Episodes
Tuesday Sep 24, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 24 septanm 2019
Tuesday Sep 24, 2019
Tuesday Sep 24, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la 10am-6pm jedi 26 septanm pou denonse Edmond Bocchit ki pral pale nan plas Jovenel nan LONI:
815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Ti koze ak Pè Junior Calixte, ki responsab nan leglis St. Thomas More nan Nassau, Bahamas sou sitiyasyon sè ak frè nou yo ki viktim siklòn Dorian
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la 10am-6pm jedi 26 septanm pou denonse Edmond "Boulchit" Bocchit ki pral bay manti nan plas Jovenel nan LONI:
815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Anons
Monday Sep 23, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 23 septanm 2019
Monday Sep 23, 2019
Monday Sep 23, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou selebrasyon 261yèm anivèsè nesans Papa Desalin 20 septanm 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Ayibobo pou pèp Ayisyen an ki kanpe pou goumen kont restavèk apatrid yo jodi a; Dife nan 4 pwen kadino
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Ti koze sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn nan okazyon 6yèm anivèsè desizyon Tribinal Konstitisyonèl Dominiken ki te denasyonalize pitit Ayisyen ki fèt nan peyi sila a apre 1929
Nou ankouraje oditè yo al salye Martine "Dermalog" Moise ki nan otèl Lotte New York Palace nan Madison ant 50th ak 51st nan Manhattan ap tann mari li
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Sep 17, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 17 septanm 2019
Tuesday Sep 17, 2019
Tuesday Sep 17, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou envite fanmi an vin fete 261yèm anivèsè nesans Vanyan Janjak Desalin ak nou 7pm, Vandredi 20 septanm nan lokal Flanbwayan an, 208 Parkside Avenue
Nouvèl sou sitiyasyon sè ak frè nou yo ki viktim nan siklòn Dorian nan Bahamas; Divès legliz ak òganizasyon Ayisyen ak pitit Ayisyen nan Bahamas kole tèt ansanm pou fòme "United Haitian Community Front" nan lide pou yo ta pote yon konkou ki pi djanm bay fanmi nou yo
Ti koze ak gran sè nou Gad Flanbo a Bayyinah Bello sou selebrasyon Fondasyon Felisite ap fè lakay pou 261yèm anivèsè nesans Papa Desalin
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Sep 16, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 16 septanm 2019
Monday Sep 16, 2019
Monday Sep 16, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou envite fanmi an vin fete 261yèm anivèsè nesans Vanyan Janjak Desalin ak nou 7pm, Vandredi 20 septanm nan lokal Flanbwayan an, 208 Parkside Avenue
Divès òganizasyon nan zòn nan rankontre epi lanse "Operasyon Bare Jovenel nan NY" sizoka Jovenel ta vini nan NY la semèn pwochèn
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 13 septanm 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nou jete dlo, rele Ayibobo pou Vanyan Robert Mugabe, ansyen prezidan peyi Zimbabwe, lantèman li fèt samdi k sot pase a
Taiwan ofri Jovenel cha blende pou fè represyon sou pèp la ki nan lari pandan Lachin limenm ofri Jovenel plizyè milya dola "devlopman" pou kalme lari a akondisyon Jovenel ta vire do bay Taiwan
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Sep 10, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 10 septanm 2019
Tuesday Sep 10, 2019
Tuesday Sep 10, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki nan stidyo ak nou
Fritzner salye oditè yo
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Donald Trump di l revoke John Bolton men Bolton di se li k vire do l
-Lajistis peyi Onndiras kondane ansyen premyè dam peyi a Rosa Bonilla de Lobo pou l pase 58 lannen nan prizon pou koripsyon
-Pandan siklòn Dorian t ap menase Etazini Gouv. Trump lan retire $155 milyon nan bidjè FEMA ki pou ta adrese dezas natirèl epi voye l nan bidjè ICE pou pèsekite imigran
-Atik Dave Lindorff nan Counterpunch.org sou gran près Meriken an k ap pale kòmkwa Iran ap vyole menm akò nikleyè yo byen konnen Trump dechire a
-Nou ankouraje oditè yo, òganizasyon yo nan kominote a, legliz yo pou ranmase responsabilite yo fas ak sè ak frè nou yo ki viktim siklòn Dorian nan Bahamas; Nou ankouraje pèp Ayisyen an leve kanpe pou n genyen yon gouvènman nan liy zansèt nou yo ki mete kanpe yon Ayiti tout pitit li ka viv ladan l
Nou ankouraje oditè yo kanpe pou bloke Jovenel si l met pye nan NY la
Liy ouvè ak oditè yo
Nou pase yon ti moso nan yon repòtaj Sky News ki fèt sou zile Abaco nan Bahamas:
https://www.youtube.com/watch?v=OYpsfZkLbok
Anons
Monday Sep 09, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 9 septanm 2019
Monday Sep 09, 2019
Monday Sep 09, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 6 septanm 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Nou swete demwazèl kay la Agathina Nozy "Bòn Fèt"
Nou salye frè nou Raymond Dugué ak fanmi li, nan wikenn nan li te genyen sèvis pou make 2yèm anivèsè travèse ti frè li Jean Claude Dugué
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nou jete dlo, rele Ayibobo pou Vanyan Robert Mugabe, ansyen prezidan peyi Zimbabwe ki fè travèse li nan laj 95 lannen
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki nan stidyo a ak nou
Ti refleksyon nou sou sè ak frè nou yo ki viktim nan siklòn Dorian nan Bahamas ak reyalite peyi nou k ap ankouraje Ayisyen kite peyi a al chache lavi lòt kote
Tuesday Sep 03, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 3 septanm 2019
Tuesday Sep 03, 2019
Tuesday Sep 03, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye "Manman Baz" Jacqueline Salnave k ap fete anivèsè nesans li jodi a
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Manifestasyon pi rèd nan Hong Kong; Yon pil pil moun nan peyi sila a sèmante pou yo rete restavèk loksidan olye yo ta tounen jwenn Lachin
-Lagè komès ant Etazini ak Lachin nan ap pran chè
-Soti 27 pou rive 30 out, plis pase 200 òganizasyon chite nan yon rankont tèt ansanm nan Papay pou fikse yon chimen tèt ansanm
-Gwo viktwa pou kominote a dèske Martelly pa t sou Parkway a yè lendi a
Liy ouvè ak oditè yo
Ti ranmase sou dènye atik Lyonel Trouillot ki parèt nan jounal Nouvelliste (Hommage et entêtement)
Lawont epi madichon pou Assemblywoman Kimberley Jean Pierre ki te prezante Michel Martelly yon diplòm eta New York nan espektak kote Richard Urbain t ap onore chawony nan; Li fè sa malgre agresyon seksyèl Martelly fè sou Sarah Poisson ki te jwenn kouraj pou kanpe pou kont li mande msye lajan petrocaribe a
Anons
Monday Sep 02, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 2 septanm 2019
Monday Sep 02, 2019
Monday Sep 02, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou deklare laviktwa nan batay kont Martelly ak Richard Urbain nan wikenn Lakor Day a
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki nan stidyo a ak nou
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 30 out 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nou salye kouraj Madam Sarah Poisson ki te ranmase kouraj li epi demaske Martelly ak Roro Nelson pou vòlè yo ye a anndan aktivite Richard Urbain t ap onore l la
Rapò ak son mobilizasyon wikenn nan pou kwape Martelly ak Richard Urbain
Liy ouvè ak oditè yo