Episodes
Tuesday Oct 29, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 29 oktòb 2019
Tuesday Oct 29, 2019
Tuesday Oct 29, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn: Li fè ti pale ak konpatriyòt Abdias Berrouet k ap viv nan Repiblik Dominikèn
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki aktyèlman nan peyi Kiba
Ti koze ak Pè Junior Calixte, ki responsab nan legliz St. Thomas More nan Nassau, Bahamas sou sitiyasyon sè ak frè nou yo ki viktim siklòn Dorian
Ti refleksyon nou sou Gwo Moso k ap selebre kòmkwa menm jan ak Barak la li ta rive sasinen pi gwo teworis ki ta janm egziste sou latè depi djab sèt kòn nan ki te rele Osama Bin Laden nan. Mòy ta di: Chalmas! Ala kote gen koze papa.
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Oct 28, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 28 oktòb 2019
Monday Oct 28, 2019
Monday Oct 28, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Jodi a se 28 oktòb, Jounen Entènasyonal Kreyòl: Nou tout Ayisyen se Kreyòl nou ye!
Jodi a tou se fèt ti sè nou Altagracia Jean Joseph ki se korespondan emisyon an nan Repiblik Dominikèn: Nou swete fanmi an sante, sante, epi plis sante toujou pou l ka travèse pikan kwenna lavi a
Ti ranmase sou lavant liv Kreyòl nou te fè chak dimanch pandan mwa oktòb la pou n ankouraje plis Ayisyen li epi ekri Kreyòl
Ayibobo pou sè nou yo Zermatt Scutt ak Abdaly Lessage nan "Edisyon 2 Kreyòl yo" pou gwo epi bèl travay y ap fè nan Jakmèl pou lang Kreyòl la epi pou pèp Ayisyen an tou
https://2kreyolyo.com/
Nou remèsye fanmi ki te pase nan lavant lan yè dimanch lan anvan nou te rive epi k kite yon pil bon bagay pou nou. Yon lòt fwa ankò n ap eskize n pou reta a epi n ap di w Mèsi anpil!
Nou remèsye Wynnie Lamour ak Darnelle Champagne nan Jaden Timoun ki fè pati Haitian Creole Institute pou kolaborasyon yo pandan mwa Kreyòl la
http://www.haitiancreoleinstitute.com/jadentimounlinks/
Nou remèsye fanmi nan Long Island ki voye patisipasyon l pou ede emisyon an kenpe. Nou apresye sa.
Ti ranmase sou aktivite pou selebre lang Kreyòl ki fèt nan Brooklyn College pandan wikenn nan
Ti ranmase sou selebrasyon Jounen Entènasyonal Kreyòl jèn Flanbwayan yo te òganize samdi a
Ti ranmase sou aktivite fanmi nou yo nan IFCO/Pastors for Peace te fè samdi swa pou onore travay Lucius Walker. Konpliman pou 2 jèn nan komite TPS Haitian Women for Haitian Refugees, Melissa ak Naisha, IFCO te onore pandan sware a
Nou di pèp Ayisyen an veye kamileyon ki fè 7 an 7 mwa ak PHTK epi jodi a yo vle pèp la konprann yo nan opozisyon epi y ap mennen nou nan latè pwomiz
Nou li ti moso nan liv "Yon lekòl tèt anba nan peyi tèt anba" konpatriyòt Iv Dejan ekri
Liy ouvè ak oditè yo
Nou li ti enfòmasyon sou lavi Maurice Sixto ki pibliye nan pwogram selebrasyon lang Kreyòl ki te fèt nan Brooklyn College
Tuesday Oct 22, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 22 oktòb 2019
Tuesday Oct 22, 2019
Tuesday Oct 22, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Rezilta eleksyon nan Kanada epi nan Bolivi
Ti ranmase sou kèk nan Vanyan ki ale pandan oktòb la:
-Henri Christophe, 8 oktòb 1820; Ernesto "Che" Guevara, 9 oktòb 1967; Thomas Sankara, 15 oktòb 1987; Janjak Desalin, 17 oktòb 1806; Maurice Bishop, 19 oktòb 1983; Samora Machel, 19 oktòb 1987; Chalmay Peralt, 31 oktòb 1919
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Anons
Ti koze Mèt Bano pou ankoura kominote a patisipe nan selebrasyon Jounen Entènasyonal Kreyòl gwoup Espas Kreyòl ap fè nan Brooklyn College Vandredi swa ak tout jounen samdi
Plizyè pwen cho atravè mond la - Ti koze sou sa k ap bouyi nan Liban
Monday Oct 21, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 21 oktòb 2019
Monday Oct 21, 2019
Monday Oct 21, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou ankouraje oditè ki branche yo pou rele yon fanmi oswa yon zanmi epi ede yo koute Radio Omega
