Episodes
Tuesday Jun 25, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 25 jen 2019
Tuesday Jun 25, 2019
Tuesday Jun 25, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Emisyon espesyal ak frè nou Raymond Dugué pou ankouraje kominote a "Pa Pran nan Blòf la" epi al sipòte kandidati Monique Chandler-Waterman nan eleksyon lokal k ap fèt jodi a nan Brooklyn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Tribinal Federal Meriken kondane gwo bwa nan milye restavèk Ayisyen nan dyaspora a, alatèt òganizasyon NOAH (National Organization for the Advancement of Haitians) ak Federasyon Dyaspora Ayisyen ansyen Kolonèl Meriken Dr. Joseph Baptiste pou dwèt long siperyè nan konplo koripsyon nan Mòl Sennikola
Liy ouvè ak oditè yo
Mesaj nou pou mèt Radyo Pa Nou Jude Joseph parapò ak dwa alapawòl nou nan radyo a
Monday Jun 24, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 24 jen 2019
Monday Jun 24, 2019
Monday Jun 24, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Yon emisyon espesyal pou reponn fanmi nan East 45 lan ki di nou bay manti nan koze eleksyon lokal k ap fèt demen nan Brooklyn nan
Frè nou Fritzner Pierre salye oditè yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 21 jen 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nou tounen sou dosye eleksyon k ap fèt nan Brooklyn nan demen: Èske PBA (Police Benevolent Association) se zanmi kominote nou an? Èske SBA (Sergeants Benevolent Association) se zanmi kominote nou an? Èske HALEFO (Haitian American Law Enforcement Fraternal Organization) se zanmi kominote nou an?
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Jun 18, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 18 jen 2019
Tuesday Jun 18, 2019
Tuesday Jun 18, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Liy ouvè ak oditè yo sou rezon yo panse dyaspora a pa leve kanpe pou pote solidarite l ak lit k ap fèt lakay la
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Gouvènè eta New York la Andrew Cuomo siyen lwa pou bay imigran san papye lisans pou yo ka kondi machin; Pinga ki genyen nan dosye a lè moun ki ap viv anba chal yo al pote enfòmasyon yo bay yon enstitisyon leta
Monday Jun 17, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 17 jen 2019
Monday Jun 17, 2019
Monday Jun 17, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ayibobo pou fanmi yo nan zòn New Jersey ak New York ki te mobilize kont prezans Martelly nan zòn nan pandan wikenn nan
Frè nou Fritzner Pierre salye oditè yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 14 jen 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nouvèl:
-Ansyen responsab LONI Edmund Mulet ki t ap koupe rache nan peyi d Ayiti te kandida alaprezidans nan eleksyon Guatemala yè dimanch la
-Mohamed Morsi ki se prezidan lejitim peyi Ejip menm lè li ap koupi nan prizon depi koudeta Jeneral Sisi an jiyè 2013 la mouri pandan l te nan tribinal jodi a
-Anbasadè Ajantin nan peyi d Ayiti pèdi djòb li apre juif mande anraje pou tèt msye idantifye tèt li nan yon mesaj nan entènèt la kòm pitit yon ofisye Nazi
Liy ouvè ak oditè yo
Nou fini emisyon an ak son manifestasyon KOMOKODA devan restoran Meli Melo kote Martelly t ap fè bal
Tuesday Jun 11, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 11 jen 2019
Tuesday Jun 11, 2019
Tuesday Jun 11, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Mobilizasyon kont espektak Martelly nan St Demetrios Greek Orthodox Church nan Union, NJ samdi k ap vini an
Mobilizasyon pou manifestasyon kont espektak Mateli dimanch apremidi nan restoran Meli Melo nan Valley Stream
Yè lendi 10 jen 2019 la fè 70 lannen depi Vanyan Marcus Garvey fè travèse li. Nou pase vwa li k ap pale sou rezondèt òganizasyon li an UNIA (United Negro Improvement Association)
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué ki se responsab nan UNIA jodi a
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Jun 10, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 10 jen 2019
Monday Jun 10, 2019
Monday Jun 10, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Yon lòt fwa ankò nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou sè nou Vayola Jean ak fanmi li. Lantèman frè Vayola ki rele Michael Guercy "Gogo" Lagredelle fèt Vandredi k sot pase a
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi gran mizisyen Ayisyen Charles Dessalines. Lantèman frè a fèt nan Brooklyn nan pandan wikenn nan
Kouraj pou Madam Jesula Picard ki se yon sipòte KOMOKODA ki pèdi yon neve li nan yon kokenn aksidan nan wikenn nan
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 7 jen 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Ayibobo pou pèp Ayisyen an ki kanpe djanm atravè peyi a pou voye Jovenel ak restavèk PHTK yo ale
Pinga pou fanmi yo k ap chache dedwàne Gedeon ak PNH la nan represyon y ap fè sou pèp la k ap manifeste pou voye Jovenel ale
Chapo ba pou Kolektif 7 jiyè ki te lanse manifestasyon solidarite ak pèp Ayisyen an nan Brooklyn nan
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Ti koze ak konpatriyòt Ernst Vilsaint ki fè pati gwoup nan New Jersey k ap mobilize kont prezans espektak Martelly nan Union, NJ samdi k ap vini an
Mobilizasyon pou manifestasyon kont espektak Mateli dimanch apremidi nan restoran Meli Melo nan Valley Stream
Tuesday Jun 04, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 4 jen 2019
Tuesday Jun 04, 2019
Tuesday Jun 04, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Anons lanmò Michael Guercy Lagredelle ki se te frè sè nou Vayola Jean. Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou Vayola, fanmi li, ak tout lòt moun lanmò sila a mete nan lapenn
Nou salye sè nou Darnell Benoit ki se alatèt Flanbwayan Haitian Literacy Project k ap fete anivèsè nesans li jodi a
Ti koze ak ti frè nou Kebert Bastien sou reyalite peyi a apre piblikasyon dezyèm pati rapò Lakou Siperyè dè Kont sou dosye Petrokaribe a
Nou pataje atik sou pakèt fanmi rich yo nan peyi a ki kouvri tèt yo, biznis yo, machin yo ak yon fo kouvèti "Konsil Onorè" divès peyi ki pa genyen anbasad an Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Jun 03, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 3 jen 2019
Monday Jun 03, 2019
Monday Jun 03, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi ak zanmi Madam Josette Joseph. Lantèman li chante pandan wikenn ki sot pase a
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou sè nou Vayola Jean ak fanmi li nan okazyon travèse frè Vayola ki rele Michael Guercy Lagredelle
Nou salye sè nou Viergela Pierre k ap fete anivèsè nesans li jodi a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 31 me 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nouvèl:
-Pèp peyi Honduras mete Pè Lebrun nan pòt Anbasad Meriken nan peyi sila a epi yo boule omwen 62 kamyon fwi konpayi Meriken Dole Fruit Company
Refleksyon nou sou dezyèm pati rapò Lakou Siperyè dè Kont sou dosye Petrokaribe a