Episodes
Tuesday Nov 27, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 27 novanm 2018
Tuesday Nov 27, 2018
Tuesday Nov 27, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Anons
Refleksyon nou sou dènye devlopman yo lakay
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Nov 26, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 26 novanm 2018
Monday Nov 26, 2018
Monday Nov 26, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou swete gason nou Amadou "Bòn Fèt"
Nou jete dlo pou gran frè nou Emile Pierre ki fè travèse l
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 23 novanm 2018 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nouvèl:
-Ayibobo pou fanmi yo k te fè deplasman annan gwo fredi mèkredi swa pou al manifeste kont prezans Mateli nan SOB's nan Manhattan nan
-Migran yo nan Karavàn ki soti Amerik Santral la pete miraj sou fwontyè Meksik ak Etazini an
-Vil Pari pran dife apre gouvènman peyi Lafrans deside monte pri gaz nan peyi a
Liy ouvè pou oditè yo salye fanmi Emile Pierre
Nou salye tout fanmi k te patisipe nan pelerinaj Plymouth lan pou Jounen Nasyonal Dèy la epi nou remèsye tout moun ki te bay patisipasyon yo
Tuesday Nov 20, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 20 novanm 2018
Tuesday Nov 20, 2018
Tuesday Nov 20, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Mobilizasyon pèp Ayisyen an nan 4 kwen peyi a pou chavire chodyè a ap suiv chimen li
Konbit pou pelerinaj anyèl nou nan Plymouth, Mass. pou Jounen Nasyonal Dèy la an solidarite ak fanmi endijèn nou yo jedi 22 novanm nan
Remèsiman pou fanmi yo k sipòte pelerinaj la ki pèmèt nou kouvri depans yo
Virewon Bill ak Hillary Clinton nan 7 vil Etazini ak Kanada a ki te dwe koumanse dimanch 18 novanm nan bwè luil
Mobilizasyon pou manifestasyon devan SOB's nan Manhattan demen swa pou n pwoteste bal Mateli nan espas sila a
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Nov 19, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 19 novanm 2018
Monday Nov 19, 2018
Monday Nov 19, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Depi 11 lannen chak mwa novanm nou ankouraje fanmi an deplase ak nou pou n al pote solidarite n bay endijèn tè a yo nan Plymouth, MA ki make jounen "Thanksgiving" nan kòm yon Jounen Nasyonal Dèy
Ti koze ak frè nou Jean Robert Elie ki lakay sou jan Pòtoprens leve maten an
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 16 novanm 2018 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Ti moso nan koze nou te fè an 2015 ak Moonamun James ki se yonn nan òganizatè Jounen Nasyonal Dèy la
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Anons
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Nov 13, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 13 novanm 2018
Tuesday Nov 13, 2018
Tuesday Nov 13, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Gwo remèsiman pou fanmi yo ki bay patisipasyon yo nan konbit pou selebrasyon Klib Zanmi Kiba nan Sidès la ap fè nan mwa desanm nan pou di Kiba Mèsi pou 20 lannen solidarite yo ak pèp Ayisyen an
Konbit pou pelerinaj anyèl nou nan Plymouth, Mass. pou Jounen Nasyonal Dèy la an solidarite ak fanmi endijèn nou yo
Ti koze sou aktivite òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen te fè samdi a nan legliz Bethanie SDA pou enfòme kominote a sou dènye devlopman nan dosye TPS la
Ti koze ak sè nou Zermatt Scutt sou travay Edisyon 2 Kreyòl yo (www.2kreyolyo.com) nan Jakmèl epi patisipasyon nan Vandredi Anba Tonnèl la ak nou semèn sa a
Refleksyon nou sou desizyon Senatè Moise Jean Charles pou l leve drapo nwa e wouj la byen wo kòm vrè drapo peyi nou
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Nov 12, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 12 novanm 2018
Monday Nov 12, 2018
Monday Nov 12, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Jodi a fè 54 lannen depi asasen sanginè François Duvalier te òganize espektak ekzikisyon piblik pou sasinen de jèn gason nan gwoup Jèn Ayiti ki te kanpe anfas sistèm li a
Depi 11 lannen chak mwa novanm nou ankouraje fanmi an deplase ak nou pou n al pote solidarite n bay endijèn tè a yo nan Plymouth, MA ki make jounen "Thanksgiving" nan kòm yon Jounen Nasyonal Dèy
Nou salye frè nou Manno Louizaire ki pèdi manman l nan wikenn nan
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 9 novanm 2018 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Ti dyalòg ak Tiecoura sou pale anpil ki genyen poutèt Moise Jean Charles leve drapo peyi nwa e wouj la
Ti koze ak frè nou Fritzner Pierre sou mobilizasyon KOMOKODA jedi pase devan Konsila a epi bri k ap kouri kòmkwa Michel Martelly ap vin jwe bal nan zòn NY la
Tuesday Nov 06, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 6 novanm 2018
Tuesday Nov 06, 2018
Tuesday Nov 06, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti koze sou eleksyon k ap fèt Ozetazini jodi a
Bòn Fèt Ghislaine epi Bòn Fèt Borgela!
Nouvèl:
-Lantèman gran frè nou Gerald Bloncourt chante jodi a; Nou pase mesaj Gerald te voye bay jenès Ayisyen an pandan dènye vizit li lakay nan lannen 2016
-Peyi Babad bloke 13 Ayisyen ki debake nan peyi sa a Vandredi pase menm lè yo te plede pou aleretou Ayisyen san traka nan tout peyi Caricom yo
-176 Ayisyen ki t al pran chans yo nan peyi Chili ta dwe retounen lakay yo demen mèkredi a nan pwogram pou imigran ki pa rive regilarize dosye yo epi ki dakò kite peyi a
-Bahamas di pitit pitit Ayisyen ki fèt nan peyi sa a pa gen dwa jwenn sitwayènte Bahamas
Refleksyon nou:
-Pou konbyen tan Ayisyen pral kontinye viv nan reyalite sila a?
-MINIJUSTH ak Lapolis "Ayisyen" fè desantdelye pou kraze konpatriyòt Arnel nan Vilaj Dedye: Kote w kanpe?
Ti koze ak sè nou Rheza Boucard sou selebrasyon Klib Zanmi Kiba nan Jakmèl ap prepare pou make 20 lannen prezans Brigad Medikal Kiba lakay nou
Anons
Monday Nov 05, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 5 novanm 2018
Monday Nov 05, 2018
Monday Nov 05, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye frè nou Manno Louizaire ki pèdi manman l nan wikenn nan
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 2 novanm 2018 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nou jete dlo pou gran frè nou konbatan Gerald Bloncourt ki fè travèse li. Lantèman li ap fèt apremidi a nan vil Pari nan peyi Lafrans
Nou pase ti moso vwa Gerald nan yon entèvyou li te fè Weibert Arthus pou Radio Tele Caraibes
Liy ouvè ak oditè yo
Nou ankouraje fanmi nan 42yèm distrik nan Brooklyn ki sitwayen Meriken epi anrejistre pou vote nan pou soti demen al jete yon bilten pou Anthony Beckford pou l ranplase Rodneyse Bichotte nan Albany