Refleksyon nou sou moman politik peyi nou ap travèse a epi sou moun ki te mete Martelly ak Jovenel yo ki pran devan jodi a kòmkwa se menm yomenm nan ki pral kapote sistèm nan
Ayibobo pou pèp Ayisyen an ki montre lemonn antye nou granmoun epi nou konn sa nou vle; Se pa "lidè" eskamotè yo ak atis yo ki mete pèp la deyò, se pèp la ki mete yo deyò
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 18 oktòb 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki aktyèlman nan peyi Kiba
Anons
Leve kanpe pèp nan diferan zòn nan mond la akoz egzijans enstitisyon ekonomik entènasyonal yo ak koripsyon pouvwa lokal yo
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Oct 15, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 15 oktòb 2019
Tuesday Oct 15, 2019
Tuesday Oct 15, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Anons
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki aktyèlman nan peyi Kiba
Ti koze ak frè nou Kebert Bastien ki fè pati gwoup atis angaje "KATAN" k ap mennen yon aksyon jodi a nan Pòtoprens
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou aksyon gwoup Solidarite Quebec-Haiti te fè samdi a nan Montreal ak lòt aksyon yo panse antreprann
Mèt Bano (Ernest Banatte) pase pou envite oditè yo nan aktivite Espas Kreyòl ap antreprann 25 ak 26 oktòb pou selebre Jounen Entènasyonal Kreyòl
Refleksyon nou sou 15 oktòb 1994 lè Prezidan Aristide te retounen apre koudeta 30 septanm 1991 la epi jodi a 15 oktòb 2019 kote Nasyonzini anonse okipasyon militè l ap jere depi mas 2004 lakay nou an rive bout
Monday Oct 14, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 14 oktòb 2019
Monday Oct 14, 2019
Monday Oct 14, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou ankouraje oditè ki branche yo pou rele yon fanmi oswa yon zanmi epi ede yo koute Radio Omega
Ayibobo pou pèp Ayisyen an ki montre lemonn antye nou granmoun epi nou konn sa nou vle; Se pa "lidè" yo ak atis yo ki mete pèp la deyò, se pèp la ki mete yo deyò
Ti koresyon sou enfòmasyon nou te pataje semèn pase: Depite Meriken ki nan pati Repibliken an ki rele Steve King ki pwopoze rezolisyon H.Res.619 la pou kore Jovenel la se Iowa li reprezante, se pa Indiana
Jodi a Etazini dekrete yon jou ferye nan nivo tout peyi a pou onore asasen jenosidè kadejakè Kristòf Kolon
Nou lanse pelerinaj pou kominote a monte Plymouth, Massachussetts jedi 28 novanm, jou "Thanksgiving" nan pou n al pote solidarite n ak endijèn yo ki make li kòm "Jounen Nasyonal Dèy"
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 11 oktòb 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Ti rapò sou Lavant Liv Kreyòl la n ap fè chak dimanch nan mwa oktòb la epi remèsiman pou fanmi k te vini yo espesyalman Wynnie Lamour ak Darnelle Champagne ki fòme ekip Jaden Timoun ki te la ak nou
Nou salye frè nou Jafrikayiti ak sè nou Maude Jean Michel ki te li vèsyon Kreyòl Deklarasyon Endepandans peyi nou emisyon Lakou NY te tradui an Kreyòl nan lannen 2008
Nou eskize nou paske n pa rive fè kontak ak Prens Tiecoura pou Levanjil Liberasyon an
Nouvèl:
-Anviwon 200 òganizasyon ak endividi atravè Amerik Latin nan ak Karayib la siyen yon lèt pou pote solidarite yo ak pèp Ayisyen an
-3 jij federal Meriken deside bloke desizyon gouvènman Trump la pou anpeche imigran ki te benefisye èd leta vin genyen rezidans oswa sitwayènte Meriken
-Bri ap kouri Chelsea Clinton ka vin kandida pou ranplase Depite New York Nita Lowey ki anonse l ap retrete nan laj 89 lannen
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Tuesday Oct 08, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 8 oktòb 2019
Tuesday Oct 08, 2019
Tuesday Oct 08, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nouvèl:
