg yon bò epi yon lòt bò l ap rele vide gaz
-Koudeta pou Jezi nan Bolivi!
-Masak Izrayèl fè sou Palestinyen yo nan Gaza semèn pase a
Refleksyon nou sou konpatriyòt Jacques Yves Sebastien Duroseau lapolis Ayisyen ta arete nan ayewopò Pòtoprens ak gwo zam fann fwa nan malèt li
Anons
Monday Nov 18, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 18 novanm 2019
Monday Nov 18, 2019
Monday Nov 18, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou jete dlo pou zansèt yo nan okazyon gwo jounen 18 novanm nan, 216 lannen apre Batay Vètyè a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 15 novanm 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak frè nou Fritzner Pierre sou Batay Vètyè a
Liy ouvè ak oditè yo
Konbit pelerinaj pou kominote a monte Plymouth, Massachussetts jedi 28 novanm, jou "Thanksgiving" nan pou n al pote solidarite n ak endijèn yo ki make li kòm "Jounen Nasyonal Dèy"
Tuesday Nov 12, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 12 novanm 2019
Tuesday Nov 12, 2019
Tuesday Nov 12, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pou mobilizasyon solidarite ak Ayiti nan divès pwen dyaspora Ayisyen an: Mobilizasyon NY la ap derape nan kwen Flatbush ak Parkside nan Brooklyn nan 3pm dimanch 17 novanm k ap vini an
Konbit pelerinaj pou kominote a monte Plymouth, Massachussetts jedi 28 novanm, jou "Thanksgiving" nan pou n al pote solidarite n ak endijèn yo ki make li kòm "Jounen Nasyonal Dèy"
Nouvèl:
-Plis enfòmasyon ki soti sou koudeta kont Prezidan Evo Morales nan Bolivi epi mas Endijèn ki koumanse pran lari pou defann pouvwa yo
-Apre plis pase 500 jou nan prizon ansyen prezidan peyi a Lula rejwenn liberasyon l
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Jodi 12 novanm nan fè 55 lannen depi asasen kriminèl François Duvalier te sasinen 2 militan "Jeune Haiti" yo nan yon ekzibisyon piblik nan simityè Pòtoprens
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Nov 11, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 11 novanm 2019
Monday Nov 11, 2019
Monday Nov 11, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 8 novanm 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Ti koze gran frè nou Jean-Claude Martineau (Koralen) sou koudeta ki fèt yè nan peyi Bolivi epi sou sa Evo Morales ak eksperyans pati politik li a MAS pote pou moun ki pi pòv yo nan peyi sila a
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn: Li fè ti pale ak gran frè konpatriyòt Eddy Joseph rasis Dominikèn pann nan yon pye bwa nan Puerto Plata semèn pase
Liy ouvè ak oditè yo
Konpliman pou alatèt Radio Omega a Angelique Nelson ak tout kolaboratè li yo ki prezante yon bèl fèt pou selebre radyo a samdi swa
Anons
Tuesday Nov 05, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 5 novanm 2019
Tuesday Nov 05, 2019
Tuesday Nov 05, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou ankouraje sipòtè Radio Omega yo kouri vin pran tikè yo pou gwo fèt radyo a ap fè samdi pwochen
Konbit pelerinaj pou kominote a monte Plymouth, Massachussetts jedi 28 novanm, jou "Thanksgiving" nan pou n al pote solidarite n ak endijèn yo ki make li kòm "Jounen Nasyonal Dèy"
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou mobilizasyon k ap fèt nan Kanada pou kore pèp Ayisyen an ki kanpe sou pye militè li jounen jodi a
Nou ankouraje fanmi ki nan 45yèm district nan Brooklyn nan ki pral vote demen pou yo jete yon bilten pou Anthony Beckford; Se pou moun ki swe pou nou pou n chanje chemiz
Ti koze ak sè nou Bayyinah Bello sou nouvo liv li ki rele "Sheroes of the Haitian Revolution" epi sou selebrasyon Fondasyon Felisite te fè pou make 261yèm anivèsè nesans Lanperè 20 septanm ki sot pase a
Nouvèl:
-Jacqueline "Jackie" Charles nan Miami Herald monte sou twitter pou fè pèp Ayisyen an konprann elikoptè militè Meriken k ap virewon nan peyi a se pa elikoptè militè yo ye epi sòlda Meriken yo pa sòlda Meriken
-12 jij ki aktyèlman nan tribinal kasasyon an rive nan plas yo soti 2011 pou rive 2019; tout se pitit PHTK yo ye
-Nan mitan mobilizasyon pèp la avoka Newton St. Juste chanje fizi l zepòl, siyen kontra ak Jovenel pou l bay lamizè do
Anons
Monday Nov 04, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 4 novanm 2019
Monday Nov 04, 2019
Monday Nov 04, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye tout Ayisyen ki ranmase kouraj yo pou selebre fèt Gede kòmsadwa
Nou ankouraje sipòtè Radio Omega yo kouri vin pran tikè yo pou gwo fèt radyo a ap fè samdi pwochen
Nou ankouraje fanmi ki nan 45yèm district nan Brooklyn nan ki pral vote demen pou yo jete yon bilten pou Anthony Beckford; Se pou moun ki swe pou nou pou n chanje chemiz
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Premye novanm 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Gwo rankont ant Valdimir Putin ak 43 chèf deta Afriken nan vil Socchi nan peyi Larisi
-CARICOM plenyen dèske depi ete a l ap chache voye yon delegasyon Premye Minis 3 peyi manm òganizasyon sila a pou al evalye sitiyasyon peyi d Ayiti men Jovenel refize ba yo lese pase
-"Ba yo baton epi ba yo manje": Taiwan bay sipò militè pou ede Jovenel mate pèp Ayisyen an epi Meriken an bay manje pou adousi lari a
-Gouvènman Trump lan anonse pwolongasyon TPS jiska 4 janvye 2021
Refleksyon nou sou manifestasyon ki fèt nan Brooklyn nan yè Dimanch lan
Anons