Episodes
Tuesday Oct 30, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 30 oktòb 2018
Tuesday Oct 30, 2018
Tuesday Oct 30, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Anons sèvis lantèman gran frè nou Gerald Bloncourt k ap fèt lendi 5 novanm nan vil Pari nan peyi Lafrans
Ti koze (an Angle) ak Anthony Beckford ki kandida anfas Rodneyse Bichotte pou pòs depite pou al reprezante 42nd district nan Brooklyn nan eta New York
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Konsèy elektoral peyi Brezil anonse Jair Bolsonaro genyen eleksyon dimanch la pou prezidan peyi a
-Ajan peyi Arabi Sawoudit sasinen jounalis Jamal Khashoggi anndan konsila peyi sa a nan vil Istanbul nan peyi Latiki
Liy ouvè ak oditè yo
Nou voye senpati nou bay kominote Juif nan Pittsburgh ki pèdi 11 moun nan yon Synagogue anba bal yon blan rasis
Refleksyon nou sou Donald Trump ki di l pran pran yon dekrè pou anpeche pitit imigran san papye ki fèt Ozetazini ta gen estati sitwayen Meriken
Anons
Monday Oct 29, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 29 oktòb 2018
Monday Oct 29, 2018
Monday Oct 29, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou jete dlo pou gran frè nou konbatan Gerald Bloncourt ki fè travèse li
Mizik "Yon Mapou Tonbe": Carole demesmin chante li men se Jean Claude Martineau (Koralen) ki ekri l.
Ranmase sou mwa oktòb 2018 la kòm mwa Kreyòl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Koralen k ap di istwa "Flè Dizè"
Anons
Tuesday Oct 23, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 23 oktòb 2018
Tuesday Oct 23, 2018
Tuesday Oct 23, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Refleksyon nou sou mobilizasyon ki dwe kontinye anndan kou deyò peyi a pou kapote sistèm pouri ki kontinye ap bloke devlopman ak epanouyisman pèp Ayisyen an
Refleksyon nou sou karavàn migran k ap soti nan divès peyi Amerik Santral la pou yo vin mande azil politik Ozetazini
Konbit pou mobilizasyon KOMOKODA devan Konsila Ayisyen an jedi 25 oktòb 2018
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit sou aktivite Flanbwayan Haitian Literacy Project ap fè samdi 27 oktòb la pou selebre Jounen Entènasyonal Kreyòl
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Oct 22, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 22 oktòb 2018
Monday Oct 22, 2018
Monday Oct 22, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Refleksyon nou sou mobilizasyon 17 oktòb 2018 anndan peyi a epi nan dyaspora Ayisyen an
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Ti koze ak frè nou Menès Dejoie sou aktivite k ap fèt nan Brooklyn College wikenn sila a pou selebre Jounen Entènasyonal Kreyòl
Ti koze (an Angle) ak sè nou Kathie Chen sou mobilizasyon "October 22nd Coalition" k ap fèt jodi a pou pwoteste kont maspinay ak sasinay lapolis atravè Etazini
Tuesday Oct 16, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 16 oktòb 2018
Tuesday Oct 16, 2018
Tuesday Oct 16, 2018
Emisyon espesyal pou n mobilize fanmi yo nan zòn Nouyòk la pou kanpe nan solidarite ak lakay nan manifestasyon demen
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Frè nou Frantz Louis resite pwezi "Mèsi Papa Desalin" Feliks Moriso Lewa ekri
Konbit ansanm ak frè nou Fritzner Pierre pou mobilizasyon KOMOKODA nan solidarite ak lakay devan Konsila Ayiti nan NY la mèkredi 17 oktòb 2018
Liy ouvè ak oditè yo
Powèt Toni Lewa resite pwezi li "Desalin, kote w ye?"
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Oct 15, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 15 oktòb 2018
Monday Oct 15, 2018
Monday Oct 15, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit ansanm ak frè nou Fritzner Pierre pou mobilizasyon KOMOKODA nan solidarite ak lakay devan Konsila Ayiti nan NY la mèkredi 17 oktòb 2018
Refleksyon nou sou 15 oktòb 1994, anivèsè retou Titid 3 lannen apre koudeta Meriken/Cedras/Michel Francois a
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi Roc nan zòn Brooklyn nan ki pèdi pitit gason yo Marvin Roc pandan mwa Septanm nan. Lapolis Nouyòk deklare se Marvin ki ta touye tèt li
Konbit ansanm ak frè nou Fritzner Pierre pou mobilizasyon KOMOKODA nan solidarite ak lakay devan Konsila Ayiti nan NY la mèkredi 17 oktòb 2018
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Tuesday Oct 09, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 9 oktòb 2018
Tuesday Oct 09, 2018
Tuesday Oct 09, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nouvèl sou tranblemanntè ki pase lakay nou samdi swa a
Nou jete dlo pou Vanyan Ernesto "Che" Guevara, jodi a fè 51 lannen depi fòs fè nwa yo te koupe souf li
Ti koze ak gran frè nou Ralph Poynter sou anivèsè nesans Lynne Stewart ki jodi a epi sou fundraiser k ap fèt samdi 13 oktòb la pou militan Ramona Afrika ki gen pwoblèm sante
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nouvèl:
-Anbasadè Meriken nan LONI an Nikki Hailey bay demisyon l
-Tribinal nan Kore Disid kondane ansyen Prezidan peyi a Lee Myung-bak pou l pase 15 lannen nan prizon pou koripsyon epi tribinal nan Guatemala kondane ansyen Vis Prezidan peyi sa a Roxana Baldetti ppou l pase 15 an nan prizon pou koripsyon tou
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Oct 08, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 8 oktòb 2018
Monday Oct 08, 2018
Monday Oct 08, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Refleksyon nou sou Goudougoudou ki frape zòn Nòdwès peyi nou samdi swa
Ti koze ak sè nou Ninaj Raoul, responsab Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen sou manifestasyon k ap fèt nan City Hall pou sipòte fanmi nou yo ki genyen TPS
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Nouvèl:
-eleksyon nan peyi Brezil ak peyi Kamewounn yè dimanch lan
-Plizyè eta ak vil Ozetazini deside selebre pèp endijèn yo olye yo selebre Kristòf Kolon jodi a
-Kongrè Meriken an sètifye kaka kleren epi predatè seksyèl Brett Kavanaugh kòm jij nan pi gwo tribinal peyi a
Anons
Li pa nòmal pou nan lannen 2018 sosyete Ayisyen an ap sitire epi fè dilatwa sou vyolans gason kontinye ap fè sou fanm: dosye vyolans kriminèl ki rele Yves Leonard fè sou Nice Simon an
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Oct 02, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 2 oktòb 2018
Tuesday Oct 02, 2018
Tuesday Oct 02, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Jodi 2 oktòb la make 81 lannen depi masak Trujillo 1937 la te derape. Nou jete dlo pou fanmi nou yo ki peri anba men asasen an.
Anons
Ti koze ak frè nou Manuel Dejesus Dandre sou masak Trujillo a epi sou anivèsè 5 lannen depi tribinal konstitisyonèl nan Repiblik Dominikèn te pran desizyon ki di pitit Ayisyen ki fèt sou tè Dominiken depi 1929 pa Dominiken ankò
Administrasyon Donald Trump lan pwopoze pou l ta met pikan kwennan nan chimen imigran ki te jwenn sipò gouvènman epi k ap chache regilarize estati yo oswa vin sitwayen Meriken
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Oct 01, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi Premye Oktòb 2018
Monday Oct 01, 2018
Monday Oct 01, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Anrejistreman pwezi sou Janjak Desalin frè nou Frantz Louis ekri epi resite nan Vandredi Anba Tonnèl la
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Rapò ak son mobilizasyon Kolektif 7 jiyè 2018 ak KOMOKODA fè pandan semèn pase a pou bloke Ti Kouyon Jovenel Moise tout kote l pase pandan l nan zòn NY la
Prezidan Nicolas Maduro te fè yon debakman sanzatann nan rankont Prezidan Kiben an Miguel Diaz Canel nan Harlem ak sipòtè Kiba nan zòn NY lan
Liy ouvè ak oditè yo