-Miami Herald rapòte Marco Rubio ta pale nan sans ke Etazini pa p vin retire Jovenel nan sa l ye la a
-Popilasyon Ekwatè kanpe dan di pou kapote gouvènman Lenin Moreno a
-Gouvènman Hong Kong limenm anonse si l pa ka jere manifestasyon yo k ap fèt laba a l ap sètoblije rele Lachin pou yo vin mete lòd nan dezòd
-Sekretè Jovenel yo mete deklarasyon deyò pou denonse pèp la ki manke manje konseye Jovenel yo samdi a devan Radio Caraibes
-Nasyonzini fè konnen li sanlè fè fayit; 37,000 anplwaye l yo ka pa ka touche apre fen mwa sa a
Nou pase istwa Jean Claude Martineau ki rele Bèfchenn
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Vandredi swa moun yo pa rive idantifye sasinen Joshua Brown ki te temwanye nan jijman Amber Guyger ki te sasinen Botham Jean
-Gouvènman Trump la pou yon dekrè pou egzije apati 3 novanm tout etranje k ap aplike pou viza pou vini Ozetazini blije demontre yo genyen lajan pou peye pou nenpòt swe sante yo ta ka bezwen oswa yo prezante sètifika asirans sante k ap kouvri yo pou tan y ap fè Ozetazini an
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Oct 07, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 7 oktòb 2019
Monday Oct 07, 2019
Monday Oct 07, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou ankouraje oditè ki branche yo pou rele yon fanmi oswa yon zanmi epi ede yo koute Radio Omega
Gouvènman Ti Komik la mande pou lekòl louvri, popilasyon an griyen dan l; Ayibobo pou pèp Ayisyen an ki kanpe pou goumen kont restavèk apatrid yo jodi a
Nou salye Mirlande Paillere, manm KOMOKODA ki fè afè ak konpatriyòt Frantz Jacket
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 4 oktòb 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Ti ranmase sou lavant liv Kreyòl n ap òganize chak dimanch pandan mwa oktòb la "Mwa Kreyòl" la; Konbit pou ankouraje kominote a vin patisipe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki aktyèlman nan peyi Kiba
Son ak rapò mobilizasyon KOMOKODA kont Hillary ak Chelsea Clinton madi swa devan Kings Theater epi devan jedi swa devan Union Square Barnes and Nobles
Nouvèl:
-Jedi 3 oktòb la, Gouvènman peyi Bahamas anonse l ap kòmanse depòte Ayisyen san papye ki te viktim siklòn Dorian yo nan 20 jou
-Nou ri moun ki di yo alatèt mobilizasyon kont Jovenel Moise nan Pòtoprens k al pale franse epi pote lèt bay reprezantan Nasyonziini yo an Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Oct 01, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi Premye oktòb 2019
Tuesday Oct 01, 2019
Tuesday Oct 01, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Mobilizasyon pou kominote a vin bare Hillary Clinton ak Chelsea Clinton 6pm demen devan Kings Theater nan 1027 Flatbush Avenue ant Beverly ak Tilden
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Ti koze ak Alain Zephyr ak Yves Pierre ki se 2 responsab nan òganizasyon Renouvo Demokratik sou woumble yo te fè nan Queens lan samdi k sot pase a sou chimen demen peyi d Ayiti
Mobilizasyon pou kominote a vin bare Hillary Clinton ak Chelsea Clinton 6pm demen devan Kings Theater nan 1027 Flatbush Avenue ant Beverly ak Tilden
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Sep 30, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 30 septanm 2019
Monday Sep 30, 2019
Monday Sep 30, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou jete dlo nan okazyon 28 lannen depi jou madichon 30 septanm 1991; Nou salye viktim yo
Mobilizasyon pou kominote a vin bare Hillary Clinton ak Chelsea Clinton 6pm demen devan Kings Theater nan 1027 Flatbush Avenue ant Beverly ak Tilden
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 27 septanm 2019 la ak sè nou Darnell Benoit
Ti koze ak frè nou Kafenòl ki nan Montreal sou 30 septanm nan epi sou mobilizasyon k ap fèt lakay jodi a pou kapote sistèm anplas la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons